Active TopicsActive Topics  Display List of Forum MembersMemberlist  Search The ForumSearch  HelpHelp  RegisterRegister  LoginLogin
Select language   
Ecrivez vos commentaires ici!!!
Subject Topic: Au nom des enfants
 MOUN French, Portuguese, Spanish, Creole FORUM : Ecrivez vos commentaires ici!!! Post ReplyPost New Topic
 << Prev Page of 10 Next >>
Author
Message << Prev Topic | Next Topic >>
elise
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 10289
Posted: 2008 Oct 24 at 3:44pm Quote elise


Tout bagay gen limit e ou moun ki korije on ti moun depase limit fèt pou sanksyone, menm jan ak on moun ki kase on bank ou touye on moun. On moun ki pa ka mezire pinisyon akseptab ou ka bay on ti moun pa merite genyen'l.


Sa se vre. 


Malerezman, se aprè ke yon ti moun mouri ou byen soufri gro andikap,  ke opinyon publik kondane paran, dokte, edukater, ajans leta... ki pa te dwe wè siy abu yo depi lontan. 


Leta ki pase lwa pou proyibe punisyon koporel fè sa, non selma pou proteksyon ti moun, men tou pou proteje paran ak kolektvite kote yap evolye.  Leta ki fè sa, tankou sa nan kanton m lan,  mete sevis an plas pou aprann paran yo lot metod ki vreman efektiv pou disipline ti moun.  An fet, sevis umen se gro biz bo isit.  Men, sanble ke arogans, movez fwa, prop endisiplin pa yo... kanpe an kwa sou jujman paran yo.


Kom nou konnen deja, "disiplin" ki komanse avek yon ti tap sou pla men ti moun de tanzantan, ka grandi jiskas ke l tounen gro koud pye anba vant, gro koud baton nan tet, koud rigwaz nan do....  Sa prediktibl lè genyen lot problem kap mine relasyon andan fwaye yo.  Sa rive tou le ni ti moun, ni paran pa ka kontrole enpils yo, e pedi respe youn pou lot.  Kom nou di souvan, pye joumou pa donnen kalbas.


Tout kou fè mal -- plis ou mwens, depandan de sous yo.  Le nou fè yon moun mal li pa ka fe nou konfyans.  E konfyans se poto mitan tout relasyon ki solid. Donk, se pa pou byenet ti moun selman, men pou tout lumanite ke m toujou konseye lot aproch a disiplin. 


Prevenir valant mieux que guerir, je crois que le meilleur choix c'est de garer les batons. 


A ti konprir, tirico ?



__________________
"It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky

Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
Back to Top View elise's Profile Search for other posts by elise
 
tirico
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2008 April 27
Location: Haiti
Posts: 132
Posted: 2008 Oct 24 at 4:14pm Quote tirico

Je konpri ke baton se angrè edikasyon, baton se dlo kap rouze ti plant lan pou fèl grandi e fleri e bay bel ti fwi. Gen on filozof ki te di la trankilite vini di fwè, e la pè di baton.
Back to Top View tirico's Profile Search for other posts by tirico
 
elise
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 10289
Posted: 2008 Oct 24 at 4:53pm Quote elise

M ta renmen konnen sa ki rive filozof sa avek pitit li yo !  Pou jan li te remen la trankilite di simetyer, e la pe dè tonb, m on ti jan sispekt sispekt.   


Si misye genyen disipl kap anseye filozofi sa, yo tout merite pase nan Nuremberg pou krim kont l'umanite ! Sof ou menm, tirico, paske m konen ke se amuze ke w ap amuze w sou do m !


Antouka, reyalite kourant prouve ke li tap viv sou yon lot planet, puiske le mond boulvese tankou la mer en pleine tornade ... byen ke baton pa vle pran yon ti vakans lwen do ti moun. 


An pasan, tirico, kote mounist Baton ?



__________________
"It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky

Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
Back to Top View elise's Profile Search for other posts by elise
 
tirico
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2008 April 27
Location: Haiti
Posts: 132
Posted: 2008 Oct 24 at 5:07pm Quote tirico

Elise baton se on deteran e si on konn sèvi bien ak li, ou ka preske pa janm itilize li, men li bay bon rezilta, ou mèt kwè'm, mwen gen bon prèv vivan. Foto moun sa yo ke ou mete la yo, paran sa yo ke ou otorize yo ou pa otorize yo bay baton wap toujou gen menm rezilta, paske yap toujou domaje ti moun yo, paske yo pat fèt pou gen ti moun. Se de kriminel yo ye ki merite al nan prizon, sispan mele bagay yo, pou nou ka remèt pi bon ti moun nan jenerasyon kap vini yan.


An pasan ou poze'm on kesyon la ke mwen pa ka reponn, se Georges ou webmaster ya ki ta ka reponn ou.


 

Back to Top View tirico's Profile Search for other posts by tirico
 
elise
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 10289
Posted: 2008 Oct 24 at 5:32pm Quote elise

Voyon, tirico, m pa mele bagay yo non; yo ateri sou tablo atansyon m tou mele.  


Imaj ke m afiche la yo supoze alete moun de bonn volonte ke, si yo pa trouve lot metod disiplin depi ti moun yo piti, ti tap ke yo komanse bay ti bebe yo ka rive jiska zak kriminel sa yo kont ti zanj yo ! 


Byen antandu se evidan ke moun ki mutile ti moun sa yo te soufri de deranjman matal.  Se swa yo nan prizon ou byen nan sanatoriom pou moun fou.


M bliye mansyone ke yon seri de gouvenman leta ki rekonet dwa tout kalite malad pou reprodwi tet yo a traver pitit yo merite kondanasyon pou krim kont lumanite tou.  Yo kondane ti inosan yo a fom d abu extrem sa yo, e men a tout kalite maladi tankou SIDA, ak deranjman mantal...


Se pa just ! 


O mwens nou dako sou pwen sa:  Se kriminel ki maltrete pitit yo konsa.  Kravate ou sapate !



__________________
"It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky

Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
Back to Top View elise's Profile Search for other posts by elise
 
foknouchange
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 July 14
Location: United States
Posts: 3542
Posted: 2008 Oct 24 at 8:02pm Quote foknouchange

"Si nou vle ti moun nou yo gen on edikasyon valab, tan zan tan fo li jwen a baton, pi bonè ou sèvi a baton mwens baton lap pran. Sinon se leta ki pral mete baton nan bouda'l e se nan prizon lap fini. Fok ti moun gen on bagay ki fè'l pè pou'l mache dwat. Menm nou menm granmoun gen anpil bagay nou ta fè ke nou pa fè pa paske nou pa te vle fè li men pito pase nou konen gen sanksyon si nou fè'l. Ti moun lontan te gen plis respè e te konpote yo pi bien ke ti moun jodi yo", tirico.


mesye tirico, on ti komante map fe, tanpri pa insultem


se pa pou ti krik ti krak ou bay timoun baton.  baton pa fe elevasyon timoun se santiman timoun lan ave ed paran li.  bali baton se pa ede wap edel epi li pa nan avantaj timoun lan.  le timoun abitye trop ave baton li fel sanwont, baton an vini pa anyin pou li anko.  yo gin on tandans di paran yo pom se zeb la repouse anko.  


timoun se depi le yo ape rale, leve kanpe, mache pou fe yo retire tout move abitid vye defo vye mes manyin lakay yo.  depi yo tou pitit ou ou retire vye defo kriye pou afe moun.  depi yo tou pitit ou fe yo tandew le ou di yo pa fe on bagay fe yo deplase kote yo pa sipoze ye.  atansyon se pa ave baton jan ke tirico ap pale la.


edikasyon on timoun se pa ave baton.

Back to Top View foknouchange's Profile Search for other posts by foknouchange
 
solon
Groupie
Groupie
Avatar

Joined: 2008 Aug 02
Location: Bahamas
Posts: 79
Posted: 2008 Oct 24 at 8:17pm Quote solon

Adyero mwen ta vle dako ak tirico,zafè pa reprimande yon ti moun se literati bann sikolog kap pale ak moun dezilkilibre, mechan malad. Gen yon lekol panse kontrè pou paran koul, ki gen kapasite fonksyonaman bay yon ti moun yon ti fese san  touche REJYON SANSIB LI. SELON EKSPÈ SAYO SE FASON  POU ASWA OTORITE SOU YON SERI TI MOUN IREDIKTIB,


Gen moun kap pale la si kelke bon tap te konn nwi ak touye yo, yo pa tap la ap pale. Nan tradisyon  bon manman ak papa  kelke kout matinèt nan pla men ou nan fès pa te touye ni fè nou chimerik. Okontrè se nan mitan nou genyen tout travayè sosyal, sikolog, ak latriye kap voye bon KONSEY MONTE. Podyab granmoun nou sayo vinn yon kou de veritab kriminèl. 

Back to Top View solon's Profile Search for other posts by solon
 
tirico
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2008 April 27
Location: Haiti
Posts: 132
Posted: 2008 Oct 24 at 8:17pm Quote tirico

mesye tirico, on ti komante map fe, tanpri pa insultem(Foknouchange)


Kouman mwen ta fè insilte'w la? Pou jan wap pale jantiman avè'm lan, map swiv ou lontan sou forum lan e mwen ka di'w ke ou pami pi bel nanm ki gen sou moun.com.


Si'w ou li'm bien mwen di fok gen baton men ak mezi, se pa pou ti krik ti krak pou mete baton sou on ti moun, se lè ou finn eseye tout lot metod yo e fok ou fè'l tande ou pase li on ti bagay.


Foknouchange, san manti, ou pa janm bay youn nan ti moun yo on ti tap lè li fè twop? Reponn mwen sinsèman.


Edikasyon on ti moun fèt ak karès men tou avek severite. Pase on bonn sware.


 

Back to Top View tirico's Profile Search for other posts by tirico
 
foknouchange
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 July 14
Location: United States
Posts: 3542
Posted: 2008 Oct 24 at 8:39pm Quote foknouchange

"Foknouchange, san manti, ou pa janm bay yuon nan ti moun yo on ti tap lè li fè twop? Reponn mwen sinsèman", tirico


moncher mwen pa abitye timoun ak kou, min le ke yo fem neve mwen pa pedi tan tape.  mwen utilize sintiron pou fe presyon.   tout moun konnin pou konfome yo dwat devan sintiron.  sike li arekontinye yo nevem plis mwen bay twa kout sintiron lan pye kap kouri, ave min kap manyin epi yo domi.


atansyon mwen pa di nou abize timoun nou yo.  pale ave yo jantiyman, jan ke tirico di an karese yo, bayo bon ti afeksyon, anmem tan fe ti presyon sou yo.


bon weekend a tout moun


 

Back to Top View foknouchange's Profile Search for other posts by foknouchange
 
elise
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 10289
Posted: 2008 Oct 24 at 10:27pm Quote elise


solon wrote:
  Adyero mwen ta vle dako ak tirico,zafè pa reprimande yon ti moun se literati bann sikolog kap pale ak moun dezilkilibre, mechan malad. Gen yon lekol panse kontrè pou paran koul, ki gen kapasite fonksyonaman bay yon ti moun yon ti fese san  touche REJYON SANSIB LI. SELON EKSPÈ SAYO SE FASON  POU ASWA OTORITE SOU YON SERI TI MOUN IREDIKTIB,


Gen moun kap pale la si kelke bon tap te konn nwi ak touye yo, yo pa tap la ap pale. Nan tradisyon  bon manman ak papa  kelke kout matinèt nan pla men ou nan fès pa te touye ni fè nou chimerik. Okontrè se nan mitan nou genyen tout travayè sosyal, sikolog, ak latriye kap voye bon KONSEY MONTE. Podyab granmoun nou sayo vinn yon kou de veritab kriminèl. 


Solon, se pa tout granmoun ke w ka trenen nan kan malveyans ou a tande frero.   M pa kwe ke m tap kapab tolere yon seri de karatè ke m kwaze sou chemen la vi m,  si m te yon prodwi laboratwa abu fizik ?  An fet, m pa menm konn joure paske m pa te leve nan lobey, kote mo sal, avek jouman abusif tap simaye.  M pa te janm wè paran m k ap leve la men sou okenn pitit fiy yo !  Men, m raple m 2 fwa manm te bay mwen yon ti "tap" sou bouch pou fè m feme l pou rezon banal, men ki dapre li te ensolans;  paske jan ke w wè m pale fran nan forom www.moun.com , se konsa ke m ye depi m piti.  Zot te konn di ke se paske m te toujou lonje dwet sou zetwal filant  ... ki rapo, m pako  janm ka explike sa tout bon.  M te konn fikse soley an eklips tou wi; m plis kwe ke se sa k fè otorite ak afluans lezom pa eblouyi m fasilman. Men m ka afime ke sa vrman afekte vizyon m. 


M pa wè pouki sa granmoun bezwen baton pou afime otorite yo sou ti moun.  Ki koze sa ?  Ou pa supoze bezwen baton ni rigwaz, ni men w pou yon ti moun obeyi w.   M fè experyans sa ase souvan dan la vi :  Ti moun pa gen problem repon a moun ke yo renmen, fe konfyans, e respekte.  Depi yon ti moun lan konnen ke w renmen li tout bon, ke w ap toujou la pou proteje l -- menm si se pa toujou posibl -- ke li ka fe w konfyans pou pran swen li ler li malad, ler la perez ap vale teren, ler l ap bay ti resital ou byen jwe nan ti teyat lekol, ler lap bay gol ou byen fe bon pass nan stadiom... le l ap resevwa diplom, setifika, meday... li pap janm fè wont, avili w, desonore w avek lot manb famiy li  volonterman. 


Malerezman, tro souvan trop paran okupe, preokupe, chagrine, raze, strese, malad, debode avek sousi finansye, okupasyon profesyonel.  Tan yo tro presye; pitit pa gen plas d'oner nan ekzistans yo, byen ke se pou yo ke yo ka kite preke tout fwi travay yo. 


Pesonelman, yon ti moun genyen otan otorite moral sou mwen ke yon prezidan wi. Yo merite egalman proteksyon tout moun nan antouraj yo. 


Bonswar !



__________________
"It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky

Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
Back to Top View elise's Profile Search for other posts by elise
 
solon
Groupie
Groupie
Avatar

Joined: 2008 Aug 02
Location: Bahamas
Posts: 79
Posted: 2008 Oct 24 at 11:02pm Quote solon

SANS COMMENTAIRES


La fessé comme moyen discipliner les enfants


format .pdf  (1.65MB) 


La fessée est une forme de punition corporelle, qui consiste à donner des coups à un enfant. Les parents comme les experts ont des opinions différentes sur la fessée comme moyen approprié de discipliner ou punir un enfant. Ce document a pour but d’expliquer les récentes décisions judiciaires concernant la punition corporelle dans l’éducation des enfants par les parents et les gardiens. Il s’agit d’informer les gens de façon générale sur les punitions corporelles données aux enfants et sur l’aide qu’offre l’article 43 du Code criminel du Canada. Simple source d’information, ce dépliant ne contient pas un énoncé complet de la loi sur la question, d’autant plus qu’on peut toujours y apporter des changements. Toute personne qui a besoin de conseils précis par rapport à l’application de la loi et sur sa situation devrait prendre rendez-vous avec un avocat ou une avocate.


Est-ce contraire à la loi de donner la fessée aux enfants?



Selon la loi, se servir de la force pour corriger la conduite d’un enfant n’est pas un abus, du moment que c’est raisonnable. L’article 43 du Code criminel du Canada protège les droits des parents, des substituts des parents et des enseignants qui ont utilisé la force physique pour corriger la conduite d’un enfant dont ils avaient la charge et qui sont accusés d’agression physique. L’article 43 du Code criminel du Canada est communément appelé l’article de la fessée.



43. Tout instituteur, père ou mère, ou toute personne qui remplace le père ou la mère, est fondé à employer la force pour corriger un élève ou un enfant, selon le cas, confié à ses soins, pourvu que la force ne dépasse pas la mesure raisonnable dans les circonstances.


Code criminel du Canada



Est-ce que la punition corporelle est la bonne méthode à utiliser?



Pas nécessairement. La ligne est mince entre la fessée et le mauvais traitement physique fait à un enfant. Si la force utilisée devient abusive, dangereuse ou dégradante, il pourrait y avoir comme conséquence une accusation au criminel ou une enquête pour la protection de l’enfant. Il est déjà arrivé que des parents ou des enseignants soient accusés d’agression pour avoir donné une fessée, ou employé d’autres formes de punitions sur un enfant. Ces dernières années, bon nombre de provinces ont intégré à leurs lois sur l’éducation la stricte interdiction aux enseignants d’utiliser la force physique envers les élèves.



Est-ce que l’article 43 du Code criminel a été contesté en justice?



Oui, la Canadian Foundation for Children, Youth and the Law a contesté la constitutionnalité de l’article 43 devant un tribunal ontarien. En juillet 2000, cet article a été maintenu et le juge a rejeté la demande. La Canadian Foundation for Children, Youth and the Law a alors fait appel à la Cour d’appel de l’Ontario qui, en septembre 2001, a confirmé la constitutionnalité de l’article en question. La décision a ensuite été portée devant la Cour suprême du Canada, le plus haut tribunal du pays. Son rôle est d’établir les normes que tous les autres tribunaux du pays doivent appliquer dans leurs décisions. Elle entend les appels à propos de décisions de tribunaux inférieurs et répond aux questions d’intérêt public.



Le 9 janvier 2004, la Cour suprême du Canada a rendu sa décision dans l’affaire Canadian Foundation for Children, Youth and the Law c. Canada (Procureur général). L’enjeu du plus haut tribunal du pays n’était pas de décider si les châtiments corporels étaient bons ou mauvais, mais plutôt si cet article ne respectait pas les droits de l’enfant concernant sa sécurité. La Cour a décidé que l’article 43 du Code criminel ne contrevenait pas à l’article 7 de la Charte canadienne des droits et libertés. Cependant, dans sa décision, la Cour a établi que l’emploi de la force devait se limiter à des mesures de correction qui sont dans l’intérêt véritable de l’enfant.



Comment la Cour suprême a-t-elle limité l’emploi de la force comme mesure de correction?



La Cour suprême du Canada a déclaré que la force doit :



·         servir à des fins d’éducation ou de discipline;


·         se limiter à la restriction, au contrôle ou à l’expression verbale de la désapprobation de la conduite;


·         être utilisée seulement envers un enfant capable de comprendre la correction. Autrement dit, des facteurs comme l’âge de l’enfant et une incapacité influenceront sa capacité à tirer un enseignement de l’usage de la force;


·         être « raisonnable dans les circonstances » et toujours tenir compte de la dignité humaine.



Qu’est-ce qui est considéré comme une force raisonnable?



Étant donné que les termes « raisonnable dans les circonstances » sont larges, la Cour suprême du Canada a créé une définition de la discipline de l’enfant. Elle l’a interprétée comme étant une « force corrective mineure » de courte durée et sans danger. Le test à appliquer lorsqu’on évalue si l’usage de la force est raisonnable doit être objectif. La norme ou le test du caractère raisonnable doivent être bien compris et d’utilisation fréquente dans le système de justice pénale canadien. Les conseils d’experts et le consensus social sur ce qui est raisonnable peuvent réduire le danger de décisions arbitraires et subjectives.



La Cour a-t-elle défini les limites de ce qui est raisonnable?



La Cour a déterminé que les points suivants ne sont pas raisonnables :



·         Frapper un enfant de moins de deux ans. C’est mauvais et dangereux. Dans le cas de très jeunes enfants, même une légère fessée n’a aucune valeur et peut détruire son sens de la sécurité et son estime de soi. Un enfant de moins de deux ans n’a pas la capacité de comprendre pourquoi il est frappé.


·         Les punitions corporelles des adolescents. Elles ne sont pas utiles et sont potentiellement nocives. Elles ne donnent qu’une obéissance à court terme et risquent de buter les jeunes contre la société et de susciter un comportement agressif ou antisocial.


·         Les punitions corporelles au moyen d’objets, tels que des ceintures, des règles, etc. Elles sont potentiellement dangereuses tant physiquement que mentalement et ne devraient pas être tolérées.


·         Les gifles ou les coups à la tête.


·         Les traitements dégradants ou inhumains.


·         Les punitions corporelles causant des blessures – causer des blessures constitue un mauvais traitement à l’égard des enfants.


En ce qui concerne les enseignants, la Cour a déclaré qu’ils pouvaient raisonnablement



·         « employer la force pour expulser un enfant de la classe ou pour assurer le respect de directives, mais pas simplement pour infliger une punition corporelle à un enfant. […] On ajoute à cela l’exigence que la conduite vise à infliger une correction, ce qui exclut la conduite résultant de la frustration, de l’emportement ou du tempérament violent du gardien […] ».



Où trouver d’autres renseignements sur ce sujet?


Le présent dépliant a pour but de fournir de l’information générale. Les personnes qui veulent en savoir plus sur des châtiments corporels peuvent consulter Pourquoi faut-il éviter de donner la fessée? – Fiche de renseignements sur les pratiques parentales positives, ( http://www.phac-aspc.gc.ca/dca-dea/publications/spanking_f.h tml), publié par Santé Canada en 2004. Ce dépliant donne quelques conseils sur la façon de discipliner les enfants sans avoir recours à la fessée.



Les personnes qui veulent en savoir plus sur les arguments présentés par chacune des parties en cause peuvent consulter le jugement Canadian Foundation for Children, Youth and the Law c. Canada (Procureur général) est en ligne à : http://scc.lexum.umontreal.ca/fr/2004/2004csc4/2004csc4.html.




Le Service public d’éducation et d’information juridiques du Nouveau‑Brunswick (SPEIJ‑NB) est un organisme à but non lucratif qui a pour objectif de fournir à la population du Nouveau‑Brunswick de l’information en matière juridique. Il bénéficie du financement et de l’appui non financier du ministère de la Justice du Canada, de la Fondation pour l’avancement du droit au Nouveau-Brunswick et du ministère de la Justice et de la Consommation du Nouveau‑Brunswick du Nouveau-Brunswick.


Publié par : Service public d’éducation et d’information juridiques du Nouveau-Brunswick


C.P. 6000


Fredericton (N.-B.)


E3B 5H1
Tél. : 506 453-5369


Fax : 506 462-5193


www.legal-info-legale.nb.ca


septembre 2007
ISBN : 978-1-55369-936-5


Back to Top

Back to Top View solon's Profile Search for other posts by solon
 
dilibon
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 7406
Posted: 2008 Oct 25 at 9:32am Quote dilibon

Mezanmi mwen li sa tout moun ekri sou zafe bay timoun baton e denye post la demontre sa lalwa nan peyi Kanada di! Kom si depi Kanada ou byen Etazini finn pale nou menm aysien se pwan sa kom pilil epi vale li san di youn mo!


Majorite moun kap opine mwen vle kwe te konn pwan baton kom metod disiplinn e tandans imenn se kopye sa yo pense ki mashe ki fe yo tounen sikse ke yo ye jodya. men sa anpil pa konpwann saw pa konnen ou pa ka evalye sa. Menm si nou we nou sanble moun ki byen edike, byen balanse, ki genyen pwop fanmi nou, ki pa fini nan pwizon nou pa ka evalye tet nou pou nou reyalize enpak sikolojik baton kite nan konsyans nou ak nan sibkonsyan nou.


Kom youn moun kite pwan baton kom metod pou yo leve mwen, kom mwen fe 5 lane ap travay pou sevis sosyal nan NYC, Kom youn edikate pase plis 15 zan, mwen pense ke mwen genyen youn ti kras lotorite nan kesyon an pou mwen di ke PA GENYEN OKENN KONDISYON NI REZON ki ka eksplike baton kom metod pou edike youn timoun.


Baton, menm senp tap nan deye, se youn atak a pesonalite timoun, li kite tras ki pap janm efase anko. Koman fe nou ka pense ke nou ka redrese youn moun ak vyolans kan nou konnen vyolans jenere vyolans, youn sikl enfenal ki pap janm fini!


Le nou gade listwa aysien an menm kote se ak vyolans yo te leve ti neg dafrik le yo te nan lesklavaj, li vinn pi enpotan pou nou kanpe sikl vyolans nan kap repwodwi nan peyi depi plis pase 200 lane!


Nan eksperyans mwen tout tan fanmi yo genyen mwens resous, tout tan yo pi pov, plis yo te leve nan baton, tout tan fanmi yo mwens edike se plis tendans yo genyen pou reyaji ak vyolans, ak baton kom moyen pou edike timoun. Timoun yo se moun tankou nou, yo rive nan youn espas etranje, genyen tut fason pou montre koman pou yo viv san jame ekzese vyolans.


Se youn sije ki tre kontrevese nan milye aysien an. E mwen konprnan ke anpil moun pap vle dako menm si yo ta we se verite paske ansyenn koutim mal pou efase nan konsyans nou. Nan youn lekol mwen genyen an Ayiti ki di pa genyen baton kap itilize nan okenn sikonstans pou edike timoun, genyen paran ki prefere mete timoun yo nan lot lekol paske yo kwe ke okenn timoun pa ka aprann san baton. Paran yo twouve ke li fe sans pou pemet pwofese ki gendwa mal manje, genyen pwoblem ak kamyonet, raze pou genyen dwa pase raj yo sou timoun yo. Paran yo kwe ke lekol la genyen tout dwa sou timoun yo, yo abandone timoun yo sou bonn fwa edikate kan nou konnen kisa kek pwofese, direkte lekol, ak lot staff nan lekol konn fe sou timoun!


San baton, lekol la toujou rete pwop, pa genyen odinate ki kraze ke nan sevis nomal yo, pa genyen plis bwi pase kote ki bay baton yo.


Mwen di se youn ensifisans mental ki fe youn moun ki di yo renmen youn timoun ki deside bat li pou ede li vanse nan lavi! Menm jan se youn ensifisans mental e entelektyel ki fe youn gaosn soti pou bat madanm li! Mwen kont vyolans sou nenpot fom andedan lafanmi! oH WI MWEN BAT OU PASKE MWEN RENMEN'W KIJAN DE RENMEN SA YE MEZANMI!

Back to Top View dilibon's Profile Search for other posts by dilibon
 
solon
Groupie
Groupie
Avatar

Joined: 2008 Aug 02
Location: Bahamas
Posts: 79
Posted: 2008 Oct 25 at 11:59am Quote solon

Swit entèvanyon Tirico ki montre l kouraje pou di yon ti chatiman pou yon ti moun trè swetab. Mwen te pwofite pou mete an gad zafè kriminalize  paran ekilibre, ki renmen ak pran swen ti moun yo. Sa map di la mwen temwen anpil abi , alos pou dako ak move tretman fizik yon ti moun se krim. Se pa pou ryen se bon komisyon ak ekspè kalifye nan domenn sa ki ankadre lejislatè Kanadyen  pou atik ki dekriminalize fese pou yon ti moun ki byen ankadre. Se yon peyi rekoni pou pwoteksyon ak dwa ti moun. Dayè kote se fasilman yo mete yon jenn adolesan jouk avann 18 lane nan prizon durrrr jiska prezan se yon politik reyentegrasyon kap mennen ak jenn konsa nan Kanada. Non bayo gwo penn prizon kontreman Ozeta ti nèg nwa ak latino mwens 18 lane ap kwoupi nan move prizon.


Map pran an egzanp mwen  menm Solon ti moun poko adolesan. Sa m aprann nan fanmy mwen se mwen ak yon dezyèm frè ki te resevwa ti chatiman pou mete dlo nan viven nou. Premye pitit gason te yon moun koul, efase. Denyè pitit fiy se jwayo kouronn, moun koul se te preske yon moun ki kole ak yon ekip relijyèz depi anfans li ki preske dezyèm fanmy li. Se edikasyon moun konsa ki plis gid li.


Ki moun Solon te ye avan adolesans li se yon gason vif. ki bouje anpil ekspotif o bout. Se te yon moun ki kwè nan ekip zanmi l , renmen aktivite fizik ak plen err. O pwen ke mwen toujou an reta apre lekol. Solon te gen yon pasyon ak zanmi l se te repwodiksyon batay Vètyè   kote bon kout baton, lit, bon kout pwen ap voye. Solon te yon ti moun telman renmen risk li pa pè konfronte chyen mechan yo rele boul dog ki flanke l plizyè mosi.


Denyè trouvay Solon ti moun se glise nan yon poto eletrik lè li soti nan teren prive Kolej notre Dam apre yon pati foutbol ak zanmi li. Nan yon sitiyasyon konsa manman ki renmen pitit l anpil pale  ak Solon mande, gran frè m mwen renmen anpil pale ak mwen pou pran prekosyon.


Kanta papa m se apwoch syantifik ekspè kite pitit li nan devlopman l. Pa nwi  li ni anpeche l evolye komsadwa. Se konsa apre plizyè rekomandasyon pou Solon pa glise nan poto elektrik, yon jouda di manman m Solon nan glise toujou sou poto elèktrik sa. Manman di ti gason setase  map sètoblje kale w, pou fè w konprann mwen pa dako avè w. Se te premye fwa rico resevwa yon fese Manman ki di pitit pito m fè w kriye olye m lese w pase a lenfinitif. Chak fwa w glise nan poto eletrik sa wap resevwa yon chatiman.  Solon pa renmen eksperyans sa. Paske ti moun se pa kèlke ti kou nan bounda ki deranje m.


Men se te vizaj manman m ki vreman tris se premye fwa mwen santi m fè li mal, deranje l. O pwen mwen di manman eske li rayi mwen. Li te tonbe kriye pou di pitit non, tou senpleman mwen pa vle tande yo di w mouri sou poto elektrik sa.Map tou mouri tou. Sa vinn chèche m, li reveye m. O pwen mwen pale ak zanmi m yo se vye chans nap pran. Mwen rive enfliyanse plizyè men pa tout.


Yon dimanch maten se anmwe, anmwe saki rive yon zanmi Solon menm laj 10  lane elektrokite sou poto elèktrik  ak tout ti kostim blan li apre yon ti lapli. Solon jou sa   te refize monte sou teren chak dimanch apre lamès. Sitou se toujou plenyen manman  koman kostim blan fè sal konsa.  Se konsa yo enskri m nan pratik espo, enskri nan za masyo, lit pou soti enèji lakay mwen. Se te tout swit yon long pwosesis ak mwen ki te yon ti moun trè fizik ki te bezwen bon defoulman. Alos mwen di gen sitiyasyon tankou lejislatè kanadyen yo ki byen saj, genyen 2 pye sou tè, pou fè la pa dè choz. Zafè refize moun responsab. ki gen lamou pou pitit yo gen yon zouti an plis pou fè edikasyon ti moun yo. Byen ankadre mezi sayo alos mwen pa wè kote gen pwoblèm nan sitiyasyon konsa.

Back to Top View solon's Profile Search for other posts by solon
 
elise
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 10289
Posted: 2008 Oct 25 at 5:59pm Quote elise


Sa se yon bel ilustrasyon Solon...  yon istwa ki touche vye ker a m.  Se sa ke m te toujou renmen avek Rico; e vwala ke w resisite l'espri du mor .


Men, te m mande w:


1)  Eske si w te genyen opotunite pou obseve danje elektrisite nan laboratwa lekol pou ti moun laj ou; e


2) si w te genyen opotunite pou patisipe nan aktivite spotiv, nan yon kadr byen strukture, depi ke w te demontre enterè w a traver konpotman iper-actif kom jenn ti gason an bonn sante fizik,


eske w pa kwe ke ti manman cheri w la pa tap oblije pase w anba malsite koud baton pou fose w sispan pran match daso, e sutou ede w prevwa danje nan fil elektrik pou w te ka proteje tet a w ?


Mank de mwayen finansye avek opotunite pou aktivite konstruktiv ka byen ogmante utilizasyon metod erone e inapropriye nan disipline timoun nan tout nivo.  Sa pa etonan nan yon peyi kap anvlope dan la mizè. 


Sepandan, sa ki etonan, e ki ki konsenan pou mwen, se ke  punisyon koporel rete yon aproch naturel nan mantalite kolektivite nan tout kouch sosyal, menm nan gro peyi kote rechech an syans umen se gro biznis !


Le m di sa se pa manti ni dramatizasyon non:  Tet mwen vire tout bon wi lè m imajine moun kap bat ti moun !  Pou mwen se youn nan pi gro mal ke nou ka fe lumanite. 


Kom mwen renmen di, la peur forcee paralyse les elans createurs.  Sa sabote relasyon nomal nan tout selul yon sosyete. 


Ensten naturel ti moun k ap devlope nomalman deja prepare yo pou pesevwa seten danje.  Se sa k fè, menm avan yo gen 1an d'aj, yo gentan pè tenèb avek bwi ki pa familye.  Donk, grandet pa bezwen tounen yon sous la perez pou prop pitit yo.  Sa pa fè okenn sans pou mwen.


Eske li pa pi fasil pou nou swiv volonterman yon moun ke nou respekte e fè konfyans, ke yon lot ki fè nou per avek menas ?  An fet, le ti moun nou yo pran la fwit a koz de maltretman o fwaye familyal, yo souvan tonbe nan kabann avek tout kalite vermin biped ki utilize ratye  bel promes afeksyon, avantur, direksyon, supor, atansyon, proteksyon, nouritu, lojman... pou atrape yo.   


Mache lanmou krizokal pa janm fème, paske chak jenerasyon mennen plis kliyan ke sa avan pou tout kalite chimer.  


Sikonstans nan la vi pesonel yo, ki ankre nan yon pase ki chaje avek troma psikolojik, fè ke anpil paran kontinye ap utilize gro fos ki detwi la vi pitit yo; e sa prouve nan tout peyi kote rechech sou relasyon umenn ap fet depi lontan ! 


Moun pa bezwen konn pran koud baton pou reyalize ke sa fè mal.  Le nou gade repotaj sou vyolans avek soufrans fizik dan le mond, lyen ki uni lumanite fose nou konnen ke nou ka reyaji menm jan avek viktim vyolans fizik, mantal, sexyel e emosyonel, kelke swa sikonstans yo. 


Permet mwen repete:  La douleur n'est d'aucune race, d'aucune classe, d'aucune religion... Elle est simplement humaine.  Sa fè ker an m dechire pou tout moun ki te pran bastonad nan anfans yo, sutou tirico. 


Nou menm ki suviv fwetaj -- ki chita nan kadr vyolans domestik -- nou ta dwe sonje konbyen koud baton fè anpil mal. 


Nan 21yèm syekl sa, nou te dwe deja konnen ke moun ki renmen tout bon, naturelman, pa fe okenn moun ke yo renmen vreman mal... pa delibereman.  Kou fè mal anpil.  Donk, m panse ke nou dwe fouye pi fon nan konsyans nou pou nou jwen vre rezon ki fe nou kwe ke bat ti moun se yon bonn fason pou fome karakter yo.  


Nou genyen yon peyi kote kwayans avek pratik punisyon koporel se la norme.  Si nou vle, pran tan revizite pil imaj de Ayiti sou entenet la, e vin di nou si se yon peyi ki peple e dirije pa moun ki nomal sou echel univesel nan domenn evolusyon sosyal. 


Chef gouvèman lakay genyen anpil travay devan yo sou tout fron; men, nan pwen youn ki pi enpotan ke fron familyal la !  Si nou rive gaye en pe batay nan nivo sa, nou gen plis chans pou gaye la ger kont la fayit total, kapital... nan kelke dekad.


An nou komanse planifye pou sa.


Bonne nuit et bon wikend a tous !



__________________
"It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky

Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
Back to Top View elise's Profile Search for other posts by elise
 
elise
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 10289
Posted: 2008 Oct 25 at 6:02pm Quote elise

 


Chapo pou Met Dilibon !


  



__________________
"It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky

Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
Back to Top View elise's Profile Search for other posts by elise
 
dilibon
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 7406
Posted: 2008 Oct 26 at 1:39pm Quote dilibon

Mwen reflechi sou zafe bat timoun pou pini pou li pa rekomanse move ajisman li, pou byen timoun nan, pou korije li youn fason ke li pap janm bliye e ke li pap rekomanse move ajisman ke li fe malgre yo di li non li pa tande pa konsekan kale derye li pou li ka tande! Mwen reflechi e mwen pa ka jwenn okenn rezon ki ka jistifye konpotman sa’a. E poutan bat timoun anpil moun ka panse ke aksoyn retrograde sa’a rezeve patikilyeman ak peyi pov, a peyi ki manke ledikasyon selman, he byen non, statistic yo demontre ke 90% timoun nan peyi ameriken fe ekperyans ak pinisyon sou ko yo omwen youn fwa nan lavi yo malgre ke tout evidans la ke bat timoun koze plis mal ke byen. Le paran ak moun kap leve timoun bat timoun li atake dignite timoun, li make timoun nana vi epi timoun sa’a jiskaske li granmoun pral demontre plis agresivite ak sign depresyon. Men anpil paran pa tande e pa vle tande mesaj sila’a. Genyen menm kek moun ki vle demontre ke baton te anpeshe yo tonbe nan move ajisman kite ka menase lavi yo. Genyen anpil moun ke yo te konn bat ki panse ke se baton ki premye koz, ki remed ki eksplike sikse yon an lavi jodya e yo vle kontinye menm system nan sou timoun ap yo tou pou yo ka soti “bon”.


Fok nou di genyen etid ki demontre ke bat timoun le yo piti “youn fason rezonab”, youn fason ki pa kite mak sou timoun nan pa kite okenn mak sikolojik sou timoun nan le li vinn gran. Okontre, timoun nan bliye kou’a fasilman, aprann de evenman sa’a, reveye konsyans li sou move ajisman ke li pa dwe rekomanse. Genyen anpil syantis di yo we timoun kit e pwan baton pi ekilibre. E nan peyi dayiti paran yodi pito timoun nan kriye jodya tan pou li kriye demen. Si yo pa bat li se lapolis ak prizonye ki pwal korije pita e le sa paran yo se yo ki pwal kriye, blame tet yo, pense si yo te korije timoun nan pi di ak kou sa pa ta rive la jodya. Men eske se sel altenativ ki eksiste pou ede timoun konpwann konpotman ki byen ak sa kip a akseptab nan sosyete’a ?


Nou remake e tout chif demontre ke fanmi nwa, fanmi minorite an jeneral, bat timoun plis ke blan epoutan genyen plis minorite ki fini nan prizon pa rapo ak nwa ? Eske se diskriminasyon sosyal ki reprime minorite plis ke blan ou byen baton an paf e travay ke paran yo espere baton ka fe pa korek ?


Le youn paran lage timoun nan laj 3 a 7 tan pou ke direkte lekol, konseye, antrene, pwofese ak lot moun kap travay ak timoun pou gen dwa bat yo koman yo ka rive kontwole ki baton ki rezonab ak sa ki ka konsidere kom abi sou timoun nan kip a gneyen okenn moyen de defans ou menm pou eksprime doule li santi anba baton ? Mwen pense ke menm si bat timoun « youn fason rezonab » ta legal se youn bagay pou tout moun ta cheche dekouraje paske sa kite mak ki pap janm geri nan sante mental timoun nan jiskaske li gran, li ka pa grandi menm jan ak lot timoun parey li, sa ka reflete nan jwet li, nan reaction li e sa ka lakoz youn santiman etenel de viktim ki pral rekreye. Baton ak lot metod kriyel ki degrade dignite timoun nan kite oyun move impression nan sevel timoun, menm le timoun temoin lot timoun kap pwan kou sa fe yo pedi konfyans nan moun kap bat la. Renmen timoun nan demontre a moun sa’a melanje ak youn terreur, ak youn santiman laprez kashe ki konfonn li menm nan relation ak zanmi li, ak partne li demen, e ak tout fom otorite pi devan.


Baton kreye youn paket twoublay kay youn timoun, youn moun li renmen deside fe li mal pou byen li! Li santi li imilye, li santi li degrade, pafwa li konn menm cheche blese tet li apre baton an. Le baton tounen youn routinn timoun lakay konn di eh byen deye mwen se zeb la pouse. Sa vle di yap kontinye menm konpotman an, yo atann a baton a, yod ako pwan li ak kouraj san yo pa vreman chanje ! Baton fe timoun nan fristre, li lage timoun nan nan youn kondisyon chimerik, yo santi ke yo pa genyen consolasyon, ni sipo nan aksyon sa’a. Yo santi ke paran yo trayi yo, yo twouve fos sa’a pi fo pase ajisman yo te fe’a e yo pa genyen absoliman okenn faosn pou eksprime vre santiman yo. E nan ka pam, apre baton an se mwen ki pou te vinn mande padon pou sam te fe epi poum pwomet poum pa janm rekomanse !


Imajine ou vekse, youn santi ke ou « hurt », ou imilye devan fos coercion, ou vekse, ou santi ke parna ou trayi ou, kraze dignite w epoutan se ou ki pou fe amende honorable. Alo kisa violans nan reprezante pou timoun sa’a ? Represyon se youn bon bagay, se sel manye pou korije move ajisman, pou goumen ak moun kipa dako ak ou ; pei le ou « hurt » youn lot moun ou ka femen konsyans ou nan youn sak paske se pou byen moun kip a dako ak opinyon w nan. Dapre mwen pi bel metod pou fome, moulen dictate se itilize baton!


Genyen neg ki di genyen fanm ki pa ka mashe san baton! Sa’a mwen pap menm pedi tan sou sa. Si mwen kont baton pou timoun ak bet mwen app janm dako ak youn radotri konsa. Younneg kip a respekte youn fanm se kle ke li pa respekte manman kite fel la. E fanm ki renmen baton se paske yo te konn bat li lakay li, se ede li konprann ke li pa dwe desann nan nivo pou okenn moun bat anvan li chanje de konpotman!

Back to Top View dilibon's Profile Search for other posts by dilibon
 
elise
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 10289
Posted: 2008 Oct 26 at 4:45pm Quote elise


Baton ak lot metod kriyel ki degrade dignite timoun nan kite oyun move impression nan sevel timoun, menm le timoun temoin lot timoun kap pwan kou sa fe yo pedi konfyans nan moun kap bat la. (Dilibon)


AMEN, AMEN, AMEN ! Sa fè eko a vwa pa mwen ! 


Donk, zanmi yo topik sila pa youn ke nou ta dwe rejte si nou vle planifye yon avni miyo pou projenitu nou.


La plupa moun ki peple kolektivite ke nou rele Ayiti rete tromatize telman yo abruti anba baton avek abu vebal depi yo piti.  Ayiti anba koud pye depi li te rele St. Domingue nan epok esklavaj. 


Donk se pa etonan ke tout antite ki eseye pote li sekou pa ka reysi ede ti peyi nou an. Se konsa pou foster paran  pou ti moun ki nan men leta meriken:  Anpil gen bonn volonte, men yon seri de ti moun telman subi move tretman ki deraye sistem neve yo, ke se difisil pou ede yo, menm avek medikaman. 


Se sutou yo ki peple santr pou delenkan yo  avek sana pou malad mantal.  Se yo tou, ki nan laj adult, ap terorize le mond -- nan fwaye yo, nan buro yo, nan klub yo... menm nan legliz, synagog, tanpl, hounfo. 


Akseptasyon maltretman telman ankre nan zantray pep ayisyen, ke li pemet tout gouvenman chimerik pran roulib sou vant ak sou do li.  Menm jan nou we anpil moun chwazi menaj/epou ki raple yo manman avk papa yo -- kelke swa tretman ke yo te resevwa de paran yo -- se konsa sitwayen lakay chwazi chef. 


Rezulta yo similier:  Dirijan explwate pep la konstaman; yo prostitye li pou anrichi tet yo;  yo kultive koronpsyon nan zantray li; yo neglije moun ki plis vulnerab; yo sabote avansman moun ki gen potansyel; yo dilapite tout resous peyi a... san sousi pou prop byenet yo.


Populasyon la rete pasiv ou byen li pa janm reyaji nan avantaj li kom sa dwa.  Le pli souvan, li pa menm panse a dwa li pou reyaji puiske li konprann ke se nomal... ke sè kom sa ke lè choz son ye tou patou 


Sa ki grav la se ke menm sitwayen ki pran gro promosyon sosyal e ale gani tet elit politik, entelektyel, relijyez, sosyal ... nou yo pran nan pelen sou-devlopman ki kenbe peyi tet anba nan antonwa la mizer, paske  anpil nan yo soti nan famiy ki pa te utilize lot metod disiplin ke baton, sapat, fwet avek jouman ki degrade umanite yo. 


Anpil moun kontinye di ke ti moun se ti bet !  Men mande tet nou:  eske kalbas donen sou pye joumou an Ayiti ? 


Nan kanton m lan, yo te deside depi lontan ke bet merite proteksyon kont maltretman ak neglijans, paske yo itil lumanite, e yo pa toujou ka proteje tet yo kont kouzen biped yo.  Sa ki drol la, se ke se te a pati de dekrè an faver dez anmimo ke leta te elabore lwa pou proteksyon ti moun.


M priye nou, fè efo pou trete "ti bet" nou yo avek tandres, en pe menm fason avek sèn sou foto sa:



(Source:  Topic: dégâts des ouragans évalués à un milliard by HH1  http://www.moun.com/forum4/forum_posts.asp?TID=14509&PN= 1)



__________________
"It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky

Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
Back to Top View elise's Profile Search for other posts by elise
 
foknouchange
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 July 14
Location: United States
Posts: 3542
Posted: 2008 Oct 27 at 6:35pm Quote foknouchange

Back to Top View foknouchange's Profile Search for other posts by foknouchange
 
veyeyo
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 28
Location: Haiti
Posts: 505
Posted: 2008 Oct 28 at 3:04pm Quote veyeyo

TI FOK SE PREMIE FOI DEPI'M AP VINI ISIT LA KE'W ANTAME YON CONVERSATION SOU K'ON SE YON ETRE HUMAIN , MA CHERE MWEN TELMAN SEZI SE THEE VERVEINE MWEN FE YO FE POU MWEN WI ,MEN SEPANDAN OU DI JAN MANMAN'W TE KO'N PRAN'W AK KALOT,KOUT DE PYE FRAPPE'W NAN MURAY KOUPE CHEVEUX'W MALGRE KE'W PAT JAN'M GEN YON BRANCH PWEL SOU DO TETE OU ,MEN OU PA JAN'M DI POUKI, SI SE PASKE'W TE VOLER VERMINE OU BIEN YON TI DERZODONE,ANYWAY TI MAFI MWEN PATA SWETE'W KE'W LEVE TI MOUN OU YO NAN MEN'M KONDITION SA YO, MA PRIE POU WOU TANDE SE KOUNIEA MWEN REUSI KONPRAN PROBLEM OU ISIT LA OU SOTI LWEN,SI'W TA VLE JWEN YON BON PSYCHIATRE LE'W RANTRE PORT O PRINS ,PA HESITE FE'M KONEN WA VA JWEN SWEN GRATIS .
Back to Top View veyeyo's Profile Search for other posts by veyeyo
 
dilibon
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 7406
Posted: 2008 Oct 28 at 4:51pm Quote dilibon

Mwen regret li eksperyans ou- mwen swete ke ou ka depase pa evenman sa yo pou w ka kontinye sik vyolans nan sou ti lezanj nou yo!


Men nan napil sityasyon se sityasyon ekonomik - mank edikasyon - ak maladi mental se toujou 3 gwo rezon sa yo ki eksplike sa....Si se pa youn se lot ou adisyon de tou le twa! Li pa nomal pou youn moun ki nan klas ekonomik favorize, ki edike pou li tonbe abize youn timoun kelkeswa sal ta fe! A mwens ke moun nan genyen youn deranjman mental. Kom deranjman mental tabou nan kominote nou an sa gendwa pa janm depiste!

Back to Top View dilibon's Profile Search for other posts by dilibon
 
Fokseli
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2006 Feb 05
Location: Zimbabwe
Posts: 1786
Posted: 2008 Oct 28 at 5:48pm Quote Fokseli

Mezanmi, w konnen lè w rakonte se vann ou vann tèt w. 

__________________
Annou mete tèt ansanm pou nou rekonstwi peyi a.
Back to Top View Fokseli's Profile Search for other posts by Fokseli
 
foknouchange
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 July 14
Location: United States
Posts: 3542
Posted: 2008 Oct 29 at 7:03pm Quote foknouchange

mwen pa regret tout sa ke mwen di yo, minm le nou juje mal, min se ave ki kalit de moun mwen rakontel.   anpil nan nou isit al imature, iresponsable anmemtan inferye.  mwen te panse la plipa nan nou te pi moral ke sa, se sak fe mwen te ka banou ti istwa sa.  on eksperyans on moun fe pandan on seten tan pa vle di ke moun lan te lan mizer jan ke excalibus intepretel la, mwen kalifye komanter sa ba anpil li mank.  pou byen diw mwen pa pase ankinn mizer lan lavi pam jenom, tou sinpleman mwen te vle kreye prop rules pam, swiv direksyon pam. 


mesye excailibus, mwen pat lan mizer, mwen te jwenn tout sa on timoun dwe jwenn daye se mwen on sel pitit fiy, mwen fe vim nan lekol katolik depi an ayiti, jis ka lan new york.  mwen te ka on rebel anmem tan on moun kite vle mache sou lwa pam.  privilege ke mwen te ginyin lem tap grandi gin anpil nan nou ki te ka pat ginyinl.  map redi sa anko nou poko sivilize pou nou aprann de youn ak lot.  nou poko pre mwen pa kwe nap janm pre pou youn tande eksperyans on lot.   franchman mwen desu de vye komanter ki pa kanpe sou anyin ke excalibus fe sou on lot thread.  on moun ki sivilize, mature, responsable, refleshi mwen pa kwe se jan de komanter tet an basa wap voye bay on moun.  nou tout se human, pa gin nou youn ki parfe, tout moun te fe on bagay lan vi pa yo.   mwen pa we sa se on bagay ki mal bay sa kite pase jis pou montre on moun gin problem tout kote, se pa on sel kote problem lan ye.   mwen pap janm regret mwen rakonte, men problem  lan se avek ki kalite de moun mwen rakontel.  


manmanm te gin 2 pitit, min li te vle pou mwen te grandi minm jan avel lan new york.  wi mwen te inpoze ave rules liyo lan kay li, wi mwen pat vle swiv examp yo, paske mwen patap viv lan minm sosyete avel.  map toujou dil mwen a manmanm nou se 2 moun ki diferan ki leve lan diferan sosyete.  juskaprezan mwen pap janm minm jan avel.  mwen pa regret mwen te on rebel lem te lan teen mwen.  mwen pa regret pran chemin kem te pran, mwen pap janm regret pale de eksperyans mwen avel.  se ave tout eksperyans sa yo mwen gin poum on bon manman, pou mwen grandi timoun pam yo pi byen. 

le ke on moun di on bagay pa gin ankinn rezon pou nou pran sa mal fe move jujman, mwen pa ko ka konsidere nou pou adult, anpil nan nou ki ape ekri isit la poko mature ase pou moun ta pale ave nou.  sa fe lapenn jan ke nou mal inteprete sake mwen ekri fe move jujman sou mwen.


non mesye fokseli mwen pa vann tet mwen ave pesonn moun, okontrer se lan konsa ou ka konnin ki jan pep aysyen pako sivilize e inferye.  on moun ki sivilize pap janm fe sake mwen ekri anle ya pou joumanm, ki pou kritikem, relem vemine. okontrer li bon pou moun tande saki ap pase lan sosyete ya, gin bagay ki kache li le pou yo deyo pou moun ka pab konnin ki kote nou ape viv.  mwen te vle montre dilibon se pa selman lan klas defavorize ki gin abu, se tout patou liye.   eske se mank fomasyon ki fe nou pa kwe on sere de bagay ki kache lakay on seri de moun. 


kanta pou veyeyo a mwen pa etone nan komanter liyo, mwen te atann ak sa, paske mwen te deja konnin li se on moun ordine djol siret ki panse li se on afe.   men li fe progre wi, mwen we se sel vermine, volerrr, dezodone li ekri.  mwen te atann pou li di plis ke sa.


dilibon    pi wo a ou di ou se on edikate, sim pa tronpem ou tap travay pou ACS pa vre.  le ke ou ape travay pou ACS ou kontre tout kalite problem, tout kalite moun.  se pa sel lan klas defavorize ya jan ke ou relel la ou jwenn problem.  abu fet tout kote, lan tout kouch sosyal, min yo kache. 


mwen fe preske 2 zan ap travay pou ACS mwen te konn we ak 2 zyem ki jan timoun yo tap viv byen kay paran yo, yo pat moun ordiner non.  moun ki tap viv lan bon kondisyon, kondisyon, byen stable.   kote ke paran yo te konn abuze yo. 


mwen te vle few konprann se pa selman lan fami ki gin problem ekonomi, mwen eduke, problem mental ki pa sivilize ou jwenn problem. 


pou konklu, reflechi avan nou kouri fe vye komanter negative.


mesi 

Back to Top View foknouchange's Profile Search for other posts by foknouchange
 
Fokseli
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2006 Feb 05
Location: Zimbabwe
Posts: 1786
Posted: 2008 Oct 29 at 9:45pm Quote Fokseli

wowwwwwwwwwwwww!



__________________
Annou mete tèt ansanm pou nou rekonstwi peyi a.
Back to Top View Fokseli's Profile Search for other posts by Fokseli
 
solon
Groupie
Groupie
Avatar

Joined: 2008 Aug 02
Location: Bahamas
Posts: 79
Posted: 2008 Oct 30 at 12:00am Quote solon

Pafwa pito yon mou gen foli, men bon Dye bali 2 bon nawè pou wè tout  bagay sou tè a. Kontreman ti mouche granmoun lèd  ANDRE FOKSELI kap mache ak yon linèt doub fwaye. Selman veye ko w nan pran vye kamyonèt pou trelè pa pase sou pye w.


 Se domaj wou nan tout peripesi sayo pou ap dekonnen kont menm moun wou te pran pou zanmi w. Podyab foknou ki selon koken se lot fol la.

Back to Top View solon's Profile Search for other posts by solon
 
elise
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 10289
Posted: 2008 Oct 30 at 1:31pm Quote elise


http://www.boston.com/news/local/breaking_news/2008/10/boys_ dies_in_sh.html


Boys dies in shooting at gun club


October 26, 2008 11:36 PM


By Matt Collette, GLOBE CORRESPONDENT


An event at a Westfield gun club turned tragic today when an 8-year-old boy accidentally shot himself in the head and later died at a Springfield hospital, Westfield Police said.


The child's death -- caused by a fully automatic Uzi machine gun -- appears to have been an accident; but it remains under investigation, police said.


The Westfield Police Department released a statement about what they described as a self-inflicted, accidental shooting, which occurred at 2 p.m. at the Westfield Sportsman's Club on Furrowtown Road.


In a telephone interview tonight, Westfield Police Officer Carl Girard confirmed the boy died of his injuries -- a wound to the right side of the head -- at Baystate Medical Center. Police did not release the child's name, nor did they say where he lived. The Springfield Republican reported that the child was not from Westfield.


"Witnesses state that he was shooting the weapon down range when the force of the weapon made it travel up and back toward his head, where he suffered the injury," the police statement read.


The boy’s father was at the event and accompanied him to the hospital, police said.


The sportsman’s club was hosting its annual “Great New England Pumpkin Shoot” during the weekend, police said. Officials from the club could not be reached.

The event was organized by C.O.P. Firearms & Training, an Amherst company which, according to its website, organizes machine gun shoots throughout New England. Officials from that group also could not be reached.


Koman fe leta Masachusets pemet adult kite ti moun piti konsan patisipe nan antrenman pou utilize fuzi ???? 


Poukisa met klub sa ansanm avek paran yon ti zanj 8an selman te pemet li akse a yon uzi konpletman otomatik pou aprann tire ??? 


Eske yo pa konnen jan ti moun kurye ???


Eske yo pa konnen chemen Toys're Us ou byen lot boutik kote yo ta ka achte ti fuzi ki fet pou ti moun ?  Paket jwet vyolan ki sou mache lokal e entenasyonal pouki sa se yon vre fuzi pou yo lage nan men yon ti moun 8an????


M swete ke se paske konsyans yo mouri depi lontan ki fe yo komet neglijans kapital sa ki koze lamo ti pitit yo an; konsa, yo pap mouri avek remo ni la penn.  


Pa t ap genyen yon punisyon pi du ke yon konsyans aktiv, vivant... ki ta anba gro boulvesman kalib sa !  


Ke l'Eternel padone yo, si jamè konsyans yo reveye de la torpeur !



__________________
"It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky

Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
Back to Top View elise's Profile Search for other posts by elise
 
elise
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 10289
Posted: 2008 Oct 30 at 2:47pm Quote elise

Nounouche sanble efase sa ke l te ekri.  Ou pa te dwe okipe mounist yo; se takine yo renmen takine w paske w fe nou ri tout tan.  Parol yo ka mechan, men m pa kwe ke yo mechan tout bon. 


Gade jan zanmi Veyeyo gentan fe bel refleksyon sou sa ke w pataje la.  M santi senserite nan sa ke l di 2em fwa wi.  Donk pa  fache, oke seret !


Nou konnen ke se pa viktim maltreman avek neglijans ki dwe wont de eksperyans yo.  Santiman sa ta dwe goufle djakout konsyans paran ak lot granmoun ki kontinye ap  malmenen ti moun, puni yo avek  mechanste, an depi de bon jan literatu avek lot medya ki la pou ede yo aprann metod disiplin apropriye nan tan sa.


An plis de bastonad, anpil paran sou la ter ki  telman te resevwa move tretman de paran pa yo, grandi avec mechanste ak resantiman; se ki fè yo manke estim ak respè pesonel, e sa fè yo pa konnen vreman  sa yo rele renmen timoun.  Se yo ki nan maltrete, meprize, joure, derespekte... abandone ti moun yo. 


Genyen paran ki te telman soufri, ke yo sur-proteger pitit yo; se yo ki pou pran tout desizyon.  Yo pa aprann pitit yo konpotman apropriye e respektye; yo pa bay ti moun yo okenn chans pou explore anvironman,  ni aprann fè bon chwa; yo tolere yo e gate yo.


Granmoun sa yo, ler yo chita sou tronn suksè  yo, pa bay okenn moun ki pi ba pase yo yon ti chans.  Jodi a, nou ka we kote plizyer jenerasyon de viktim sistem sa lage Ayiti.


Annou komanse simaye konesans sou metod disiplin ki ka anrichi la vi nou a traver suksè total kapital pitit nou you.


Bon aprè-midi.



__________________
"It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky

Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
Back to Top View elise's Profile Search for other posts by elise
 
tirico
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2008 April 27
Location: Haiti
Posts: 132
Posted: 2008 Oct 30 at 5:58pm Quote tirico

Tout moun ki pa ka fè diferans ant korije on ti moun ak maltrete li se djob pa yo. Gen on grand diferans ant korije on ti moun e maltrete li, e nan eksperians nan vi pa'm, tout ti moun nan fanmi mwen ki te jwen bon jan koreksyon tounen nan vi adilt yo on moun tout bon ak tout kalifikatif on moun serye onèt ak anpil konpasyon lakay yo. Ti moun ke paran yo te pè korije yo tounen neg move zafè, koutbatè, roulè, an fen de kont on kandida pou prizon ninpot ki lè.


On bon koreksyon nesesè pou on ti moun lè li travay pou sa.


Foknouchange ou pa bezwen fache, tout nèg konen se ou ki bel fanm sou forum lan.

Back to Top View tirico's Profile Search for other posts by tirico
 
elise
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 May 25
Location: USA
Posts: 10289
Posted: 2008 Oct 30 at 7:32pm Quote elise

La peur paralyse.  Donk paran yo ki te pè korije ti pitit yo, te mantalman paralize; se ki fè yo pa te janm disipline ti moun yo.  Et tu sais, tirico, çà fait autant de tort à un enfant que les bastonnades ! 


Ti moun bezwen konnen depi yo ti katkat ke genyen konsekans pou chak action; ke tout moun ki pa respekte la lwa, regulasyon, regl, anseyman,  direksyon, e ki pa byen konpote yo nan sosyete e nan fwaye  familyal, merite punisyon kom sa dwa.  Donk mwen dako avek tirico. 


Men, zanmi an m, mwen pap janm sispan plede kont punisyon koporel sou ti moun, kom sou granmoun. Cela n'honore pas le battu... et surtout pas le batteur.  Mwen obseve konbye yon seri de moun abuze de otorite yo sou ti moun ak granmoun kokobe, e jan sa make la vi tout antouraj viktim yo a travers le temps. 


Moi, je rêve d'un futur de paix; et je crois que la violence sur les fronts de bataille commence avec la p'tite tape au plat de la main de nos petits. 


Si nous fermons nos yeux et re-visitons les moments les plus heureux et les plus tristes de notre enfance, je parie que nous nous réveillerons avec la certitude que les minutes de tristesse et cette douleur  intense durant et après les  bastonnades  reçues des mains de ceux qui disaient nous aimer,  perpétuent leur éternité dans notre subconscient en écharpe. 


Et çà, c'est malheureux ! 



__________________
"It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky

Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
Back to Top View elise's Profile Search for other posts by elise
 
solon
Groupie
Groupie
Avatar

Joined: 2008 Aug 02
Location: Bahamas
Posts: 79
Posted: 2008 Oct 30 at 11:27pm Quote solon

Mwen kanpe pou di tout teyori kap voye monte tout ti nèg ak nèges  ki te abitye pran  reprimand ak bon amoun bon kontrol gen pwoblèm pa vreman jistifye. Menm jan lejislatè kanadyen yo ki pa moun fou, ni imoral di se aksèptab non ilegal, ni gen pwoblèm dimoralite ou vyolans pou ti moun ki konprann sans pinisyon sa. Se jan moun konsa ki reyisi nan lavi, ki soti  koul, rasire  gen respè ak  amou pou pwochen yo, pitit yo ak fanmy yo. Ki èm byen chati byen selon menm prensip moral biblik. San blesi, san vyolans pou pase mesaj la.


Kontrèman lese grenenen ti moun ki soti mal elve, fè sayo vle nan pratik selman pale rantre nan yon zorèy soti nan lot. Si mwen byen konprann li ta pi bon pou sosyete ki lese adolesan yo ak ti minè kap manje prizon  pote plis aksan pou reyentegrason jenn moun sayo, sove yo vye prizon ak karyè nan bandi.ALELOUYA.

Back to Top View solon's Profile Search for other posts by solon
 
foknouchange
Senior Member
Senior Member
Avatar

Joined: 2005 July 14
Location: United States
Posts: 3542
Posted: 2008 Oct 31 at 6:29pm Quote foknouchange

"Nounouche sanble efase sa ke l te ekri.  Ou pa te dwe okipe mounist yo; se takine yo renmen takine w paske w fe nou ri tout tan.  Parol yo ka mechan, men m pa kwe ke yo mechan tout bon", elise.


elise, mwen pa fashe de komanter on moun fe sou sake mwen ekri avan non.  mwen ekri sou vye komanter excalibus te fe sou on lot post ave neg veyeyo a ki panse li ka insulte moun janl vle.  


neg veyeyo an paret gintan di mwen te on vemine, voler ave on lot radot li te ekri.  li pa gin dwa relem voler ni vermine. 


"MA PRIE POU WOU TANDE SE KOUNIEA MWEN REUSI KONPRAN PROBLEM OU ISIT LA OU SOTI LWEN,SI'W TA VLE JWEN YON BON PSYCHIATRE LE'W RANTRE PORT O PRINS ,PA HESITE FE'M KONEN WA VA JWEN SWEN GRATIS", veyeyo.


neg sa byen insolan ape ofrim psychiatric service.   se ave on profesyonel lap pale.  mwen se on LCSW (License Clinical Social Worker).  mwen pap aksepte nonm sa mankem dega.  jenom lan di sike mwen bezwen psychiatri pa ezite vini kotel frekan li frekan. mwen plis ka refel   paske mwen gin plis kontak ke li.  sike mwen te bezwen ed yo gratis ti cheri e pi ave ke kontan yo tap edem. 


 fokseli an di kareman mwen vann tet mwen.  mwen pa desann tet mwen devan pesonn ni vann tet mwen, okontre mwen fyer de. 


la plipa ayisyen toujou ap fe kwe yo te pi bon pase lot, tout afe yo sere lan klozet.  yo te leve pi byen ke on lot, fanmi yo te bayo bon elevasyon.  fanmi pa onlot pat bay elevasyon.  si on moun ta mache cheche konnin kiles ke yo ye, ala jwenn mwen ta jwenn de yo.    yo ront pale de eksperyans yo a moun.  yo ront pale de ere yo, min yo gin on bagay kap manje lan ker yo.  mwen pa gin anyin ki ap ravaje ker mwen, pa gin anyin kap toufem pase mwen pa ront di moun koman mwen teye.  pa gin moun ki pafe, nou tout fe ere lan vi nou.  sak fe la plipa nan nou ka juje mal de sa mwen te ekri pi o a, paske nou poko evolye, nou nan kloset toujou.  min sike yo ta komanse fe recheche sou nou yo tap jwenn anpil nan nou te pi mal ke mwen.   mwen pa kache, mwen pa wont di koman mwen te ye.   map toujou di on moun mwen pat obeyisant, mwen te renmen zanmi mwen pat tande men sa pa vle di mwen te ni vemine ni voler ni pase mizer.  dayer mwen sel pitit fiy manman a papam ginyin.


pou fini,  mwen ta renmen we kiles moun ki veyeyo a.  li toujou gin poul ofri tout moun, le se pa aristid li ofri ticket se mwen li ofri psychiatric services.  antouka ou va voye tout donew banmwen, epi le mwen rantre port ao prince, ma va cheche we avew epi ou va edem jwenn on bon psikolog pou edem konbat ave tout problem mwen yo. 


sigin gin lot moun ki ta rinmen fem on fave pou edem ave problem mwen, ekrim an prive nou pa bezwen ofrim li an piblik. 


bon weekend   

Back to Top View foknouchange's Profile Search for other posts by foknouchange
 

<< Prev Page of 10 Next >>
  Post ReplyPost New Topic
Printable version Printable version

Forum Jump

Website: www.moun.com • Email: moun@moun.com
© 2005 Moun, All Rights Reserved.
Designed by Manster Web Services. Contact Webmaster.