| Ecrivez vos commentaires ici!!! |
Topic: Ann pale kreyol
|
|
| Author |
|
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 26 at 7:21pm
|
|
|
Ki sa kreyòl ayisyen ye? What is Haitian Creole? (English Version)
Hugues St.Fort
Lang kreyòl yo.
Lan anpil peyi sou latè, men sitou lan kèk peyi ki lan Afrik delwès, lan kèk zile ki lan Oseyan endyen, lan prèske tout zile ki lan Karayib la, avèk lan kèk peyi ki lan zòn Pasifik sid, plizyè milyon moun pale yon seri lang yo rele pidjin ak kreyòl. Lang sa yo se lang ki soti lan kontak avèk lòt lang. Dapre definisyon klasik lengwis[1] ki te etidye lang sa yo bay, pidjin se lang ki devlope lan komès osnon lan lòt sitiyasyon kontak, kote diferan gwoup moun ki rankontre pa pale menm lang. Akoz de sa, yo oblije kreye yon fason nèf pou yo kominike. Kreyòl yo menm se ta pidjin ki vin ogmante estrikti lengwistik yo, epi detire fason moun itlize yo. Lè sa a, yo vin tounen lang natif natal yon kominote lengwistik[2]. Se kolonizasyon peyi Ewòp yo te kòmanse lan 17e syèk, ki fè lang kreyòl moun pale lan zile Karayib yo parèt. Kolonizasyon sa a te mache avèk yon komès esklav , kote Ewopeyen yo te al fè dappiyan sou plizyè milyon Afriken ann Afrik epi anbake yo sou gwo bato ak chenn lan pye yo pou y al travay kòm esklav lan jaden kann lan zile Karayib yo. Frans, Espay, Angletè, Pòtigal, Oland, te pi gwo peyi ewopeyen ki te antre lan komès esklav e ki tap fè kolonizasyon tou.
 Lang peyi sa yo vin tounen lang klas dominan yo lan tout zile Karayib yo (lang angle lan peyi Jamayik, lang franse ann Ayiti, Matinik, Gwadloup…) men laplipa moun lan zile sa yo kontinye pale yon varyete kreyòl ki gen laplipa mo li yo baze sou lang ansyen koloni a. Gen plizyè gwoup lang kreyòl. Kwak diferan moun ki pale kreyòl sa yo kapab pafwa konprann sa lòt ap di, lang kreyòl sa yo pa konpreyansib , soti lan yon zile ale lan yon lòt. Se gras a mo yo nou rive idantifye yo . Majorite mo lang kreyòl yo soti lan yon lang ewopeyen; pa egzanp, laplipa mo ki lan lang kreyòl ayisyen soti lan lang franse, laplipa mo ki lan kreyòl jamayiken soti lan lang angle.., men sentaks, sistèm règ lang kreyòl yo diferan anpil de lang ewopeyen[3]. Sou plan lengwistik, nanpwen anyen ki fè lang kreyòl yo enferyè devan lang ewopeyen yo osnon devan nenpòt lòt lang sou latè. Menm jan avèk tout lang kretyen vivan pale, lang kreyòl yo reflete pwopriyete gramatikal inivèsèl avèk devlòpman mantal tout lang kretyen vivan pale, keseswa lang angle, lang franse, lang chinwa, lang arab, lang swahili, lang hindi, lang quechua, etc… Sou plan ideyolojik, lang kreyòl yo angaje lan yon gwo batay kont yon seri fòs lan sosyete kote moun pale yo ap fè tout sa yo kapab pou lang kreyòl yo pa leve kanpe. Malgre lang kreyòl yo se lang tout moun pale lan laplipa zile sa yo, genyen gwoup moun ki refize sèvi ak yo pou devlope alfabetizasyon osnon edikasyon . Dimansyon ideyolojik la pèdi anpil lan aspè negatif li te genyen pandan dènye 30 lane ki sot pase yo, men li kontinye ap kreye anpil pwoblèm toujou.
B. Lang kreyòl ayisyen.
Lang kreyòl ayisyen se youn lan lang kreyòl ki baze sou lang franse paske genyen yon mas mo ladann ki soti lan lang franse. Men, sentaks, semantik, ak mòfoloji kreyòl ayisyen diferan anpil de franse[4]. Kreyòl ayisyen (KA) se lang kreyòl ki gen plis moun ki pale li sou latè. Se lang natif natal tout Ayisyen ki fèt e ki elve ann Ayiti kote yo rele li Kreyòl[5]. Lan dyaspora a, genyen plis pase yon milyon Ayisyen ki pale kreyòl. Genyen moun sa yo ki ap viv lan Amerik dinò (Etazini ak Kanada), lan Amerik disid (Venezyela ak Giyàn franse), lan Karayib la (Dominikani, Matinik, Gwadloup, Bahamas), ann Ewòp (Frans), ak lan kèk peyi Afrik. Lan kominote ayisyen ki gen plis moun yo, tankou Nouyòk, Miyami, Monreyal, osnon Dominikani, kreyòl ayisyen devlope anpil lan kontak li fè non sèlman ak lang peyi sa yo men tou ak varyete yo pale ann Ayiti[6]. Pami tout kreyòl ki baze sou franse yo, se sou kreyòl ayisyen yo fè plis rechèch lan inivèsite[7]. Kwak se sèlman yon ti ponyen Ayisyen ki pale lang franse, franse vin tounen ansanm ak kreyòl lang ofisyèl Ayiti depi lane 1987. Kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl depi 1980[8] e gen anpil ekriven ayisyen ki ekri liv enteresan sou diferan aspè esperyans ayisyen. Men n a tounen sou sa pi ta. Kounyè a, ann fè yon ti rezime istwa lang kreyòl ayisyen.
1. Sou plan istorik, li difisil pou nou bay presizyon sou ki lè kreyòl ayisyen parèt. Lan lane 1697, Franse yo ki tap viv ann Ayiti depi 1629, vin okipe ofisyèlman pati wès St. Domeng. Ispanyola se non tout zile a . Anvan 1697, se Panyòl ki te mèt tout zile a. Se apre Franse vin pran Sen Domeng vin genyen tout kondisyon yo pou yon kreyòl ki baze sou franse parèt: Franse yo kòmanse komès esklav e vin genyen nesesite pou kolon yo kominike avèk esklav yo. Se konsa lang kreyòl vin parèt. Dapre kèk istoryen, vè 1728, te genyen anviwon 50.000 esklav ak yon ti kras mwens kolon lan Sen Domeng, men ant 1740 e 1791 yo estime te genyen prèske yon demi-milyon Afriken ki tap travay kòm esklav lan jaden Sen Domeng yo. Yo te rele esklav ki te fèt ann Afrik yo “bosal”, men sa ki te fèt Sen Domeng yo , yo te rele yo “kreyòl”. Kreyòl ayisyen grandi lan kontèks jaden Sen Domeng yo , kote esklav afriken , ki te pale lang Niger-Congo yo[9] , te antre an kontak avèk kolon franse ki te pale yon varyete franse ki diferan anpil de franse moun pale kounyè a epi esklav afriken sa yo eseye kominike avèk kolon franse sa yo[10]. Tankou nenpòt ki lòt lang kretyen vivan pale sou latè, kreyòl ayisyen se yon sistèm lengwistik total ki gen pwòp règ pa li e ki pa depann de okenn lòt lang pou li fonksyone. Genyen 7 milyon edmi moun ki pale li ann Ayiti, e plis pase yon milyon lòt ki pale li lan dyaspora a. Kreyòl ayisyen pa franse mawon . Se yon lang diferan de lang franse, kwake gen anpil mo lan vokabilè li ki soti lan franse.
Premye tèks nou konnen ki ekri an kreyòl ayisyen genyen anviwon 10 liy . Li te parèt lan yon liv ki rele Voyage d’un Suisse dans différentes colonies d’Amérique ki te pibliye an 1786 . Moun ki te ekri liv sa a rele Justin Girod de Chantrans. Li te yon vwayajè suis ki te viv Sen Domeng ant mwa me 1782 e jiyè 1783. Men tèks sa a jan li te parèt lan liv de Chantrans an. Se te yon lèt yon jenn ti fanm esklav te ekri mennaj li pou li mande li padon paske mennaj la te konprann ti fanm lan ap ba li zoklo:
Moi étais à la case à moi; moi étais après préparer cassave à moi; Zéphir venir trouver moi, li dit que li aimer moi, et qu’il voulait que moi aimer li tout. Moi répondre li que moi déjà aimer mon autre et que moi pas capable d’aimer deux. Li dit moi, que li mériter mieux amour à moi que matelot à li. Moi répondre li, que li capable de mériter li mieux, mais que pas te gagner li encore. Li dit moi que li va gagner li, et tout de suite li faire moi violence…Ah, toi connais comment li fort! Juger si gagner faute à moi! Le ciel témoin, cher dombo, de l’innocence et de fidélité à moi.
Mwen te anndan joupa mwen, m tap pare kasav mwen; Zéphir vin wè mwen, epi li di m li renmen mwen, e li ta renmen mwen renmen li tou. Mwen di li mwen gen yon mennaj deja e mwen pa kapab genyen de mennaj. Li di mwen li merite lanmou mwen pi plis pase matlòt li. Mwen di li se posib men li poko genyen li. Lè sa a, li di mwen l ap vin pran li, epi san m pa atann li plonje sou mwen… Ou konnen jan nèg sa a gen kouray! Eske ou panse se fòt pa m! Bon Dye lan syèl la temwen, dombo cheri, mwen inosan e mwen se yon mennaj fidèl!
Malgre enpòtans istorik li, nou dwe li tèks sa a avèk anpil rezèv epi nou pa ta dwe konsidere li tankou yon bon echantiyon lang kreyòl moun te konn pale lan Sen Domeng lan epòk sa a. Girod de Chantrans se yon etranje ki te viv Sen Domeng pandan yon sèl lane epi li pa te konn pale kreyòl fen e byen.
Jiskaprezan , se sitou lan domèn òtograf gen efò ki fèt pou estandadize kreyòl ayisyen. N ap raple se lan lane 1980, vin genyen yon òtograf ofisyèl pou kreyòl ayisyen. Lan kesyon diksyonè, gen kèk bon diksyonè bileng angle-kreyòl ak franse-kreyòl, men poko genyen yon diksyonè kreyòl- kreyòl, menmsi sou yon plan pedagojik, li enpòtan pou ta genyen youn[11]. Pou moun ki pale angle, genyen anpil bon liv deyò a pou aprann kreyòl ayisyen men genyen omwen 4 inivèsite ameriken ki anseye klas kreyòl[12]. Laplipa lengwis ki etidye kreyòl ayisyen admèt li gen 3 manman dyalèk: dyalèk lan Nò : se varyete moun pale lan Kap Ayisyen ki reprezante dyalèk sa a; dyalèk lan Sant lan : se varyete moun pale lan Pòtoprens ak lan zòn Pòtoprens ki reprezante dyalèk sa a; epi dyalèk lan Sid : se varyete moun pale lan zòn vil Okay ki reprezante dyalèk sa a. Varyete moun pale lan Nò a sanble se li menm ki mwens sanble ak kreyòl majorite Ayisyen pale, akoz de kèlke diferans li genyen sou plan leksikal ak sou plan sentaksik. Varyete moun pale lan Sant lan sanble se li menm ki gen plis prestij pou rezon politik, ekonomik, e kiltirèl, men paske gen anpil moun ki kite pwovens pou vin viv Pòtoprens, fwontyè ki separe dyalèk yo vin pi flou e anpil Ayisyen pale alèz 2 dyalèk.
2. Sou plan inivèsitè, etid kreyòl yo devlope anpil[13]. Genyen seksyon etid kreyòl lan plizyè depatman lengwistik inivèsite ewopeyen ak inivèsite lan Amerik dinò. Lan inivèsite sa yo, kreyòl ayisyen se youn lan kreyòl atlantik yo lengwis yo plis etidye. Pati lan kreyòl ayisyen lengwis sa yo etidye pi plis se sentaks e teyori lengwistik yo plis itilize pou yo fè rechèch sa yo se teyori lengwistik ki rele gramè jenerativ[14]. Chak ane, depi fen ane 1970 yo, genyen omwen yon tèz doktora sou yon aspè enpòtan lan yon lang kreyòl (ayisyen osnon yon lòt kreyòl) yon etidyan prezante lan yon inivèsite Ewòp osnon Amerik dinò. Fòk nou pa bliye mansyone 2 michan revi sou kreyolistik: lan domèn kreyòl ki baze sou franse yo, genyen revi ki rele: Etudes Créoles. Se ann Frans yo pibliye revi sa a e li parèt 2 fwa chak ane; lan domèn kreyòl ki baze sou angle yo, genyen revi ki rele : Journal of Pidgin and Creole Languages. Se lan peyi Oland yo pibliye revi sa a e li parèt tou 2 fwa chak ane.
Sou plan literè, Kreyòl ayisyen te pran yon lòt dimansyon lan mitan ane 1970 yo lè ekriven Frankétienne te pibliye premye woman li an kreyòl, Dezafi. Majorite kritik literè ki pale kreyòl te mete chapo ba devan liv sa a. Malerezman, pa te genyen lòt bon liv konsa ki ekri apre Dezafi. Te genyen kèk bon liv pwezi ansanm avèk kèk bon pyès teyat , men nou pa jwenn oken chedèv tankou Dezafi[15]. Se posib gen kèk ti pwoblèm pou rive kreye yon rejis literè presi pou Kreyòl ayisyen e lan sans sa a , woman Dezafi a ta kapab yon eksepsyon. Pandan lontan, Kreyòl ayisyen te rete yon lang oral sèlman ; moun te itilize li sitou lan sitiyasyon enfòmèl e pou kominikasyon yo fè toulejou. Anpil Ayisyen ki bileng te konn vire sou franse osnon sou angle si kesyon y ap diskite a te yon kesyon ki fòmèl osnon si yo pa t konnen byen moun ki ap pale avèk yo a. Men depi kèk tan, nou konstate pa gen baryè ankò pou lang kreyòl la. Ayisyen sèvi ak li lan tout nivo konvèzasyon , pou tout sijè diskisyon y ap fè. Men antre kreyòl ekri lan tout domèn espresyon Ayisyen chwazi vin kreye nouvo pwoblèm paske ekriven ayisyen yo dwe jwenn kounyè a yon lòt retorik, yon lòt estrikti ki pa depann antyèman de kontèks la e de lè moun lan ap pale a.
Depi kèk lane, kreyòl ayisyen rive entegre sistèm lekòl vil tankou Nouyòk, Miyami, Boston. Dapre kèk otè ki fè rechèch sou kesyon an, genyen omwen 30.000 elèv ayisyen ki enskri lan lekòl piblik vil Nouyòk la[16]. Kreyòl ayisyen se katriyèm lang etranje yo pale e anseye lan sistèm lekòl piblik vil Nouyòl la, apre lang panyòl, lang ris, ak lang chinwa. Lan tout nivo lekòl, keseswa lan nivo primè, osnon lan nivo segondè, genyen klas kote yo anseye lang kreyòl ayisyen ak matyè tankou matematik, syans, istwa an lang kreyòl ayisyen[17]. Deplizanpli, gen anpil elèv ayisyen ki antre lan klas sa yo , espesyalman elèv ki fèk soti Ayiti, men pwofesè yo pa genyen ase michan tèks literè an kreyòl pou anseye timoun yo literati, lekti, kominikasyon, menm jan pwofesè ameriken yo genyen kantite tèks literè ann angle , lè y ap fè klas literati pou elèv ameriken. Otorite lan lekòl Nouyòk ta dwe fè yon gwo travay pou devlope michan tèks literè an kreyòl pou elèv ayisyen (yo ta kapab menm kòmanse tradui kèk bon liv ki genyen lan kantite literati ayisyen ki ekri an franse .
Ki avni ki genyen pou lang kreyòl ayisyen? Sa depann de ki kote n ap pale. Eske se ann Ayiti osnon èske se lan kominote dyaspora yo? Si se ann Ayiti, nou kwè kreyòl ayisyen ap toujou rete lang natif natal tout Ayisyen ki fèt e elve ann Ayiti. Men, si se lan kominote dyaspora yo, sa va depann de gwosè kominote sa a e sitou de jan kilti ayisyen an gaye lan kominote sa a. Lè nou poze kesyon an konsa, n a wè tout kominote yo pa egal ego. Lan yon gran vil tankou Nouyòk, lang kreyòl ayisyen poko ap disparèt. Men, lan lòt kominote kote pa genyen anpil Ayisyen ki pou gaye kilti ayisyen an , kilti ameriken an kapab vale kilti ayisyen an rapidman ž
Hugues St.Fort was born in Port-au-Prince, Haiti. Completed both primary and secondary education there. Higher education in France: B.A. in French literature at the Université de Besançon, Master’s in French Applied Linguistics at the Université de la Sorbonne Nouvelle, Paris, and a Doctorate in Linguistics at the Université René Descartes in Paris, in 1982. Taught French and Linguistics in Mauritius in the early 1980’s. Also taught Linguistics at Queens College, City College and Bank Street in New York City. Presently teaching AP French and Native Language Arts (Haitian Creole) for the Board of Education of NY City and an adjunct assistant professor of French at Kingsborough Community College in Brooklyn, NY.
I have published numerous reviews of fiction and non-fiction works by Haitian writers based in the Diaspora, the most recent ones being on: Krik? Krak! and The farming of bones by Edwige Danticat and Théories Caraïbes. Poétique du déracinement by the Montréal-based Haitian poet Joël Des Rosiers in the Haitian weekly Haïti en marche. My research interests include the problems of code-switching in the Haitian bilingual speech community of NYC, the elaboration of a basic monolingual Haitian creole dictionary and the "problématique" of the new Haitian literature in the diaspora.
© Copyright 2000 (Hugues St. Fort / The Créole Connection) [1] . N ap pale la a de lengwis tankou Leonard Bloomfield (1933), Otto Jespersen (1923), Robert Hall (1966). Genyen kèk bon entwodiksyon sou etid pidjin ak kreyòl pwofesè inivèsite ekri. Pa egzanp, nou kapab site: John Holm (1988), Jacques Arends and alii (1994), Peter Muhlhausler (1986, 1998). Michel DeGraff (1999), yon Ayisyen natif-natal, ki pwofesè lengwistik lan Massachussets Institute of Technology (MIT), fè yon michan liv sou orijin lang sa yo (pidjin/kreyòl). Li ekri liv li a dapre teyori gramè jenerativ, ki se teyori lengwistik k ap domine tout lòt teyori lengwistik yo. Se gwo lengwis ameriken ki rele Noam Chomsky ki te vini ak teyori lengwistik sa a depi fen ane 1950 yo. [2] . Moun ki pale pidjin yo te deja genyen pwòp lang matènèl yo . Yo te aprann pidjin lan lè yo granmoun. [3] . Gen anpil kesyon k ap debat pami lengwis pwofesyonèl ki ap etidye lang kreyòl yo: Men kèk kesyon pami kesyon ki pi boule yo: Ki jan pou pwouve distenksyon tradisyonèl yo fè ant lang kreyòl ak lang yo pa konsidere tankou lang kreyòl? Eske se vre genyen mak espesyal ki karakterize yo lang kreyòl? Eske nou ta dwe konsidere distenksyon yo fè ant “lang kreyòl yo” ak “ lang regilye yo” tankou yon distenksyon rasis? [4] . Youn lan kesyon ki te toujou fè entèlektyèl yo reflechi se kesyon orijin ak kesyon ki sa kreyòl yo ye. Lan ane 1936, 2 entèlektyèl ayisyen te fè yon gwo diskisyon sou kesyon sa yo. Pou Suzanne Comhaire Sylvain , lan tèz doktora li te soutni lan Inivèsite Sorbonne a Paris, Kreyòl ayisyen te yon lang ewe (Afrik delwès) ki te abiye ak mo franse. Pou Jules Faine, yon entèlektyèl ayisyen ki pa te gen yon fòmasyon an lengwistik, Kreyòl ayisyen te yon desandan dirèk ansyen dyalèk franse yo te konn pale lan Sen Domeng. Deba sa a reparèt lan epòk n ap viv kounyè a, avèk rechèch lengwistik ki parèt lan yon liv Claire Lefebvre, yon lengwis kanadyen , fèk pibliye (1998). [5] . Depi anviwon ventan, gen yon tandans lakay plizyè Ayisyen ki ap viv ann Amerik dinò pou yo rele lang yo pale a Ayisyen , olye yo rele li Kreyòl, jan tout moun rele li ann Ayiti. Men nou remake se sèlman lè y ap pale lang angle yo rele lang yo a Ayisyen. Mwen pa janm tande Ayisyen ki fèt e elve ann Ayiti rele lang yo a Ayisyen lè y ap pale kreyòl. [6] . Dapre plizyè estimasyon (Joseph 1997, Laguerre 1984), genyen ant 500.000 e 1.000.000 Ayisyen ki ap viv lan vil Nouyòk. [7] . Lengwis yo divize kreyòl ki baze sou franse an 2 gwoup: Kreyòl yo pale lan zòn atlantik ak kreyòl yo pale lan zòn oseyan endyen. Pami kreyòl yo pale lan zòn atlantik nou jwenn: kreyòl yo pale ann Ayiti, Matinik, Gwadloup, Dominik, St Lisi, Giyàn franse, Lwizyàn. Pami kreyòl yo pale lan zòn oseyan endyen, nou jwenn: kreyòl yo pale lan zile Moris, lan zile Sechèl, lan zile Reyinyon. [8] . Lengwis ayisyen Yves Déjean ekri anpil sou tout aspè òtograf kreyòl ayisyen. Tèz doktora li a, “Comment écrire le créole d’Haiti”, Indiana University, 1979, se yon liv ki endispansab pou tout moun ki enterese lan kesyon òtograf kreyòl ayisyen. [9] . Dapre lengwis franse Suzy Platiel (1998) ki site Greenberg (1963) avèk K. Williamson (1989), lang yo rele lang Niger-Congo yo divize an plizyè santèn lang moun pale lan pati Afrik ki anba Sahara a, e ki kòmanse sou bò oseyan Atlantik rive jis lan peyi Soudan. [10] . Lan epòk ekspansyon kolonyal ewopeyen an (17e-18e syèk), lang franse a pa te fin estandadize nèt. Kolon franse ki te vin abite Sen Domeng yo te pale yon fòm franse yo rele “franse rejyonal”. Varyete franse sa yo te gen anpil diferans sentaksik, mòfolojik, leksikal, avèk lang franse estanda moun pale kounyè a. Genyen kèk lan fòm franse rejyonal sa yo lang kreyòl ayisyen kenbe. [11] . Dènye diksyonè bileng kreyòl-angle ki fèk parèt se diksyonè Laguerre-Freeman lan (1997). Li genyen plis pase 40.000 mo. Men pou moun ki ap chèche egzanp lan yon diksyonè, 2 pi bon diksyonè bileng mwen panse ki genyen malgre yo kòmanse ansyen se Valdman (1981), avèk Valdman e konpayi (1996). [12] . Inivèsite sa yo se: Indiana University lan Bloomington, City College of New York, Kansas University, ak Florida International University. [13] . Premye konferans entènasyonal sou etid kreyòl yo te fèt lan lane 1969 lan peyi Jamayik. Depi lè sa a, chak ane yo fè konferans sou lang kreyòl yo swa ann Ewòp, swa ann Amerik dinò, swa lan Karayib la. Lengwis ki ap etidye lang kreyòl yo te fè dènye konferans sou lang kreyòl yo lan ete ki sot pase a (24 jwen-29 jiyè) lan Inivèsite Aix-en-Provence, an Frans. [14] . Michel DeGraff, yon lengwis ayisyen natif-natal ki ap anseye lengwistik lan Massachusetts Institute of Technology (MIT) pibliye anpil analiz sentaksik sou kreyòl ayisyen ki fèt dapre teyori gramè jenerativ , men lengwis kanadyen Claire Lefebvre ansanm ak plizyè kolaboratè pibliye ant fen ane 1980 yo ak kòmansman ane 1990 yo plizyè rechèch enpòtan sou mòfo-sentaks lang kreyòl ayisyen. Rechèch sa yo parèt lan yon seri piblikasyon ki rele : Travaux de recherche sur le créole haitien. [15] . Lan kòmansman ane 1980 yo, menm Frankétienne lan te ekri yon pyès teyat ki rele Pèlen tèt ki te jwenn yon pakèt siksè ann Ayiti avèk lan dyaspora Amerik dinò. [16] . Li “Haitian Creole in New York” , yon atik Dr. Carole B. Joseph ekri ki parèt lan yon liv kolektif Fishman and Garcia ekri an 1997. [17] . Yo rele klas sa yo klas bileng paske elèv ki ladan yo poko fin maton lan lang angle e y ap aprann non sèlman angle (ESL), men matyè de baz yo (syans, matematik, istwa) an kreyòl, epi y ap aprann tou li , ekri, diskite an kreyòl.
References cited
Arends, J. and alii . 1995. Pidgins and creoles, an introduction. Amsterdam/Philadephia
Bloomfield, Leonard. 1933. Language. New York: Henry Holt.
DeGraff, Michel.(ed.) 1999. Language creation and language change. Creolization, Diachrony, and Development. Cambridge, The MIT Press.
Greenberg, J.H. 1963. The languages of Africa. The Hague, Mouton.
Hall, Robert. 1966. Pidgin and creole languages. Ithaca, NY: Cornell University Press.
Holm, John. 1988. Pidgins and creoles. Volumes 1 and 2. Cambridge: Cambridge University Press.
Jespersen, Otto. 1923. Language: its nature, development and origin. New York: WW. Norton.
Joseph, Carole B. 1997. Haitian Creole in New York, in: The Multilingual Apple: Languages in New York City. Edited by Ofelia Garcia and Joshua Fishman. Berlin, New York : Mouton de Gruyter.
Laguerre, Michel S. 1984. An American odyssey: Haitians in New York City. Ithaca, NY: Cornell University Press.
Laguerre , J. and Freeman, B. 1997: Haitian-Creole-English Dictionary.
Lefebvre, Claire. 1998. Creole genesis and the acquisition of grammar: The case of Haitian Creole. Cambridge University Press.
Muhlhausler, Peter. 1986. Pidgin and creole linguistics. Oxford: Blackwell.
Platiel, Suzy. 1998. Comparatisme historique et classifications. In Faits de langues, revue de linguistique, # 11-12: Les langues d’Afrique subsaharienne. Paris, OPHRYS.
Valdman, Albert. 1981. Haitian-Creole-English-French Dictionary. Bloomington, IN: Indiana University, Creole Institute.
Valdman, Albert ; Jean-Baptiste, Rozevel; Pooser, Charles. 1996. A Learner’s dictionary of Haitian Creole. Indiana University, Creole Institute.
Williamson, K. 1989. Niger-Congo Overview. In : J. Bendor-Samuel (ed.): The Niger-Congo languages, United Press of America and SIL.
CREOLE - ENGLISH * * * * * * * * * * * Bonjou! - Good morning! Bonswa! - Good afternoon!/Evening! (used after 11 AM) Komon ou ye? - How are you? N'ap boule! (most common greeting and response) - Good! Wi - Yes yo - they, them Non - No Mesi - Thanks Anmwe! - Help! Non, mesi - No, thanks Souple - Please Merite - You're welcome Pa gen pwoblem - No problem Oke - OK Eskize mwen - Excuse me Mwen regret sa - I'm sorry Gen... - There is/are... Pa genyen! - There is/are not any! Mwen pa genyen! - I don't have any! Sekonsa! - That's right! Piti piti - A little bit Anpil - A lot Gen anpil... - There are a lot of... Isit - Here La - There Tout bagay anfom? - Is everything OK? Pa kounye-a - Not now Toupatou - Everywhere Anyen - Nothing Preske - Almost Atansyon! - Attention!/Watch out! Prese prese! - Hurry! Dife! - Fire! Rete! - Stop! Kounye-a - Now Nou ap chache... - We are looking for... Souple, ban mwen... - Please give me... Separe sa ant nou - Divide this among you Ye - Yesterday Jodia - Today Demen - Tomorrow Maten an - This morning Apremidi a - This afternoon Aswe a - This evening lendi - Monday madi - Tuesday mekredi - Wednesday jedi - Thursday vandredi - Friday samdi - Saturday dimanch - Sunday Ou byen? - You OK? Mwen pa two byen - I'm not too well Mwen malad - I'm sick Te gen yon aksidan - There was an accident Nou bezwen yon dokte/yon mis touswit - We need a doctor/a nurse right now Kote Iopital Ia? - Where is the hospital? Kote Ii ou fe mal? - Where does it hurt you? Li ansent - She's pregnant Mwen pa ka manje/domi - I cannot eat/sleep Mwengendjare - I have diarrhea Mwen anvi vonmi - I feel nauseated Tout ko mwen cho - My whole body is hot Mwen toudi - I'm dizzy Nou bezwen pansman/koton - We need bandages/cotton Mwen bezwen yon bagay pi blese sa a - I need something for this cut Ou gen SIDA - You have AIDS Mwen grangou - I'm hungry Mwen swaf anpil - I'm very thirsty Nou ta vle manje - We would like to eat Konben - How much?/How many? Poukisa? - Why? Kote? - Where? Kisa? - What? Kile? - When? Ki moun? - Who? Kijan? - How? Kiles? - Which? Eske gen...? - Is/Are there...? Eske ou gen...? - Do you have...? Eske ou ka ede nou, souple? - Can you help us please? Kote nou ka achte...? - Where can we buy...? Eske ou ka di mwen...? - Can you tell me...? montre - show ban - give Ki moun ki Ia? - Who is there? Kisa ou vIe? - What do you want? Kisa ou ta vIa? - What would you like? Kisa ou ap fe Ia? - What are you doing there? Kisa sa a ye? - What is that? Sa k'genyen? - What's the matter? Kisa pi nou fe? - What must we do? Eske ou te we...? - Have you seen...? Eske ou pale angle/franse? - Do you speak English/French? Ki moun isit ki pale angle? - Who speaks English here? Ou konprann? - You understand? Kij an yo rele sa an kreyol? - What do they call that inCreole? Kij an yo di...an kreyol? - How do they say... in Creole? Kisa ou bezouen? - What do you need? Kisa ki rive ou? - What happened to you? Ki kote li ale? - Where did he go? Kilaj ou? - How old are you? Kote ou rete? - Where do you live? Eske ou gen petit? - Do you have any children? Kote nou ye? - Where are we? genyen - to have chita - to sit manje - to eat rete - to stop kouri - to run kouche - to lie down vini - to come ale/prale - to go ban - to give rete trankil - to be quiet pran - to get, receive leve - to get up sede - to give up touye - to kill frape - to hit kache - to hide konnen - to know manti - to lie (not truth) gade - to look koupe - to cut kwit-manje, fe-manje - to cook fimen - to smoke atake - to attack ban pemi - to authorize kri - to shout, yell, scream achte - to buy fe-apel - to call, name netwaye - to clean femen - to close fose - to coerce, force fini - to finish obeyi - to obey fe - konfyans - to trust console - to comfort pati - to leave, depart mouri - to die fe-desen - to draw, sketch bwe - to drink tonbe - to drop, fall mete abo - embark, load, board atoure - to surround ranfose - to enforce ou - you, your mwen - I, me, my, mine nou - us, our, you (plural) Ii - him, her, his, hers* * * * * * * * * * * * PRONUNCIATION GUIDE Creole is written phonetically. Each letter is pronounced, and each word is spelled as it is pronounced. Creole has only been recognized as the official language of Haiti in the last few years. Therefore, there are many different ways in which the Haitians write and spell Creole words. There is an official standard that has been set, and this standard will be maintained in this publication. The following is a pronunciation guide using this standard; most of the sounds are French.
ch-share chache-to look for o-claw fo-strong e-aim ede-to aid, help ou-you ou-you e-leg mesi-thank you r-(not rolled) respire-to breathe g-go gen-to have I-see isit-here s-(always s) prese-in a hurry j-(avoid the d sound) jou-day y-yes pye-foot o-toe zo-bone
There are nasal sounds in Creole just as there are nasal sounds in French, which are pronounced partially through the nose, but without the "n" itself pronounced (a rare exception to the general pronunciation rule of pronouncing every letter). Some English equivalents which come close to the nasal sounds are as follows:
an-alms dan-tooth en-chopin pen-bread on-don't bon-good
A. When a nasal sound is followed by another "n", or "m," the nasal sound is pronounced, then the "n" or "m" is pronounced separately. B. If an accent is placed over the vowel, there is no nasal sound. C. In never indicates a nasal sound. The letter c is only used in the ch combination. The letter k is used for the hard sound. The letter s is used for the soft sound.
Usage outside of Haiti
Haitian Creole is used widely among Haitians who have relocated to other countries, particularly the United States. Some of the larger population centers include parts of New York City, Boston and South Florida (Miami, Fort Lauderdale, and Palm Beach). Various public service announcements, school-parent communications, and other materials are produced in this language by government agencies. Miami-Dade County in Florida sends out paper communications in Haitian Creole in addition to English and Spanish. Announcements are posted in the Boston subway system in this language. Miami-Dade County also sends out public announcements in Creole. HTN, a Miami-based television channel, is the nation's only Creole-language television network. The Miami area also features over half a dozen Creole-language AM radio staitons.
Sounds and spellings
Haitian Creole spelling is mostly phonetic, and in fact quite close to the International Phonetic Alphabet (IPA). The main differences are j = /ʒ/, y = /j/, è = /ɛ/, ou = /u/.
Lexicon - Most of the lexicon is derived from French, with simplified pronuciation. Often, the French definite article was retained as part of the noun.
Sample
|
Creole |
IPA |
Origin |
English |
bagay |
/bagaj/ |
(?)Fr. bagage, "baggage" |
"thing" |
banan |
// |
Fr. banane, "banana" |
"plantain" |
bekann |
/bekãn/ |
Fr. bécane /be.kan/ |
"bicycle" |
Bondye |
/bõdje/ |
Fr. Bon Dieu /bõ.djø/ |
"God" |
dèyè |
/dɛjɛ/ |
Fr. derrière /dɛ.ʁjɛʁ/ |
"behind" |
diri |
/diri/ |
Fr. du riz /dy.ʁi/ |
"rice" |
fig |
/fig/ |
|
"banana" |
kay |
/kaj/ |
(?)Fr. cahutte /ka.yt/ |
"house" |
kiyez, tchok, poban |
// |
|
"hog banana" (*) |
kle |
/kle/ |
Fr. clé /kle/, "key" |
"wrench" or "key" |
kle kola |
// |
Fr. clé /kle/, "key" + Eng. "cola" |
"bottle opener" |
konflek |
// |
(?)En. "corn flakes" |
"breakfast cereal" |
kowouchu |
// |
(?)Fr. caoutchouc, "rubber" |
"tire" |
lalin |
/lalin/ |
Fr. la lune /la.lyn/ |
"moon" |
makak |
/makak/ |
Fr. macaque /ma.kak/ |
"monkey" |
makomen |
/makomẽ/ |
|
"goodfatherhood" (#) |
matant |
/matãt/ |
Fr. ma tante, "my aunt" |
"aunt" |
moun |
/mun/ |
(?) Fr. monde /mõd/ |
"person" |
nimewo |
/nimewo/ |
Fr. numéro /ny.me.ʁo/ |
"number" |
ozetazini |
/etazini/ |
Fr. aux États-Unis /o.ze.ta.zy.ni/ |
"the United States" |
pima |
// |
Fr. piment |
a very hot pepper |
pung |
// |
|
"hang" |
pwa |
/pwa/ |
Fr. pois /pwa/ |
"bean" |
shanet |
// |
|
"tooth gap" (@) |
tonton |
// |
|
"uncle" |
vwazen |
/vwazɛ̃/ |
Fr. voisin /vwa.zɛ̃/ |
"neighbour" |
zwazo |
/zwazo/ |
Fr. les oiseaux /le.zwa.zo/ |
"bird" |
zye |
/zje/ |
Fr. les yeux /le.zjø/ |
"eye" | (*) A banana which is short and fat, not a plantain and not a conventional banana; regionally called "hog banana" or "sugar banana" in English. (#) The relationship shared between a child's parents and godparents. (@) The gap between a person's two front teeth. |
Nouns derived from trade marks
Many trade marks have become common nouns in Haitian Creole (as happened in English with "aspirin" and "biro", for example).
The word neg
The term neg strictly means a dark-skinned man, as in gen yon neg e gen yon blan ("there is a black man and a white man"). However, it is also generally used for any man, regardless of skin color (i.e. like "guy" in American English).
Etymologically, the word derives from Spanish negro ("black", both the color and the people), and is therefore cognate of English "negro". In Haitian Creole, however, neg does not have pejorative connotations.
There are many other Haitian Creole terms for specific tones of skin, such as grimou, brin, woz, mawon, etc. However, such labels are considered offensive by some Haïtians, because of their association with racial discrimination and the Haitian class system.
Grammar
Haitian Creole grammar differs greatly from French and inflects much more simply: for example, verbs are not inflected for tense or person, and there is no grammatical gender — meaning that adjectives and articles are not inflected according to the noun. The same primary word order (SVO) is the same as French, but the variations on the verbs and adjectives are minuscule compared to the complex rules employed by French.
Many grammatical features, particularly pluralization of nouns and indication of possession, are indicated by appending certain suffixes (postpositions) like yo to the main word. There has been a debate going on for some years as what should be used to connect the suffixes to the word: the most popular alternatives are a dash, an apostrophe, or a space. It makes matters more complicated when the "suffix" itself is shortened, perhaps making only one letter (such as m or w).
Pronouns
There are six pronouns, one pronoun for each person/number combination. There is no difference between direct and indirect. Some are obviously of French origin, others are not.
|
person/number |
Creole |
Short form |
French |
English |
1/singular |
mwen |
m or m‘ or ‘m |
je, moi, me |
"I", "me" |
2/singular |
ou (*) |
|
tu, te, vous |
"you" (sing.) |
3/singular |
li |
l‘ |
il, elle, lui, le, se |
"he", "she", "it" |
1/plural |
nou |
n‘ |
nous |
"we", "us" |
2/plural |
ou or vou (@) |
|
vous |
"you" (pl.) |
3/plural |
yo |
y‘ |
ils, elles, eux |
"they", "them" | (*)sometimes ou is written as w- in the sample phrases, the w indicates ou. (@) depending on the situation. |
Plural of nouns
Nouns are pluralized by adding yo at the end.
- liv yo or liv-yo - "books"
- machin yo or machin-yo - "cars"
Possession
Possession is indicated by placing the possessor after the item possessed. This is similar to the French construction of chez moi or chez lui which are "my place" and "his place" respectively.
- lajan li - "his" (or "her") "money"
- fanmi mwen or fanmi'm - "my family"
- kay yo - "their house" or "houses"
- papa ou or papa'w - "your father"
- chat Pierre - "Pierre's cat"
- chez Marie - "Marie's chair"
- zanmi papa Jean - "Jean's father's friend"
- papa vwazin zanmi nou - "our friend's neighbor's father"
note: the possesive relationship is properly done in many different ways : ex:chez ti pye ya, chez ti pye an. also there is certain degre of morphology in haitian creole, it may not be extensive but it is there and thus can potentially be developed. for instance, the word "pete" and konyen which are fart and sex respectively in english can be morphed into "petado" and "konyado" to decribe the persons engaging in the act of farting and sex respectively.
morphology, and how it is done in some cases? "manje" means eat, and "papye" means paper, so paper-eater in creole is "manjet papye"; according to that rule we apparently add "t" to the active verb as in manjet where we add "t" to the verb "manje". As one can easily see, there is at least a primitive morphology in creole that can further be developed as the language evolves with respect to the expresive demands of its speakers.
Indefinite article
The language has an indefinite article yon, roughly corresponding to English "a"/"an" and French un/une. It is placed before the noun:
- yon kouto - "a knife"
- yon kravat - "a necktie"
Definite article
There is also a definite article, roughly corresponding to English "the" and French le/la. It is placed after the noun, and the sound varies by the last sound of the noun itself. If the last sound is a non-nasal consanant, it becomes la:
- kravat la - "the tie"
If the last sound is a vowel, it becomes an a:
- kouto a - "the knife"
- mango a - "the mango"
If the last sound is a nasal (usually an "n" sound) it becomes nan:
- machin nan - "the car"
- telefon nan - "the telephone"
\"This\" and \"that\"
There is a single word sa that corresponds to French ce/ceci or ça, and English "this" and "that". As in English, it may be used as a demonstrative, except that it is placed after the noun it qualifies:
- jardin sa bel (or jardin-sa bel)- "This garden is beautiful
As in English, it may also be used as a pronoun, replacing a noun:
- sa se zanmi mwen - "this is my friend"
- sa se chyen frè mwen - "this is my brother's dog"
Verbs
Many, many verbs in Haitian Creole are the same spoken words as the French infinitive, but they are spelled phonetically. As indicated above there is no conjugation in the language.
- Li ale travay le maten - "He goes to work in the morning".
- Li dòmi le swa - "He sleeps in the evening".
- Li li Bib la - "She reads the Bible".
- Mwen fe manje - "I make food".
- Nou toujou etidye - "We study all the time".
conjugation? contrary to what the orijinal writer has maintained, there is a functional and well-structured conjugation for the verbs in haitian creole. for instance, let's take the verb "manje" which is to eat in english, the following are its well-structured time-specific conjugations:
progressive present tense:
m'ap manje---- i am eating w'ap manje---- you are eating l'ap manje---- he/she is eating n'ap manje----we are eating y'ap maje-----they are eating
progressive past tense:
mwen t'ap manje--- i was eating ou t'ap manje---- you were eating li t'ap manje--- he/she was eating nou t'ap manje---we were eating yo t'ap manje---they were eating
present tense:
mwen manje-- i eat ou manje--- you eat li manje--- he/she eats nou manje--- we eat yo manje--- they eat
past tense:
mwen te manje--- i ate ou te manje--- you ate li te manje--- he/she ate nou te manje---we ate yo te manje--- they ate
future tense: mwen pral manje--- i will eat ou pral manje--- you will eat li pral manje--- he/she will eat nou pral manje--- we will eat yo pral manje--- they will eat
Copulas
The concept expressed in English by the verb "to be" is expressed in Haitian Creole by two words, se and ye.
The verb se (pronounced as the English word "say") has roughly the same meaning as "to be" (and its inflections "am", "are", "is") in English. It is used like any verb, namely between the subject and the predicate:
- Li se fre mwen - "he is my brother"
- Mwen se doktè - "I am a doctor"
- Sa se yon pyebwa mango - "That is a mango tree"
- Nou se zanmi - "we are friends"
The subject sa or li can sometimes be omitted with se:
- Se yon bon ide - "That is a good idea"
- Se nouvo chemiz mwen - "This is my new shirt"
For the future tense, such as "I want to be" usually devenir is used instead of se.
"Ye" has a similar meaning, but it is placed at the end of the sentence, after the predicate and the subject (in that order):
- Ayisyen mwen ye = Mwen se Ayisyen - "I am Haitian"
- Ki moun sa? - "Who is that?"
- Kouman ou ye? - "How are you?"
To have
The verb "to have" is genyen, often shortened to gen.
There Is
The verb genyen (or gen) also means "There is" (or "There are")
- Genyen anpil Ayisyen nan Florid - "There are many Haitians in Florida".
- Gen yon moun la - "There is someone here".
- Pa gen moun la - "There is nobody here".
To know
There are two verbs which are often translated as "to know", but they mean different things. Konn or konnen means just about what "to know" means in English.
- Èske ou konnen non li? - "Do you know his name?"
- M pa konnen kote li ye - "I don't know where he is." (note pa = negative)
The other word is konn. It is not easy to translate as a single word, but it most approximately means "to know how", "to have experience", or "to know how to do something". This is similar to the "know" is used in the English phrase "know how to ride a bike": it denotes not only a knowledge of the actions, but also some experience with it.
- Mwen konn fe manje - "I know how to cook" (lit. "I know how to make food")
- Eske ou konn ale Ayiti? - "Have you been to Haïti?" (lit. "Do you know to go to Haiti?")
- Li pa konn li franse - "He can't read French" (lit. "He doesn't know how to read French.")
Another verb worth mentioning is fe. It comes from the French faire and is often translated as "do" or "make". It has a broad range of meanings.
- Kouman ou fe pale kréyòl? - "How did you learn to speak Haitian Creole?"
- Marie konn fe mayi moulen. - "Marie knows how to make cornmeal"
To be able to
The verb kapab or shortened to ka means "able to (do something)". It means both "capability" and "availability", very similar to the English "can"
- Mwen ka ale demen - "I can go tomorrow"
- Petet m ka fe sa demen - "Maybe I can do that tomorrow"
Tense markers
There is no conjugation in Haitian Creole. In the present, non-progressive tense, one just uses the basic verb form:
- Mwen pale kréyòl - "I speak Haitian Creole"
For other tenses, special "tense marker" words are placed before the verb. The basic ones are:
- te - simple past
- ap - present progressive
- a - future (some limitations on use)
- pral - future (translates to "going to")
- tap (or t'ap) - past progressive
For the present progressive (I am eating now)- (notice that it is not necessary to say "right now" but it is customary) ap is used:
- M'ap manje kounye a - "I am eating now"
Note that manje means both "food" and "to eat", and ''m'ap manje yon bon manje" is also said and means "I am eating a good food".
With ap and a the pronouns nearly always take the short form (m'ap, l'ap, n'ap, y'ap):
- Mwen te we zanmi ou ye - "I saw your friend yesterday"
- Nou te pale lenten - "We spoke for a long time"
- Le li te gen wit an... - "When he was eight years old..."
- M'a travay - "I will work"
- M pral travay - "I'm going to work"
- N'a li'l demen - "We'll read it tomorrow"
- Nou pral li'l demen - "We are going to read it tomorrow"
Additional time-related markers are:
- fek - recent past ("just")
- sot - similar to fek
They are often used to together:
- Mwen fek sot antre kay la - "I just entered the house"
Also t'ap is a combination of te and ap and means "was doing":
- Mwen t'ap mache e m'we yon chen - "I was walking and I saw a dog"
Another tense marker is ta, meaning "would":
- yo ta renmen jwe - "They would like to play"
- Mwen ta vini si mwen te gen youn machin - "I would come if I had a car"
- Li ta bliye'w si ou pa't la -"He(she) would forget you if you weren't here"
Negating the verb
The word pa comes before a verb to negate it:
- Rose pa vle ale - "Rose doesn't want to go"
List of Kreyòl words
- annakaonna - ? (from Arawak, anacaona)
- annanna - a pineapple (from Arawak, anana and now used in France ananas)
- aprann - to learn
- bat - to hit
- batay - to fight
- bebe - a baby
- bonjou - good day / good morning
- bonswa - good evening (bonswa is typically said vice bonjou after 12 noon)
- boukousou - a type of bean
- boul - a ball
- chante - to sing
- cheri - darling
- cho - to be hot
- dou-dou - sweetheart
- dlo - water
- fanmi - family
- fè - to make / to do
- fèt - a party / a birthday
- fig - banana
- fou - to be crazy
- gade - to look (at)
- gato - a cake
- kijan - how
- kisa - what
- kite M - leave me / leave me alone
- kochon - a pig
- konprann - to understand
- kouman ou rele? - what is your name?
- kounye-a - now ex: vini kounye-a (come here now)
- kreyon - a pencil
- kwafè - a barber
- la - here / the
- lougawou - man wolf beast
- machin - a car
- makak - monkey
- manje - to eat / food
- mèg - to be skinny
- mesi - thank you
- moun - a person / people
- move - to be bad
- pale - to talk / to speak
- panye - a basket
- pitit - a child
- pwa - beans
- sa bon pou ou - that's good for you / that's what you get
- sache - a bag
- sirèt - candy
- timoun - a child
- tonbe - to fall
- toutouni - to be naked
- vole - a thief / to jump or fly
- zonbi - a ghost (from Africa, zombi)
- "sac pase"- what's up
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 26 at 7:26pm
|
|
|
Liv Pwovèb 24
1 Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.
2 Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal.
3 Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm.
4 Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè.
5 Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg.
6 Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la.
7 Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale.
8 Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l' fè sa ki mal, y'ap rele l' malveyan.
9 Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.
10 Si jou malè ou pa gen kouraj pou kenbe, ou pa t' janm gen fòs vre.
11 Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite.
12 Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.
13 Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule soti nan gato myèl dous nan bouch ou,
14 se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l' ale.
15 Pa janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l' rete a.
16 Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.
17 Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.
18 Seyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l' plezi. Li ka rive pa pini l' poutèt sa.
19 Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo.
20 Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri.
21 Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.
22 Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Seyè a osinon wa a ka fè rive sou ou.
23 Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.
24 Lè yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l'. Y'ap rayi l' toupatou sou latè.
25 Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l'. Tout zafè l' va mache byen.
26 Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi.
27 Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli.
28 Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li.
29 Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a.
30 Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann.
31 Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe.
32 Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m' yon leson.
33 Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon!
34 W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 26 at 7:32pm
|
|
|
chak jou pa dimanch le ou we vye zo nan chemin,konen li te gen che sou li yon jou abitan pa mezi lavil an afe pa domi di l'espwa fe viv tete pa janm tro lou pou met li sa je pa we ke pa tounen gramoun pa rete ak gramoun nou nan alfabet, min nou pa bet fanm jalou ba gra mize fe bourik kouri pase chwal chanje met chanje metye krapo fe kole mouri san deye se gres kouchon ki kwit kouchon matla te di plis pase sa ,epi li kite payas monte'l chemin lajan pa gen pikan lajan nan poch pa fe pitit ti bout kouto miyo pase zong bel dan pa di zanmi pou sa bourik fe petit pou do'l ka poze sa ki pa touye'w li angrese ou santi bon koute che bel anterman pa di paradi milat pauve se neg, neg rich se milat sa ou fe se li ou we se met ko ki veye ko fe koupe fe byen pre pa lakay napwen lapriye ki pa gen amen min anpil chay pa lou grangou se mize,vant plen se traka pi piti pi red bouch mange tout mange li pa pale tout pawol baton ki nan men'w ave'l ou pare kou kreyol pale kreyol konprann chemin lwan gombo di zombi goute sel li pa mande rete rat pase nan dlo chaud le li we dlo fret li pe depi nan ginen neg ap trayi neg tet ki abitie pote chapeau ap toujou pote chapeau liberte se pa bay yo bay sa,min se prann pou ou prann'l M'A MONTRE'W FE GATO, MIN M'PAP MONTRE'W FE SIRO Se pa pwa chaye la ki fè zo do'w fè'w mal, se jan'w poté'l la
Deye mon'n genyen mon'n
SI'W TE GIN SOS ALA BANNAN'N OU TAP MANJE
OU PASE NAN SIMITYE OU PA JAN'M WE KOT PITIT MOURI POU MANMAN
BRI KOURI NOUVEL GAYE LOL
SAK NAN MIN'W SE LIK PAW
SAK PA BON POU YOUN BON POU YON LOT
BAY PITI PA DI CHICH
FE WE PA DIRE
PA KONIN PA AL LA JISTIS
BYEN JWIN'N BYEN KONTRE
NEG SOT SE EVENMAN
DAN POURI GIN FOS SOU BANNAN'N MI
LE MALFINI AP VOLE PA GIN MAL PAGIN FEMEL
TOUT KOUKOUY KLERE POU JE YO
SAK PALA PA LADAN'L
RINMIN TOUT PEDI TOUT
SA BONDYE SERE POU OU LAVALAS PA POTEL ALE
SA'W PLANTE SE LI'W REKOLTE
RINMIN SAK POU OU
MACHE SOU TREZ POU'W PA PILE KATOZ
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 26 at 7:38pm
|
|
|
Rev madichon (sa) ou sere pou bel mè ou, se manman ou li rive, Ou paka chita sou kui, epi wap palé bèf mal. Lè ou an devèn men'n chyen ou modé ou. Baton ki bat chyen nwa a, se li ki bat chyen blan an tou. Sa ou fe se li ou wè Chyen bwè dlo, li di sak nan vant ou sé li ki pa ou/
Bèl bonjou pa vle di bonzanmi pou sa Apeti se pi bon kizinyè Pa kwoke makout ou pi wo pase bra ou Dèyè mòn gen mòn Yon sèl dwèt pa manje kalalou
Deye mon gen mon
Apre dans tanbou lou
Men anpil chay pa lou
Bel anteman pa di paradi
Kreyon pep la pa gen gonm
Le yo vle touye chen yo di'l fou
Kay koule twompe soley men Li pa twompe lapli
Milat pov se neg, neg rich se milat
Bay kou, bliye. Pote mak, sonje.
Si yo te kon'n tampé bouzen, pa tap gen fan'm ki tap soti nan lari. (literati ayisyen') Gro blé ki gro blé ki té repité ko'm twal ki pi solid, madougou krevél. LOL My favorit Tout botey genyen bouchon yo, ti boutey fiol gen bouchon'l, danmijon'n gen bouchon. Ou fye fan'm twa jou apre lan mort. (folks. understand these proverbs were made long time ago.) Zye ou ront se la dan'l ou krye. Bat chyen an, tan'n mèt li. Kanari pa sous. Sa je pa we ke pa tounen.
montre makak voye woch, premiye moun lap kase tet se ou-mem
si mama ou nan kay, pa voye woch
yon sel dwet pa manje kalalou
Ak pasiyans ou ap we tete foumi
anpil main, chai pa lou
burik chaje pa konpe
Tono vid gronde! Sak vid pa kampe Kout manchèt nan dlo, pa pote mak Kay koule tronpe solèy, li pa ka tronpe lapli Tout sa w kwè ki pa anyen, plen yon panyen Tout koukou, klere pou je'l Nan dèyè mon, plin mon
Kreyol pale, kreyol komprann
Makak pa janm kwe petit-li led. .
Pise gaye pa kimen
SÉ pa lÈ you moun ap nÉyÉ pou montrÉ-l najÉ
RÒch nan dlo pa konnin mizÈ rÒch nan solÈy
SÈ souliÉ ki konnin si chosÈt gin trou
Mwen ba w sal w ap mande salon
"Pa kwoke makout ou pi wo pase bra ou
Bay kou bliye, pote mak sonje
Bèl bonjou pa vle di bonzanmi pou sa
Boef pas janm bouqué pòté còne li
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 26 at 8:58pm
|
|
|
Español |
Kreyòl |
English |
babosa |
kalmason |
slug |
bacalao |
lanmori |
sundried cod |
bachillerato |
bakaloreya |
baccalaureate, high school diploma |
bagazo |
bagas |
pulp |
Bahamas |
Baamas |
Bahamas |
baile |
bal |
dance |
baile; combo |
djaz |
dance; combo |
bajar, descender |
bese |
to lower, to descend |
bajo; medias femeninas; dar (abreviado) |
ba |
low, short; women's socks; abbreviated form of to give |
balance |
balans |
balance |
balanza, peso |
pèz |
scale, weight |
balcón |
balkon |
balcony |
balón, bola |
boul |
ball |
balón, pelota |
balon |
ball |
baloncesto |
baskèt |
basketball |
balsa; grupo |
kòlòn |
raft; group |
balsa; multitud |
bann |
raft, balsa; multitude |
bambú |
banbou |
bamboo |
banco |
labank |
bank |
banco; dar |
ban |
bank; to give |
banda; venda |
band |
band; bandage, blindfold |
bandera |
drapo |
flag |
bandido |
bandi |
bandit |
banquete |
bankèt |
banquet |
bañar; mojar |
rouze |
to bathe; to wet |
bañar; mojar |
wouze |
to bathe; to wet |
bañarse |
benyen |
to bath |
bar, cantina |
kantin |
bar, cantina |
baraja, carta; cuatro; mapa |
kat |
card; four; map |
barato |
bonmache |
cheap |
barato |
bonmarche |
cheap |
barba |
bab |
beard |
barba |
labab |
beard |
barca, yola |
kannòt |
rowboat, small boat |
barco |
bato |
ship, boat |
barco, buque |
batiman |
ship |
barniz |
vèni |
varnish |
barón |
baron |
baron |
barón |
bawon |
baron |
barranco |
barank |
gully, ravine |
barranco |
falèz |
gully, ravine |
barrer; escoba |
bale |
to sweep; broom |
barrera, puerta |
bayè |
barrier, door |
barril, tanque |
barik |
barrel, tank |
barrio, zona |
katye |
neighborhood |
barro, lodo |
labou |
mud |
barrote |
baro |
bar |
barrote |
bawo |
bar |
base |
baz |
base |
bastante |
ase |
enough |
bastón, palo |
baton |
stick, baton, cane |
basura, desechos |
fatra |
trash, waste |
batalla, pelea |
batay |
battle, fight |
batata |
patat |
sweet potato |
batería |
batri |
battery |
batir, golpear |
bat |
to beat, to hit |
bautizar |
batize |
to baptize |
bautizo |
batèm |
baptism, christening |
bayoneta |
bayionet |
bayonet |
bebé |
bebe |
baby |
beber, tomar |
bwè |
to drink |
bebida |
bwason |
drink |
bebida |
bwèson |
drink |
bebidas; vinos |
brevaj |
beverage; wines |
Bélgica |
Bèljik |
Belgium |
bellaco |
brigan |
rascal, scoundrel |
bellaquería |
brigandaj |
mischief |
bellas artes |
bozar |
fine arts |
bello, lindo, bonito |
bèl |
pretty, beautiful |
bendecir |
beni |
to bless |
bendición |
benediksyon |
benediction, blessing |
beneficiar |
benefisye |
to benefit |
beneficio |
benefis |
benefit |
berengena |
berejèn |
eggplant |
berengena |
berejenn |
eggplant |
berro |
kreson |
watercress |
besar |
beze |
to kiss |
biberón |
bibon |
pacifier |
biberón |
bibwon |
pacifier |
Biblia |
Labib |
Bible |
biblioteca |
biblyotèk |
library |
bicarbonato |
bikabonat |
bicarbonate |
bicicleta |
bekàn |
bicycle |
bicicleta |
bisiklèt |
bicycle |
bien |
byen |
well |
bien sabe, ya |
deja |
know well, already |
bien, sino |
oubyen |
or |
bienaventurado |
byennere |
daring; lucky |
bigote |
moustach |
mustache |
billar |
biya |
billiards, pool |
billete |
biyè |
(dollar) bill |
biscocho, postre |
gato |
cake |
blanco |
blan |
white |
blando, flojo |
mou |
soft, flacid |
blanquear |
blanchi |
to whiten |
bloc |
blòk |
block |
bloquear |
blòke |
to block |
blusa |
blouz |
blouse |
blusa |
kòsay |
blouse |
boca |
bouch |
mouth |
bocina del vehículo |
klaksonn |
horn (of a vehicle) |
boda |
nòs |
wedding |
bodega, tienda |
boutik |
bodega, boutique |
bola |
wolib |
free ride |
bollo (de harina), domplín (de harina) |
donbrèy |
dumpling |
bolsa, paquete; muchos |
pak |
bag, packet, package, sack; many |
bolsillo |
pòch |
pocket |
bomba |
ponp |
pump |
bomba (bélica) |
bonm |
bomb |
bombero |
ponpye |
fireman |
bombillo |
anpoul |
light bulb |
bordado |
brode |
embroidery, needlework |
bordado |
bwode |
embroidery, needlework |
bordar |
bòde |
to embroider |
borde, lado |
bò |
border, side |
borrachera |
banbilay |
drunkenness |
borracho |
tafyatè |
drunk |
borracho, ebrio |
tolo |
drunk, inebriated |
bostezar |
baye |
to yawn |
bota |
bòt |
boot |
botar, tirar |
jete |
to discard, to throw |
botella |
boutèy |
bottle |
botellón |
danmijann |
large bottle |
botón; nacido |
bouton |
button; born |
boxeador |
boksè |
boxer |
boxear |
bokse |
to box |
brasa |
tidifè |
ember |
Brasil |
Brezil |
Brazil |
bravo |
brav |
brave, fierce |
brazalete |
brasle |
bracelet |
brazo |
bra |
arm |
brazo |
zak |
arm |
brillar |
briye |
to shine |
brisa |
briz |
breeze |
brocha |
penso |
brush |
brocha, cepillo |
bròs |
brush |
brocha, cepillo |
bwòs |
brush |
broma, chiste |
blag |
joke |
broza, hierba |
raje |
brushwood, herb |
bruja |
lougawou |
witch |
brujo |
sòsye |
witch, witch doctor |
brujo, curandero |
bòkò |
witch, witchdoctor |
brutal, violento |
brital |
brutal, violent |
buche |
fal |
mouthful* |
buche |
gòjèt |
mouthful |
buen corazón |
bonkè |
good heart |
buenas tardes |
bonswa |
good afternoon |
bueno; límite; sirvienta |
bòn |
good; limit; servant |
buenos días |
bonjou |
good morning |
buey |
bèf |
ox, steer |
buey |
toro |
ox |
bujía |
balèn |
spark plug |
bulto, equipaje |
malèt |
bag, suitcase |
burgués |
boujwa |
bourgeois |
burguesía |
boujwazi |
bourgeoisie |
burla |
payèt |
ridicule, mockery |
burla, grosería |
betiz |
ridicule, mockery; rudeness, profanity |
buscar |
bouske |
to look for, to search |
buscar |
chache |
to look for, to seek |
buscar |
chèche |
to look for, to search |
butaca, sillón |
fotey |
armchair |
|
| Back to Top |
|
| |
Excalibur Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: Haiti Posts: 4802
|
| Posted: 2007 March 27 at 7:20am
|
|
|
Mèt Dilibon mèsi pou post sa ki pèmèt mwen ak anpil lot lektè anrichi konesans yo an kreyol.
__________________ Si nou vle peyi ya chanje, fok nou chanje mantalite nou.
excalibur592000@yahoo.com
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 27 at 1:33pm
|
|
|
You are welcome Exca! Ala sa ta bel si ta gen konpetisyon nan poste bagay ki ka itil ke post pou defoulay....
jistis bondie se kabwet bef kaka kou chyen pa mal se tranble jam lan ki mal chyen gen kat pat li pa kouri nan kat chemen sa ki baw konsey achte chwal gwo vant nan tan la pli lan tan sek li pa edew nouri li ala traka se lave kay te kabrit gade figi met kay avan li rantre se le bef fin pase w di femen barye barye ladowan te di pi mal pase sa pise vagabon te pouri li makdonal te rete wa rete tou kakage pa linet se sou chyen meg ou we pis yo mete chat veye be on jou pou chase on jou pou gibye yo fose bourik travese dlo yo pa foce li bwe dlo mennen koulev lekol se youn fel chita se lot chyen gen kat pat li pa kouri nan kat chemen vye neg pa vye chyen kontitisyon se papye bayonet se fe pye kout pran devan moun ki swe pou w se pou li w chanje chemiz sa mwen we pou w nan gomye pa we li ma diw sa kasayol te di bef la two prese pa fe jou louvri pita pi tris vole pa rennen vole parey yo pote gwo makout sa ki bay se enbesil ki pa pran tet ki kon met chapo ap toujou met chapo
|
| Back to Top |
|
| |
Alain Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: Dominican Republic Posts: 121
|
| Posted: 2007 March 27 at 1:55pm
|
|
|
Mwen pa sawe anpil kreyol. ak guid la, mwen pe aprann plis mo e ekspresyon ann kreyol. de fwa zanmi mwen aysien ap pale anpil rapid e sa pli difisil pou mwen komprann.
mesi
__________________ Alain Richard
Amoureux d'Haïti
RELE AYITI PAS CHÈ
RESPECT ET LIBERTÉ VONT DE PAIR!
|
| Back to Top |
|
| |
jopi Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: France Posts: 1935
|
| Posted: 2007 March 28 at 1:53pm
|
|
|
Dilibon..
Se pa jodi-a map chache you metod pou you kou kreyol ke map bay a you gwoup franse ke pral anayiti fè yous eri de travay.
Wap pèmèt mwen ponpe kou kreyol ou wa poum ka itilize li tou bor isit la.
Mwen pral louvri konpetisyon an map ekri you atik sou you maladi ki ka rann moun avèg nan kek jou...
Mesi pou kou kreyol la...
__________________ "vous me bouchez violemment les narines ... vous me pressez les lèvres de vos gants de plomb. Pourquoi vous étonnez-vous que je sois encore vivant? C'est par le coeur que je respire" Frankétienne
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 28 at 2:16pm
|
|
|
Nouns derived from trade marks
Many trade marks have become common nouns in Haitian Creole (as happened in English with "aspirin" and "kleenex", for example).
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 28 at 2:21pm
|
|
|
Pronouns
There are six pronouns, one pronoun for each person/number combination. There is no difference between direct and indirect. Some are obviously of French origin, others are not.
person/number |
Creole |
Short form |
French |
English |
1/singular |
mwen |
m |
je, me, moi |
"I", "me" |
2/singular |
ou (*) |
w |
tu, te, vous |
"you" (sing.) |
3/singular |
li |
l |
il, elle, on |
"he", "she", "it" |
1/plural |
nou |
n |
nous |
"we", "us" |
2/plural |
nou or vou (@) |
|
vous |
"you" (pl.) |
3/plural |
yo |
y |
ils, elles, eux |
"they", "them" |
(*)sometimes ou is written as w- in the sample phrases, w indicates ou. (@) depending on the situation.
Plural of nouns
Nouns are pluralized by adding yo at the end.
liv yo - "books"
machin yo - "cars"
Possession
Possession is indicated by placing the possessor after the item possessed. This is similar to the French construction of chez moi or chez lui which are "my place" and "his place", respectively.
lajan li - "his/her money"
fanmi mwen or fanmi m - "my family"
kay yo - "their house" or "their houses"
papa ou or papa w - "your father"
chat Pyè - "Pierre's cat"
chèz Mari - "Marie's chair"
zanmi papa Jan - "Jean's father's friend"
papa vwazen zanmi nou - "our friend's neighbor's father"
Indefinite article
The language has an indefinite article yon, roughly corresponding to English "a/an" and French un/une. It is placed before the noun:
yon kouto - "a knife"
yon kravat - "a necktie"
Definite article
There is also a definite article, roughly corresponding to English "the" and French le/la. It is placed after the noun, and the sound varies by the last sound of the noun itself. If the last sound is an oral consonant and is preceded by an oral vowel, it becomes la:
kravat la - "the tie"
liv la - "the book"
kay la - "the house"
If the last sound is an oral consonant and is preceded by a nasal vowel, it becomes lan:
lanp lan - "the lamp"
ban lan - "the bench"
If the last sound is an oral vowel and is preceded by an oral consonant, it becomes a:
kouto a - "the knife"
peyi a - "the country"
If the last sound is an oral vowel and is preceded by a nasal consonant, it becomes an:
fanmi an - "the family"
mi an - "the wall"
If the last sound is a nasal vowel, it becomes an:
chen an - "the dog"
pon an - "the bridge"
If the last sound is a nasal consonant, it becomes nan:
machin nan - "the car"
telefòn nan - "the telephone"
madanm nan - "the woman"
"This" and "that"
There is a single word sa that corresponds to French ce/ceci or ça, and English "this" and "that". As in English, it may be used as a demonstrative, except that it is placed after the noun it qualifies. It is often followed by a or yo (in order to mark number):
jardin sa (a) bèl- "This garden is beautiful."
As in English, it may also be used as a pronoun, replacing a noun:
sa se zanmi mwen - "this is my friend"
sa se chen frè mwen - "this is my brother's dog"
Verbs
Many verbs in Haitian Creole are the same spoken words as the French infinitive, but they are spelled phonetically. As indicated above, there is no conjugation in the language; the verbs have one form only, and changes in tense are indicated by the use of tense markers.
Li ale travay le maten - "He goes to work in the morning."
Li dòmi le swa - "He sleeps in the evening."
Li li Bib la - "She reads the Bible."
Mwen fè manje - "I make food."
Nou toujou etidye - "We study all the time."
The concept expressed in English by the verb "to be" is expressed in Haitian Creole by two words, se and ye.
The verb se (pronounced as the English word "say") is used to link a subject with a predicate nominative:
Li se frè mwen - "he is my brother"
Mwen se doktè - "I am a doctor"
Sa se yon pyebwa mango - "That is a mango tree"
Nou se zanmi - "we are friends"
The subject sa or li can sometimes be omitted with se:
Se yon bon lide - "That is a good idea"
Se nouvo chemiz mwen - "This is my new shirt"
For the future tense, such as "I want to be", usually vin "to become" is used instead of se.
L ap vin bel frè mwen - "He will be my brother-in-law"
Mwen vle vin yon doktè - "I want to become a doctor"
Sa ap vin yon pyebwa mango - "That will become a mango tree"
N ap vin zanmi - "We will be friends"
"Ye" also means "to be", but is placed exclusively at the end of the sentence, after the predicate and the subject (in that order):
Ayisyen mwen ye = Mwen se Ayisyen - "I am Haitian"
Ki moun sa ye? - "Who is that?"
Kouman ou ye? - "How are you?"
The verb "to be" is not overt when followed by an adjective, that is, Haitian Creole has stative verbs. So, malad means "sick" and "to be sick":
M gen yon zanmi malad - "I have sick friend."
Zanmi mwen malad. - "My friend is sick."
To have
The verb "to have" is genyen, often shortened to gen.
Mwen genyen lajan nan bank lan - "I have money in the bank".
There Is
The verb genyen (or gen) also means "there is/are"
Gen anpil Ayisyen nan Florid - "There are many Haitians in Florida".
Gen yon moun la - "There is someone here".
Pa gen moun la - "There is nobody here".
To know
There are three verbs which are often translated as "to know", but they mean different things. Konn or konnen means "to know" + a noun (cf. French connaître).
Èske ou konnen non li? - "Do you know his name?"
Konn or konnen also means "to know" + a fact (cf. French savoir).
M pa konnen kote li ye - "I don't know where he is." (note pa = negative)
The third word is always spelled konn. It means "to know how to" or "to have experience". This is similar to the "know" is used in the English phrase "know how to ride a bike": it denotes not only a knowledge of the actions, but also some experience with it.
Mwen konn fè manje - "I know how to cook" (lit. "I know how to make food")
Èske ou konn ale Ayiti? - "Have you been to Haïti?" (lit. "Do you know to go to Haiti?")
Li pa konn li fransè - "He can't read French" (lit. "He doesn't know how to read French.")
Another verb worth mentioning is fè. It comes from the French faire and is often translated as "do" or "make". It has a broad range of meanings, as it is one of the most common verbs used in idiomatic phrases.
Kouman ou fè pale kreyòl? - "How did you learn to speak Haitian Creole?"
Mari konn fè mayi moulen. - "Marie knows how to make cornmeal."
To be able to
The verb kapab (or shortened to ka, kap' or 'kab) means "to be able to (do something)". It refers to both "capability" and "availability", very similar to the English "can".
Mwen ka ale demen - "I can go tomorrow."
Petèt m ka fè sa demen - "Maybe I can do that tomorrow."
There is no conjugation in Haitian Creole. In the present non-progressive tense, one just uses the basic verb form for stative verbs:
Mwen pale kreyòl - "I speak Haitian Creole"
Note that when the basic form of action verbs is used without any verb markers, it is generally understood as referring to the past:
mwen manje - "I ate"
ou manje - "you ate"
li manje - "he/she ate"
nou manje - "we ate"
yo manje - "they ate"
(Note that manje means both "food" and "to eat" -- m ap manje bon manje means "I am eating good food").
For other tenses, special "tense marker" words are placed before the verb. The basic ones are:
te - simple past
tap (or t ap) - past progressive (a combination of te and ap, "was doing")
ap - present progressive (With ap and a, the pronouns nearly always take the short form (m ap, l ap, n ap, y ap, etc.))
a - future (some limitations on use)
pral - near or definite future (translates to "going to")
ta - conditional future (a combination of te and a, "will do")
Simple past or past perfect:
mwen te manje - "I ate" or "I had eaten"
ou te manje - "you ate" or "you had eaten"
li te manje - "he/she ate" or "he/she had eaten"
nou te manje - "we ate" or "we had eaten"
yo te manje - "they ate" or "they had eaten"
Past progressive:
mwen t ap manje - "I was eating"
ou t ap manje - "you were eating"
li t ap manje - "he/she was eating"
nou t ap manje - "we were eating"
yo t ap manje - "they were eating"
Present progressive:
m ap manje - "I am eating"
w ap manje - "you are eating"
l ap manje - "he/she is eating"
n ap manje - "we are eating"
y ap manje - "they are eating"
Note: For the present progressive ("I am eating now") it is customary, though not necessary, to add "right now":
M ap manje kounye a - "I am eating right now"
Near or definite future:
mwen pral manje - "I am going to eat"
ou pral manje - "you am going to eat"
li pral manje - "he/she am going to eat"
nou pral manje - "we am going to eat"
yo pral manje - "they am going to eat"
Future:
N a wè pita - "See you later" (lit. "We will see (each other) later)
Other examples:
Mwen te wè zanmi ou yè - "I saw your friend yesterday"
Nou te pale lontan - "We spoke for a long time"
Lè li te gen uit an... - "When he was eight years old..."
M a travay - "I will work"
M pral travay - "I'm going to work"
N a li l demen - "We'll read it tomorrow"
Nou pral li l demen - "We are going to read it tomorrow"
Mwen t ap mache e m wè yon chyen - "I was walking and I saw a dog"
Additional time-related markers:
fèk - recent past ("just")
sòt - similar to fèk
They are often used together:
Mwen fèk sòt antre kay la - "I just entered the house"
A verb mood marker is ta, corresponding to English "would" and equivalent to the French conditional tense:
Yo ta renmen jwe - "They would like to play"
Mwen ta vini si mwen te gen yon machin - "I would come if I had a car"
Li ta bliye w si ou pa t la - "He/she would forget you if you weren't here"
Negating the verb
The word pa comes before a verb (and all tense markers) to negate it:
Woz pa vle ale - "Rose doesn't want to go"
Woz pa t vle ale - "Rose didn't want to go"
List of Haitian Creole words
- yon anana - a pineapple (from Arawak, anana and now used in France ananas)
- Anakaona - ? (from Arawak, anacaona, who was a Taino princess)
- anpil - a lot, many (from Fr. "en pile", lit. in piles, in great amounts)
- aprann - to learn
- yon bannann - plantain
- bat - to whup
- yon batay - a fight, a battle
- yon goumen - a fight (most popular)
- batay - to fight, to battle
- goumen - to fight
- yon bebe - a baby
- bonjou - good day / good morning
- bonswa - good evening (bonswa is typically said after 12:00 noon)
- boukousou - a type of bean
- boul, balon - a ball
- chadèk - grapefruit (from Fr. Chadèque or pamplemousse)
- chante - to sing
- yon chanson - a song
- yon chan - a song, a chant
- cheri - darling
- cho - hot (also used as an adj. i.e. "Fi sa a cho anpil", She's really hot!)
- doudou - sweetheart
- dous - sweet
- yon dous - a cookie (food)
- enpe dlo - some water
- yon fanmi - a family
- fè - to make / to do
- yon fèt - a party / a birthday
- yon fig - a banana
- fou - stove
- fòl - crazy (a crazy person - yon moun fou (fòl))
- gade - to look (at), to watch (to watch TV - gade TV)
- garde - to guard
- yon gardyen - a guardian
- yon gardyen bu - a goal keeper
- gato - a cake
- gwayav - guava fruit
- gwo - big; also, to be fat ("li gwo", he is fat)
- enpe kafe - some coffee
- kaka - feces
- yon kann - a sugar cane
- yon kenèp - Mamoncillo a.k.a. Spanish lime
- kijan - how
- kisa - what
- kibò, kikote - where
- kimoun - who
- ki, ke - that (conj.)
- kite mwen - leave me / leave me alone
- kite mwen ale - let me go
- yon kochon - a pig
- yon kokoye - a coconut
- konprann/komprann - to understand
- kouman/kijan ou rele? - what is your name?
- kòm - as
- kòman/kijan - how
- kounyèa - now ex: vini kounye a (come here now)
- yon kowosòl/kosòl - Soursop a.k.a Corossol
- yon kreyon - a pencil
- yon kwafè - a barber
- la - here / the
- lant/lan - slow
- lanse - to launch
- yon lougawou - a werewolf, bad witch
- yon mambo/manbo - a female witch
- yon bòkò/ongan - a male witch
- yon majisyen - a magician
- yon machin - a car
- yon makak - a monkey
- yon manyòk - Cassava a.k.a. manioc
- manje - to eat / food (both noun and verb)
- enpe manje - some food
- mèg - skinny
- mèsi/mèrsi - thank you
- yon moun - a person
- kèk moun - some people (the indefinite article plural form)
- move - bad (move moun - bad person)
- move - fighty (a person that is ready to fight or beat someone up)
- pale/parle - to talk / to speak
- yon pánye - a basket
- yon pitit - a child (a father or mother: my child)
- yon pitit fi - a daughter
- yon pitit gason - a son
- yon pitit pitit - a grand child
- pwa - bean
- ki pèz ou (genyen)?- what is your weight?
- peze - to press (press a button), to weigh (this weighs two liters)
- yon pyebwa - tree (lit. wood foot, from Fr. pied de bois)
- sa bon pou ou - that's what you get
- yon sache/sachè - a bag
- sa (è) bon pour ou - that's good for you
- sa ka fèt / sa k ap fèt - how's it going?
- sa k pase - what's up?
- yon sirèt - a candy
- tankou - like (conj.)
- yon timoun - a kid ("little person")
- yon granmoun - an adult
- tonbe - to fall
- toutouni - naked
- yon vòlè - a thief
- vòlè - to steal
- yon vòl - a theft, a fly (ki vòl ou ape pran - what fly are you taking?)
- pran vòl - to take off (an airplane)
- yon avyon - an airplane
- vole - to jump or fly
- yon zaboka - Avocado
- zobogit - to be skinny
- yon zonbi/zombi - a ghost (from Africa, zombi)
Numbers
- zero - 0
- yonn, en - 1
- de, dez - 2
- twa - 3
- kat, katr - 4
- senk - 5
- sis - 6
- sèt - 7
- uit, ywit - 8
- nèf - 9
- dis - 10
- onz - 11
- douz - 12
- trèz - 13
- katòz - 14
- kenz - 15
- sèz - 16
- disèt - 17
- dizwit - 18
- diznèf - 19
- ven, vent - 20
- venteyen, vent-yonn - 21
- vennde, vent-dez - 22
- venntwa, vent-twa - 23
- ...etc.
- trant - 30
- tranteyen, trant-yonn - 31
- trannde - 32
- tranntwa - 33
- ...etc.
- karant - 40
- karanteyen, karant-yonn - 41
- karannde - 42
- karanntwa - 43
- ...etc.
- senkant - 50
- swasant - 60
- swasenndis - 70
- swasenteyonz- 71
- swasenndouz- 72
- swasenntrèz- 73
- ...etc.
- katreven, katrevent - 80
- katrevendis, katreven-dis- 90
- katrevenonz, katreven-onz- 91
- katrevendouz- 92
- katreventrèz- 93
- ...etc.
- san - 100
- san en, san yonn - 101
- san dis - 110
- de san, dez san - 200
- de san ven - 220
- twa san - 300
- kat san - 400
- senk san - 500
- si san - 600
- sèt san - 700
- ui(t) san - 800
- nèf san - 900
- nèf san katrevendisèt - 997
- nèf san katrevendizuit - 998
- nèf san katrevendiznèf - 999
- mil - 1000
- de mil - 2000
- senk mil - 5000
- di mil - 10 000
- san mil - 100 000
- 1 milyon - 1 000 000, 1 million
- 1 bilyon - 1 000 000 000, 1 billion
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 28 at 2:24pm
|
|
|
Deklarasyon linivèsèl Dwa MounJou ki te 10 desanm 1948, Asanble Jeneral Nasyonzini te vote epi pwoklame Deklarasyon linivèsèl sou Dwa Moun ki andedan ti liv sa a. Apre li fini fè gwo jès moun pa ka bliye sa a, Asanble Jeneral la te rekòmande tout peyi ki manm Nasyonzini yo, pou yo pibliye Deklarasyon an epi fè tout mwayen posib pou simaye li afiche li toupatou, fè moun li ak fè kòmante sou deklarasyon an, sitou nan lekòl ak lòt lokal kote yo fè edikasyon moun, kèlkeswa sitiyasyon politik peyi yo oswa teritwa yo. EntwodiksyonLè nou sonje ke desizyon rekonèt valè chak moun genyen nan li menm-menm kòm moun, desizyon rekonèt tout moun gen menm dwa egalego, dwa pèsonn pa ka wete nan men yo, desizyon sa a se veritab baz libète, veritab baz lajistis ak lapè sou tè a. Lè nou sonje ke inyorans ak mepri dwa moun, konn lakòz divès move zak sovaj, zak ki revolte konsyans mezi moun sou tè a, san nou pa bliye ke, pi gwo espwa nou kòm moun, sèke yon jou va rive lè chak kretyen-vivan va gen libète lapawòl, libète pou li gen konviksyon pèsonel li, yon jou lè tout moun va santi yo debarase ak lapèrèz ak lamizè sou tè a. Lè nou sonje nesesite pou gen yon seri règleman ki pou pwoteje dwa moun sou tè a, dekwa pou lèzòm pa toujou santi yo oblije pran lèzam pou delivre tèt yo anba chèf k ap kraze brize ak moun k ap fè abi. Lè nou sonje nesesite pou nou ankouraje tout nasyon tabli relasyon bon zanmitay antre yo. Lè nou sonje ke nan batistè Nasyonzini an menm, pèp peyi manm yo te retounen deklare ankò, ke yo gen lafwa nan dwa fondalnatal chak moun, lafwa nan diyite ak valè chak kretyen-vivan, lafwa nan dwa egalego pou ni fanm, ni gason. Lè nou sonje ke tout peyi sa yo te pran pozisyon anfavè pwogrè sosyal sou tè a, epi yo te pran desizyon pou fè tout moun sou tè a jwenn plis libète ak pi bon kondisyon pou yo viv. Lè nou sonje ke peyi manm yo te pran angajman, pou yo kole tèt ak Nasyonzini, pou fè respekte dwa moun ak libète ki endispansab yo, toutbon vre, toupatou sou tè a. Lè nou sonje jan li enpòtan pou tout moun sòti dakò sou sa dwa ak libète sa yo vle di, pou yo ka asepte angajman sa a nan tout sans li. Asanble Jeneral la pwoklarme: Deklarasyon Dwa Moun sa a fèt pou sèvi tankou pi gwo espwa pou tout moun, nan tout nasyon sou tè a. Y ap eseye realize li, yon fason, dekwa pou tout kretyen-vivan, tout enstitisyon ki fè pati lasosyete, ka pran Deklarasyon sa a kòm gid, nan efò y ap fè, pou yo sèvi ak edikasyon kòm mwayen pou fè respekte dwa ak libète ki nan Deklarasyon sa a; nan efò y ap fè pou yo tabli bon jan règleman, pou soutni Deklarasyon sa a, ni lakay yo ni lòt kote. Règleman sa yo sipoze ranfòse, fè rekonèt epi fè aplike dwa ak libète ki nan Deklarasyon sa a, nan mitan popilasyon tout peyi manm Nasyonzini yo dabò epi nan mitan popilasyon tout teritwa ki sou kòmannman yo. Atik 1Tout moun sou tè a fèt tou lib. Tout gen menm valè (nan je lasosyete), tout moun gen menm dwa devan Lalwa. Tout moun fèt ak yon bonsans, tout fèt ak yon konsyans epi youn fèt pou trete lòt tankou frè ak sè. Atik 2Chak grenn moun sou tè a fèt pou kapab benefisye libète ak dwa ki pwoklame nan Deklarasyon sila a, san okenn diferans, tankou diferans ki baze sou ras, sou koulè po, sou si se fanm oswa si se gason. Pa fèt pou gen okenn diferans ki baze ni sou lang, ni sou relijyon, ni sou opinyon politik oswa lòt fason sèten moun panse; ni pa dwe gen diferans ki baze sou nasyonalite moun, klas sosyal yo, richès yo, nan ki kondisyon paran yo te fè yo; ni sou okenn lòt rezonman nan jan sa a. Pa fèt pou gen okenn diferans non plis, ki gen rapò ni ak sitiasyon politik, ni ak kalite rapò relasyon diplomatik ki egziste ant peyi kote moun nan ye a ak peyi kote moun nan sòti a, kit se yon peyi oswa yon tèritwa endepandan, kit li anba drapo yon lòt peyi, ki li gran moun lakay li, oswa t a gen kèk règleman ki limite pouvwa peyi sila a pou li pran desizyon poukont li. Atik 3Se dwa chak moun pou li chache mwayen pou konsève lavi li, konsève libète li epi pwoteje tèt li. Atik 4 Pèsonn pa gen dwa fè okenn moun tounen esklav ni fòse okenn moun fè yon travay. Pa fèt pou gen ni esklavaj, ni komès esklav, kèlkeswa jan y ap fèt la. Atik 5Yo pa gen dwa bat okenn moun, ni fè li pase mizè, ni fè li sibi lòt kalite soufrans pou fè li pèdi kontwòl li oswa fè li sispann konsidere tèt li kom moun, fè li tounen zonbi. Atik 6Chak moun gen yon seri dwa Lalwa ba li. Dwa sila yo fèt pou respekte toupatou sou tè a. Atik 7Tout moun egalego devan Lalwa. Lalwa fèt pou bay tout moun menm pwoteksyon, san distenksyon. Lalwa fèt pou pwoteje tout moun menm jan, kont tout prejije ke deklarasyon sa a pa dakò ak yo epi tout pwovokasyon ki ka kreye kalite prejije sa yo tou. Atik 8 Se dwa tout moun pou otorite lajistis nan peyi kote y ap viv la, ba yo bon jan konkou pou anpeche yo viktim move zak ki dozado ak dwa Konstitisyon oswa Lalwa peyi a ba yo eke Dwa sa yo pesonn pa sipoze wete nan men yo. Atik 9Yo pa gen dwa rete konsa pou yo arete yon moun, ni pou yo fèmen li nan prizon ni pou yo ekzile li san kòz. Atik 10Se dwa chak moun ki parèt devan lajistis, pou yo tande kòz li menm jan ak pa tout lòt moun. Kòz chak moun fèt pou jije klè, san paspouki, devan yon tribinal ki pa nan patipri. Se tribinal sa a ki pou fè jijman sou dwa ak responsablite moun nan. Se tribinal la tou ki pou deside si lalwa rekonèt te gen ase kòz pou yo mennen moun nan devan lajistis. Atik 11
- Nenpòt ki moun yo ta akize pou move zak, yo dwe konsidere moun nan inosan, jiskaske Lalwa vini rekonèt li kòm koupab; oubyen apre yo fin tande kòz la nan yon tribinal piblik. Tribinal sa a dwe bay moun nan tout mwayen pou li defann tèt li.
- Yo pa fèt pou kondane okenn moun poutèt li te aji yon fason ki pa bon si, lè moun nan t ap aji a pat ko gen okenn Lwa nan peyi a, ni okenn Lwa entènasyonal ki te ko deklare moun nan pa gen dwa aji fason sa a. Menm jan an tou, yo pa gen dwa bay okenn moun yon kondanasyon ki pi gwo pase sa Lalwa te fikse pou move zak la, lè moun nan t ap komèt li a.
Atik 12Pèsonn pa fèt pou fouye nan lavi prive okenn lòt moun, nan zafè fanmi li, ni nan sa k ap pase andedan lakay li. Pèsonn pa gen dwa fouye nan lèt yon lòt moun ekri oswa lèt li resevwa, ni fè anyen ki ka dezonore moun nan oswa fè li pèdi repitasyon li. Chak moun gen dwa pou Lalwa ba li pwoteksyon kont zak fouyapòt ak medizan-malpalan sa yo. Atik 13
- Chak moun gen dwa pou li sikile lib epi pou li chwazi ki bò li vle abite nan peyi kote li'ap viv la.
- Nenpòt ki moun fèt pou gen dwa pati kite nenpòt ki peyi, menm si se peyi pa li. Se dwa moun nan pou li retounen nan peyi li lè lide li di li.
Atik 14
- Lè gen pèsekisyon, tout moun gen dwa chache refij nan anbasad oswa teritwa yon lòt peyi. Se dwa tout moun pou yo benefisye pwoteksyon sa a.
- Dwa sa a pa valab si y'ap pouswiv moun nan pou yon krim Lalwa kondane, oswa pou kèk ajisman ki pa ale nan menm sans ak entansyon epi ak prensip Nasyonzini yo.
Atik 15
- Se dwa chak kretyen-vivan pou li gen yon nasyonalite.
- Pèsonn pa ka wete nasyonalite yon moun nan men li, ni retire dwa moun nan pou li chanje nasyonalite li.
Atik 16
- Depi yon gason ak yon fi majè, kèlkeswa ras yo nasyonalite yo oswa relijyon yo, yo gen dwa marye epi fonde yon fanmi. De moun sa yo toujou egalego tout tan yo ansanm epi menm lè y ap kite.
- Maryaj la pa sa fèt san se pa ak lib konsantman 2 moun ki pral marye yo.
- Maryaj se asosiyasyon ki pi konsekan nan je lasosyete. Li fèt pou benefisye pwoteksyon lasosyete ak leta.
Atik 17
- Se dwa chak moun pou li genyen yon byen, swa poukont li swa nan tèt ansanm ak lòt moun.
- Pèsonn pa ka rete konsa pou li deside wete byen yon moun nan men li.
Atik 18Se dwa chak moun pou li gen fason panse pa li, konviksyon ak relijyon lide li di li. Ak dwa sa a, chak moun sipoze lib chanje relijyon jan li vle, ak konviksyon li tou. Chak moun sanse lib fè antrenman, fè pratik, fè sèvis ak seremoni pou manifeste relijyon oswa kwayans li. Li sanse lib fè tout bagay sa yo, swa poukont li swa nan yon gwoup, kit se devan tout piblik la, kit se yon kote apa. Atik 19Se dwa chak moun pou li gen fason panse pa li. Epi pou li gen dwa lapawòl. Sa vle di tou, dwa pou pesonn pa ba li pwoblèm poutèt jan li panse, epi li ka sèvi ak nenpòt kalite mwayen pou li mache chache, swa asepte, swa resevwa enfòmasyon epi simaye yo tribò-babò, ak tout kalite lide. Atik 20
- Tout moun lib fè reyinyon epi pran pa nan asosiyasyon san zam.
- Yo pa gen dvva oblije pèsonn vini manm okenn asosiyasyon .
Atik 21
- Tout moun gen dwa patisipe nan direksyon zafè piblik peyi li. Gen 2 fason moun nan ka patisipe: swa li chache antre li menm-menm nan yon administrasyon Leta; swa li pran pa nan yon eleksyon lib, pou chwazi moun ki pou dirije onon li.
- Tout moun gen dwa chache yon djòb epi jwenn nan Leta san parenn, ni piston.
- Se sou volonte pèp tout pouvwa ak otorite piblik repoze. Volonte sa a fèt pou manifeste nan eleksyon onèt, ki ta dwe fèt nan yon dat fiks, kote chak sitwayen gen libète vote nan sans li vle. Volonte pèp la gen dwa manifeste tou nan nenpòt lòt demach ki sanble ak eleksyon, kote chak sitwayen lib fè chwa ki nan gou li
Atik 22Se dwa chak moun, kòm manm nan sosyete a, pou Leta ba li garanti sekirite sosyal, sa vle di, mwayen pou li satisfè tout bezwen ekonomik, sosyal ak kiltirèl ki endispansab pou li pa pèdi diyite li kòm moun epi pou devlope pèsonalite li alèz. Demach pou jwenn sekirite sosyal sa a gen dwa fèt avèk konkou ajans ki tabli nan yon peyi oswa avèk konkou kèk ajans entènasyonal, selon fòm òganizasyon ak resous chak peyi. Atik 23
- Chak moun gen dwa travay, dwa pou li deside ki travay li vle fè o li pa vle fè. Se dwa li pou li travay nan bon kondisyon ki pa kont enterè li epi ki pwoteje li.
- Se dwa tout moun ki fè menm kalite ak menm kantite travay, pou yo touche menm salè, san paspouki.
- Se dwa chak moun k ap travay pou li touche salè ki koresponn ak travay li ap fè a. Li fèt pou touche dekwa pou li menm ak tout fanmi li ka mennen yon vi respektab. Chak fwa gen posiblite yo fèt pou ta ajoute tout lòt mwayen pwoteksyon sosyal ki genyen sou salè sa a.
- Tout moun gen dwa fè kolonn ak lòt moun pou fonde sendika oswa antre nan sendika ki la deja pou defann enterè yo.
Atik 24Tout moun gen dwa pran repo epi jwenn tan pou li anmize li. Se dwa moun nan pou li pa travay depase limit epi pou li gen peryòd konje peye si li se yon anplwaye. Atik 25
- Se dwa chak moun pou li gen ase mwayen pou li bay tèt li ak fanmi li tout kalite swen nesesè tankou manje, rad, lojman, swen medikal ak tout lòt sèvis sosyal ki nesesè. Se dwa chak moun pou li gen yon api pou ka maladi, donmaj, lanmò mari oswa lanmò madanm, vyeyès, nenpòt lòt ka oswa sikonstans kalamite ki ta vin fè moun nan pèdi mwayen li te genyen pou li viv.
- Se dwa fi k ap akouche ak ti bebe nan kouchèt pou yo jwenn asistans ak pwoteksyon espesyal. Tout ti moun, pitit lejitim kou pitit deyò, fèt pou benefisye menm pwoteksyon an.
Atik 26
- Se dwa tout moun pou y'al lekòl. Lekòl leta fèt pou gratis sitou lekòl elemantè ak lekòl fondamantal. Lekòl elemantè fèt pou obligatwa. Lekòl teknik ak lekòl pwofesyonèl fèt pou alapòte tout moun. Epi posiblite antre nan inivèsite ta dwe egziste pou tout moun, selon kapasite etid yo.
- Edikasyon fèt pou vize devlopman pèsonalite moun epi ranfòse respè Dwa Moun ak libète ki endispansab yo. Li fèt pou fasilite antant, tolerans ak zanmitay fleri nan mitan tout peyi, tout kalite ras moun tout kalite relijyon. Edikasyon fèt pou ede Nasyonzini travay pou mentni lapè sou tè a.
- Manman ak papa se premye moun ki gen dwa deside ki kalite edikasyon yo ta renmen pitit yo resevwa.
Atik 27
- Se dwa chak moun pou li deside pran pa nan aktivite kiltirèl kominote a, jwi nan sa atis ak atisan ka ofri. Se dwa li tou, pou li patisipe nan pwogrè lasyans, ap fè epi pou li benefisye tou nan avantaj aktivite sa yo pote.
- Chak moun gen dwa defann enterè lalwa rekonèt li genyen ak lòt avantaj vizib ki sòti nan nenpòt ki aktivite lasyans osinon travay atis ak intelektyèl k ap ekri liv.
Atik 28Se dwa chak moun pou li fè presyon sou lasosyete, ni nan peyi li, ni nan lòt peyi, pou lasosyete ranje zafè yo yon fason, dekwa pou dwa ak libète y ap pale non Deklarasyon Dwa Moun sa a, ka reyalize tout bon vre. Atik 29
- Chak kretyen-vivan gen yon seri obligasyon anvè kominote kote li ap viv la. Paske kominote a se sèl kote li kapab alèz pou li devlope pèsonalite li tout bon vre.
- Lè yon moun ap egzèse dwa ak libète li, li pa fèt pou gen lòt limit ke sa Lalwa fikse, pou anpeche moun nan pilonnen dwa lòt moun epi pou fè li obeyi tout prensip ki la pou fè respekte Lalwa, respekte lòd piblik epi respekte byennèz lòt moun nan yon sosyete kote yo pratike demokrasi.
- Kelkeswa sikonstans ki ta prezante, dwa ak libète sa yo pa ka sèvi pou fè anyen ki an dezakò ak vizyon epi ak prensip Nasyonzini yo.
Atik 30Pa gen youn nan dispozisyon ki nan Deklarasyon sa a, yo ka bay yon sans ki pou ta otorize yon nasyon, yon gwoup moun, oswa yon endividi mennen yon aktivite oswa komèt yon zak k ap chache detwi dwa ak libète ki nan Deklarasyon sila a.
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 28 at 2:27pm
|
|
|
Diksyone kreyol
http://www.geocities.com/frenchcreoles/kreyol/krldict.txt
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 28 at 2:31pm
|
|
|
Seksyalite
From Wikipediaseksyalite se ansanm aktivite ki rantre nan zafe fe bagay ant fann ak gason, ant fanm ak fanm, ou ant gason ak gason. nan ka relasyon seksyel ant gason ak fanm, yo rele sa eteroseksyalite. nan ka relasyon seksyel ant fanm ak fanm, ou ant gason ak gason yo rele sa omoseksyalite. seksyalite se yon bagay ki konpleks, kwake li relye ak repwodiksyon, yo pa neseseman menm bagay--- omwen yo pa menm bagay nan ka kretyen vivan. seksyalite ranpli yon kokenn shenn fonksyon psycholojik ki diferan de aspe biolojik ak repwodiktif yo. bet fe bagay le yo anvi fe pitit, men lezom fe bagay plis pou plezi koporel ak emosyonel. depi ou renmen yon moun romantikman, ou gen tandans gen anvi fe bagay ak li. nan sans sa nou itilize seksyalite pou eksprime fizikman sa nou santi nan ke nou. men se pa tout zak seksyel ki relye ak emosyon romantik. kom zafe seksyalite se yon bagay ki konpleks, ap gen deviasyon ke nou ka konsidere kom anomali patho-psycholojik. par egzanp, pedophilya ak besyalite se aktivite patho-psycholojik ke yo ye. pedophilya se yon preferans seksyel pou timoun, besyalite se yon aktivite seksyal avek bet, e necrophilya se fe bagay ak moun mouri
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 28 at 2:35pm
|
|
|
Nou ka defini lengwistik kòm etid de nati e strikti langaj imen (i.e. fason moun pale). Yon lengwist se yon moun ki etidie fenomèn sa yo.
Kreyòl Peyi d Ayiti
Langaj kreyòl—ki baze premieman sou fransè ak pliziè lang Afriken, enfliyans pa lang endien yo, enpe panyòl ak anglè—kapab konklisivman defini kòm Ayisyen, nan sans de lang ki pale pa pèp Ayisyen-an [1]. Wi, variete kreyòl sa atribiye avèk kèlke lòt group ak nasyon avèk istwa similè ak pèp Ayisyen-an, men a fòs de popilasyon estime plis ke 8-milyon jounen jodi-a, majorite kreyolopal se Ayisyen oubyen desandan d Ayisyen.
Si nou defini mo Ayisyen-an kòm konstitisyon peyi d Ayiti-a fè l nan TIT II, Atik 11, kòm :
Nenpòt moun ke manman-l oubyen papa-l se natif natal Ayisyen, si manman-l oubien papa-l pat jamè denonsé nasyonalite yo, moun sa se Ayisyen depi lè l te fèt. Definisyon sa nesesite ke gen Ayisyen ki pa pale kreyòl. Yon moun ka fèt nan nenpòt peyi epi satisfè demand konstitisyonèl sa. Toutfwa, si nou limite definisyon sa a moun ki fèt an Ayiti (moun ke lonbrik yo plante nan peyi-a), ki gen omwen yon paran Ayisyen, proklamasyon-an kòrèk, ki di, « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl », TIT 1, Chapit I, Atik 5(a) konstitisyon Ayisyen-an. Èske w jamè rankontre yon Ayisyen ki satisfè modifikasyon sa-a ki pat pale kreyòl ?
Malgre gran kantite moun ki palé kreyòl, resous ki disponib an kreyòl reyèlman limite. Yon rezon, majorite ekriven Ayisyen, istorikman palé, chwazi pou ekri nan lòt lang (e.g. fransè, anglè). Yon lòt rezon, edikasyon an kreyòl sèlman fèk a nivo primè an Ayiti. Yon rezon plis, enstitisyon Ayisyen yo an gran pati, chwazi pou yo fè biznis yo an fransè. Gras a nouvo teknologi, kòm entènèt la, avèk efò pou kwaze teknoloji avek kreyòl [2], langaj kreyòl Ayisyen an kòmanse avanse pli lwen. Men yon faktè rèste egal, si Malis ak Bouki ekri yon menm fraz en kreyòl, li pap nesesèman vèbatim. Nou fè efò nan vèzyon kreyòl Ayisyen wiki-a pou nou ekri kreyòl nan yon fason ke gran majorite-a kapab li e konprann. Nou envite w pou ou fè kòrèksyon kòm ou wè yo nesesè.
Kreyòl la, Dekode
Baz ki bien etabli yo
Alfabèt kreyòl la konsiste pa venn-sis (26) lèt : sis (6) vwayèl, ak ven (20) konsòn. Tout vwayèl yo itilize pa tout Ayisyen ki ekri an kreyòl, men se pa tout moun ki itilize tout konsòn yo. Gen konsòn ki itilize senpleman nan yon sèl fason, genyen k' prèske pa itilize ditou.
q
Leksikografè kreyòl pa itilize disetièm lèt nan alfabèt la ditou. Tyeke nenpòt diksyonè, ou pap trouve oken mo liste ki kòmanse ak q, oubien yon mo ki gen yon q ladan. Son lèt sa efektivman ranplase pa k nan tout sitiasyon an kreyòl. Si yon non pròp ki soti nan yon langaj romans gen yon q ladan, kèk ekriven ka ekri l nan parantèz aprè kreyòl ekivalan.
h
Yon mo kreyòl ki soti nan fransè ki kòmanse ak yon h mièt, an kreyòl, kòmanse ak vwayèl ki swiv h la, osinon yon lòt konsòn. Pa gen h mièt an kreyòl. Pou rezon sa, h jeneralman pa yon antre nan yon diksyonè.
u
Similè ak h, an kreyòl, u pa kòmanse oken mo, eksepte pètèt si mo-a se yon transkripsyon kèt mo etranje. Kòm c toujou swiv pa yon h pou fòme yon konsòn konpoze (ch), konsa lè o swiv pa u li fòme son yon distenk vwayèl (ou).
c
Yo pa souvan itilize c endepandan an kreyòl. Si yon non pròp ki soti nan yon lòt langaj romans kòmanse a c, kèk ekriven ekri ekivalan mo-a en kreyòl, epi mete non an kòm li ekri nan lòt lang nan an parantèz. Lèt c toujou swiv pa yon h an kreyòl. Kèk mo : chapé, chanjman, chemen, chapo, chimè, chalimo, chich, chamo, cho, chat. Yon eksèpsyon konsiderab se senbòl CL. Nan chimi, reprezantasyon pou eleman klore, epi tou, nimero Romen 150.
x
Konsòn x la pa itilize ditou pa kèk ekriven. Son lèt sa souvan reprezante pa de (2) lòt konbinasyon ks ak gz. Majorite-a itilize Meksik olie de Mexik, leksik olie de lexik, egzanp pito exanp. Gade wè ke ks ak gz klèman divize mo sa yo an distenk silab. Menm ekriven sa yo t’ap chwazi ekspresyon sou expresyon. Malgre, pèsonèlman, mwen panse mo expresyon an se yon meyè mo. Li gen yon distenk son x la nan yon sèl silab, epi ekri kòm e[kspr]esyon, mo-a gonfle tròp konsòn ansanm. Pa gen okenn mo ki kòmanse a x an kreyòl.
w pou ou
An kreyòl, li jeneralman preferab ke youn pa gonfle ni vwayèl ni konsòn ansanm nan kreyasyon yon mo. Mwen meyè ke m[ou]en, oubien mouin. Lwen olie ke louen, swiv pito souiv.
en ak in
Obzève distenksyon ant en ak in. Kèk mo ki fini ak in : in, izin, zepin, latrin. Kèk mo ki fini ak en : en, pen, zen, lwen, pwen.
Lòt Obzèvasyon
Nan atik sa, se pa entansyon m pou mwen agi kòm yon gramèrien. Mwen pa gramèrien. Se pa pou di ke mwen gen anyen kont gramèrien ; aktièlman, nou bezwen tout kantite gramèrien kreyòl posib nou ka jwenn. Mwen se yon itilizatè langaj, patikilièman kreyòl. Tout lavi-m mwen pale kreyòl, e mwen eseye itilize tout resous ki ekri en kreyòl mwen trouve itil. Neanmwen, mwen pataje opinyon poèt Italien Aleksand Manzoni, ki di :
« Langaj dwe posede yon òganik [vivan] omogeneite derive pa lisaj, reflekte oken distenksyon ant langaj literè ak langaj oral ».
Ou sou wiki. Ekri kreyòl la menm jan ou-menm ou pale l ; plen moun ki prè pou modifie ak korije nenpòt atik ou soumèt. Malgre, la, mwen espere m touche sou kèk pwen ak obsèvasyon mwen fè sou lang kreyòl la nan joune pa-m, mwen trouve entèresan, ke m espere, ki petèt kapab pemèt ou pi fasilman exprimé w an kreyòl pa ekriti. Pa egzanp, distenk diferans nan pronon pèsonèl yo an kreyòl konpare ak fransè, plasman atik yo nan yon fraz, kèk nan aksan ki pi souvan itilize yo, etc.
Kontraksyon Atik ak Non
Leksikografè Ayisyen souvan liste kèlke mo de (2) fwa. Pa egzanp, ou ka trouve mo lavi, ak vi nan menm diksyonè-a. Ki fè, yon fraz tankou fraz swivan : Lavi ak lamò depand sou sa w kite bouch ou pale.
Ka regade kòm yon fraz ekri san atik, oubien ki kontrakte atik yo ak non yo (nan ka sa, atik la ak non vi e mò). Sa pa nesesèman yon prensip jeneral. Pa egzanp, konsidere de (2) fraz sa yo : (1) Kisa w fè premieman lè w leve le maten ? (2) Kisa w fè premieman lè w leve lematen ? (ra)
Pa gen okenn enfraksyon nan enfòmasyon ki kominike la, men fraz nimero (1) pi souvan ekri.
Plasman Atik yo
An kreyòl, yon atik ka presede oubien swiv non li modifie-a, selon si fraz la fè sans oralman. Konsidere, (1) Kanaval la bien pase ane-a, san dega, san traka. (2) La kanaval bien pase ane-a, san dega, san traka.
Fraz nimero (1) enfòm en kreyòl. Nimero (2), kontrèman, pa vrèman fè sans. Kote ke, fraz (1) La Bib di, « renmen vrazen w yo kòm pròp tèt ou », ak (2) Bib la di, « renmen vrazen w yo kòm pròp tèt ou »,
Tou de fè bon sans an kreyòl.
Kreyol tou patou
Atik sa se yon agiman kont tradisyon antikreyolis ke plizye pseudo-intelektyel komokyel ayisyen adopte-- yon fenomen ki aparamman gen sous lan devalorizasyon egzistansyel ak kiltirel baze sou prejidis kolonyal.''''
An nou invalide agiman antikreyolis la!!!!! Nan sek tradisyonel intelektyel ayisyen an, gen yon pretansyon lingwistik ki ta vle fe nou asepte ke kreyol la pa sofistike ase pou eksprime ide abtre nan egzesis "kognitif" yo; komsi fakilte intelektyel yon ayisyen pedi yon pousantaj sibstansyel nan "*kapasite ontolojik" li, ke yo konsidere, falasyezman dapre mwen, kom yon kondisyon ki inerant nan nati lang kreyol la. moun ki asepte pozisyon sa gen tandans lonje dwet sou limitasyon aktyel lang kreyol nan abilite pou eksprime "tem konvansyonel syentifik ak filozofik yo". pou ki sa mwen pa dako ak pozisyon sa? se pa paske mwen se yon kiltiralis kap batay pou montre vale eleman kiltirel ke sikonstans nesans mwen atribiye a ekzistans mwen; sa ka yon *motivasyon inkonsyant, men baz agiman mwen kont pozisyon ankreyolis se yon baz analitik: moun ki konsevwa kreyol nou an kom yon lang ki gen yon ti kal "fenet ontolojik" fe ere, paske yo aparamman panse ke tout "limitasyon aktyel" se neseseman yon "limitasyon inerant", ki pa vre di tou. ki diferans ki genyen ant yon "limitasyon aktyel" ak yon "limitasyon inerant"? diferans ki genyen ant de kondisyon sa yo, seke yon "limitasyon aktyel" pa neseseman inerant paske li ka "sikonstansyel" tou. par egzanp, "limitasyon aktyel" yon makak nan konpitasyon aritmetik prime se yon kondisyon inerant( rejyon nan fontenn sevel tet ki rele " neo-cortex" la pa devlope ase nan makak pou pemet li elabore ide abstre ki se operasyon aritmetik sa yo: adisyon, soustraksyon, divizyon ak miltiplikasyon; tandiske limitasyon yon moun ki iletre nan operasyon aritmetik yo se yon kondisyon sikonstansyel. setadi si moun iletre sa te leve nan environman ki te ganranti li omwen yon edikasyon prime, li tap koNpetan nan abilite pou efektye operasyon aritmetik asime ke moun sa se yon moun nomal( li pa kokobe mantal tankou par egzanp yon boulouloum).
Ki sa analoji sa gen pou li we ak tez ke nap diskite ya? menm jan moun ki iletre ya gen yon limitasyon sikonstansyel nan abilite pou efektye operasyon aritmetik_ kwake li toujou gen potensyalite pou li vini konpetan nan egzesis kognitif sa, yon eventyalite ki depann sou eleman ak resous ki implimente nan pwoses aprentisaj moun sa_ limitasyon aktyel lang kreyol la nan eksprime ide abstre filozofik ou syentifik se yon kondisyon sikonstansyel_ sikonstansyel paske nou pa selman neglije pwodiksyon intelektyel nan lang la, nou dekouraje li. yon fenomen ki reprezante yon "sek visye" kote efe ya ( limitasyon ke nou obzeve nan abilite kreyol pou eksprime ide abstre konpleks yo) konfondi pou koz la ( kondisyon akiz la konfondi pou kom koz esansyel la).
kritik antikreyolis yo, pa selman konfonn fakte kozatif limitasyon aparant ke nou obseve nan abilite lang kreyol la pou eksprime ide abstre yo, men yo pa arive reyalize ke lang kreyol la se yon sentez lingwistik, yon sentez ki marye "erop ak afrik"; yon rezilta ki pemet kreyol nou'an abzobe konsep etno-kiltirel mond afriken yan ak mond eropeyen yan. nan konteks sa, kreyol la pap gen yon ti kal "fenet ontolonjik" kom antikreyolis yo falasyezman asime, men plito yon gwo "fenet ontolojik" ki an prinsip ta dwe depase fenet ontolojik respektiv mond konstitiyan yo, afrik ak erop. en konklizyon, se pa ke lang kreyol la pa sofistike ase pou eksprime ide abtre yo, men paske nou tradisyonelman dekouraje, penalize ak ridikilize tout atanta moun ki ta vle devlepe indepandans intelektyel yo nan lang kreyol la.
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2007 March 28 at 3:45pm
|
|
|
Powèm Védrine sa yo ekstrè nan koleksyon: Koze lanmou (dezyèm pati):
Koleksyon Tipowèm Ayisyen Oktosilab (echantiyon)
File se yon lotri |
Lanmou o pliryèl |
File se yon lotri k dwòl |
Lanmou o pliryèl |
Dèfwa w jwe l ou soti |
Vle di mwen ak ou |
Dèfwa w jwe l ou pèdi |
Kòkòt ak Figaro |
Men sa k bon ladan l |
Romero ak Jilyèt |
Sèke w pa bezwen peye |
Lanmou o pliryèl |
Boul yo anvan tiray |
Se lè m ap panse avè w |
Tout jwè ka pran chans yo. |
Wap panse avè m |
Son w lotri k dwòl: |
Len reve lòt je klè |
Ou pa konnen lè wap soti |
Kou nan dòmi |
Ou pa konnen lè wap pèdi |
De gran espri kap kominike |
Men fò w jwe l pou genyen |
Kèlkeswa kote yo ye |
Tyala file dwòl, |
Lanmou o pliryèl |
Li ka reze w. |
Se lè m te fèk wè w |
Ou ka reve bèt volay, |
Ou te fèk wè m |
Ou jwe vennkat |
Epi kè n tap palpite |
Epi karannde fè lo |
Menm lè n potko menm pale. |
Ou pa janm konnen ki boul kap fè Premye, dezyèm, twazyèm lo. |
|
Koleksyon Tipowem Ayisyen Oktosilab (echantiyon)
Tranpòtasyon an Ayiti |
Peripesi yon ti pèp nwa |
Yon sektè k pa janm kontwole |
Pèp ki soti depi Lafrik |
aksidan kote ou pase |
E ki ateri Amerik |
Leta pa janmen di anyen |
Yo ki kase chenn lesklavay |
Se kòmsi vi moun pa anyen |
Pou ka fini ak yon gwo tray |
Plen enjenyè ki diplome |
Pèp nwa ki premye fè listwa |
Menm kannal yo pa ka fouye |
Zòt te di se yo k pot sida |
Vwa pou konstwi wout devlopman |
Yap lage pichon dezinyon |
San ke yo pa rele yon blan. |
Men fò nou pa pran nan presyon. |
Kote kochon kreyòl yo? |
Pòv kap mande nan Pòtoprens |
Zòt soti kote l soti, vin |
Yo bò koridò Marengwen |
Di nou yo gen lafyèv Pòsin |
Wap wè pòv yo nan tout rakwen |
Yon konbinezon matyavèl |
Wap wè yo nan zòn Bwavèna |
Pou peyizan, move nouvèl. |
Si w al Mache Anba. |
Yo ban nou kochon grimèl yo |
Yo grangou, yo bezwen manje |
Pou n toujou rete esklav yo |
Se rezon ki fè yap mande |
Se vre yo di n analfabèt Men nou konnen ke nou pa bèt. |
Ak yon ti kwi kenbe nan men Yap mande moun tout lajounen. |
Jounen Entenasyonal Felix Morisseau-Leroy
O non tout kreyolis kote solèy la pa janm Fèmen je l O non tout moun ki pale kreyòl Tribò-babò anba syèl ble a Nan tout rakwen Kote kretyenvivan respire Sou latè beni Kote tout moun sou latè ap goumen Pou pwoteje kilti natif-natal yo Ak lang matènèl yo O non tout moun nan kat pwenkadino K ap goumen pou chanjman Pou yon demen miyò lakay yo Pou demokrasi boujonnen toupatou Pou chak moun rive souse yon zo Goute ti moso nan pen lenstriksyon O non tout timoun Ayiti Tonma Ki ta renmen ekri ti dedikas sa a Sou yon kaye kenz kòb pou Ton Moriso O non REKA O non Papa Desalin Ki fè m fyè lè m ap pale, lè m ap ekri an kreyòl O non pitit li yo Ak lespri zansèt yo M ap deklare 28 Oktòb 1998 Jounen Entènasyonal Felix Morisseau Leroy Ensiswatil!
—Emmanuel W. Védrine (dènye powèm sa a inedi)
 |
A hillside farm on the island of Gomera, in the Canaries archipelago. —photo by David Henry, 1997 |
Powèm pa Roberto Gibral-Tarik
yon tradiksyon an kreyòl pa E. Védrine
One in a Million Messages from the Historic Million Man March
“Dr. Roberto Gibral-Tarik is a modern day Jack-of-all-Trades, master of a few. He is guru with an incredible bedside manner and impressive credentials to boot. He graduated from SUNY College at Buffalo, New York, with a B.A. in Spanish; received credits toward a M.A. in Bilingual Education from the Instituto de Filología Hispánica in Coahuila, Mexico; obtained a M.A. in Spanish with a concentration in Hispanic Civilization and Culture, and a Ph.D. in Education Administration both from the University of California, Santa Barbara.
Roberto’s Professional career hails from instructor/teaching assistant in the Departments of Spanish/Portuguese and Black Studies at UCSB, to research consultant at the Rand Corporation in Santa Monica, CA.
Dr. Gibral-Tarik captures the spirit that infused this vast assembly in such a way as to make those of us who did not attend bold enough to imagine that we were there.”
—Dr. Chris McAuley Associate Professor of Black Studies
Excerpt from One in a Million
translated to Creole by Emmanuel Védrine
In the Americas, We See… |
Nan Amerik, Nou wè… |
As we look back |
Lè n gade dèyè |
’cross the rivers |
lòtbò rivyè yo |
valleys mountains |
vale yo mòn yo |
oceans continents |
oseyan yo kontinan yo |
the times… |
epòk yo… |
we see kings queens |
nou wè wa rèn |
cultures civilizations |
kilti sivilizasyon |
families religions love |
fanmi relijyon lanmou |
we see… |
nou wè… |
tribes animals grasslands |
tribi zannimo plèn |
manhood sincerity trust |
gason senserite konfyans |
white creatures and ships |
blan ak bato |
we see… |
nou wè… |
shores weapons violations |
rivay zam vyolasyon |
disease death suicide |
maladi lanmò suisid |
pain whips and sails |
doulè fwètkach ak vwal |
we see… |
nou wè… |
slaves slaves slaves |
esklav esklav esklav |
As we look back |
Lè n gade dèyè |
’cross the rivers |
lòtbò rivyè yo |
valleys mountains |
vale yo mòn yo |
oceans continents |
oseyan yo kontinan yo |
the times… |
epòk yo… |
we see… |
nou wè… |
bananas cane bamboo |
plantasyon bannann kann banbou |
tobacco melons |
tabak melon |
coffee beans and cotton |
kafe ak koton |
we hear… |
nou tande… |
songs Deep River |
chante Deep River |
Ma Teodora, Day-O |
Ma Teodora, Day-O |
Kende Ayere, Blues |
Kenbe Ayere, Blues |
we feel… |
nou santi n… |
strong strong strong |
fò fò fò |
As we look back |
Lè n gade |
’cross the rivers |
lòtbò rivyè yo |
valleys mountains |
vale yo mòn yo |
oceans continents… |
oseyan yo kontinan yo… |
the times… |
epòk yo… |
we see escapism |
nou wè mawonay |
FREEDOM segregation |
LIBÈTE separasyon |
discrimination subjugation |
deskriminasyon esklavay |
we see… |
nou wè… |
inequality demonstrations |
pwotestasyon kont inegalite |
uprising riots |
leve-kanpe |
marches Black Voices |
mach Vwa Nwa yo |
we hear… |
nou tande… |
L’Ouverture, Bolívar, |
L’Ouverture, Bolívar, |
Douglas, Martí,“ |
Douglas, Martí, |
DuBois, Garvey, |
DuBois, Garvey, |
Malcolm, King |
Malcolm, King |
As we look back |
Lè n gade dèyè |
’cross the rivers |
lòtbò rivyè yo |
valleys mountains |
vale yo mòn yo |
oceans continents |
oseyans yo kontinan yo |
the times… we see… |
epòk yo… nou wè… |
—Roberto Gibral-Tarik
tradui an kreyòl pa Emmanuel Védrine |
|
Powèm pa Gary S. Daniel
tradui an angle pa Jack Hirschman ak Boadiba |
koukouy |
fireflies |
lò ou leve granmtimaten |
when you get up the early morning |
solèy tanmen kale dèyè mòn bwonze |
the sun’s hatching behind the bronze mountains,hey |
pafen kafe vwazen monte hay! |
the aroma of the neighbor’s coffee is rising |
|
|
ouvè twou nen vonvon’w |
opening your nostrils’ pores |
reveye tout tipwèl anvi’w |
waking all the little hairs of your need |
sou lantouray mande |
at the fence of asking for |
tenbal lodè |
a cup of smells |
pouse w limen |
pushes you to light up |
yon zing poy «comme il faut» |
a tiny butt of “comme il faut” cigarettess |
pou dechaje boulèt kalbas memwa w |
and fire the calabash-bullet of your memory |
soulaje kè nwè yè oswa gou fyèl. |
to relieve your heart of last night’s bad taste |
lò ou chita granntimaten |
when you sit up in the early morning |
solèy ape leve pentire lonbray |
the sun rising is painting the shadow |
kay pay dore, hey! |
of the golden thatched house—hey, |
rele ti machann lèt kaye |
call the vendor of curdled milk, |
machann dlo kokoye |
the vendor of coconut water |
pistach griye ake twade |
roasted peanuts and peanut butter |
k ape pase fè w latitin bètin |
that will pass by enticing you: |
achte si ou kapab |
buy if you can, |
mande si ou pa kapab |
ask if you must, |
ke nenpòt kijan ak yon ti souri mari |
no matter what you decide with an innocent |
ti machann lan ape dekouvri layo l |
smile the little woman will uncover her sell |
boure ak lyann lamitye |
full of love-connection heat |
pou l sonde bòl bibap kè w. |
and sound your bowl of heartbeats. |
lò ou kanpe granmtimaten |
when you stand in the early morning, |
panyen w sou do w pwal nan mache |
a basket on your you’re going to market |
mare senti w twa ne |
your sash tied with three knots |
madanm menm penich li konte! |
madame counts even the pennies! |
koutay pa ekziste; |
shortchanging doesn’t exist, |
lalwèt ret sèk |
throat stays dry, |
koridò limon gòjèt pa tranpe |
that mossy swallow-corridor doesn’t get wet |
platfòm byèl lestomak pa grese |
nor the front of the chest get greasy |
e, gras a tifreng kòd pèpè |
and, thanks to a pile of used clothes, |
ti trip soutni gwo trip |
little guts can support the big ones |
jouk chodyè desann twapye dife. |
til the cooking pot comes off the fire’s three-rock feet |
lò l midi pik, chalè solèy ensipòtab |
at exactly noon, the hot sun unbearable, |
ensipòtab chalè |
the heat intolerable, |
chalè twapye dife mayimoulen kole |
the heat of the three-rock fire of sticky grits |
timoun ape lange, granmoun ape niche |
the kids are tonguing and the grownups licking |
tikras … pa genyen pou demen. |
crumbs… there’s hardly any for tomorrow. |
jouva jouvyen lò l katrè mwen tikras |
days come and go and a little before 4 pm |
lòtbò lakou grenn zaboka sèvi boul |
in the neighbor’s yard an avocado seed serves as ball |
timoun vant plen ape choute |
well-fed kids are kicking, |
sitwon vèt gaye resèt jwè bakoulou |
a green lime nullifies a trick play, |
gòl pati, tèt zòtèy chire |
a goal is made a big toe smashed, |
fil arenyen mare zòbòy bitè. |
a spider web’s tie the scorer’s bunion |
solèy leve, solèy tanmen kouche |
the sun rises, the sun starts lying down |
nan kalfou lyann lamitye kit swèl |
on street corners of sweet and supple friends, |
sou laplas, sou boulva |
in the center of town on the boulevards |
bò lanmè |
along the shoreline |
sou tèt meridyen galita |
up to the very attic-tops |
jouk nan mitan lorizon syèl ak lanmè |
all the way out to the horizon of sky and sea |
lalin voye yon ki kout je |
the moon’s taking a gander |
gade lèzamoure bradsi bradsou |
stealing a peek at lovers holding hands |
ke rosiyòl ape chame ak yanvalou. |
charmed by the nightingale’s dance. |
koukouy klere, zetwal gaye |
fireflies glow, stars scatter, |
pòt klete, granmoun ape ronfle |
doors click shut, folks soon are snoring, |
marengwen ap zwingzifye |
mosquitos buzzing |
sou granchimen grenn pwonmennen |
along the paths of the vagrants |
grenn pa grenn chen ape jape |
one after another dogs are yapping, |
chwèt ape chante: se lè l pou l trase vèvè. |
owls hootings: it’s time for drawing vevers. |
timoun dòmi reve zòtèy rache |
a sleeping kid dreams of torn-off toes, |
lagè pete, boulèt kòken gaye |
war breaking out, traitor bullets scattering, |
nwasè demen |
tomorrow’s in the dark |
pliske l pa konnen sou ki pye |
because he doesn’t know which foot |
li pra l leve. |
he’ll rise up on. |
|
|
veye |
watch |
peyi a vire ron |
the country’s going ’round in circles |
tankou boulje ron |
like round eyeballs |
grangou malere |
of poor people’s hunger |
sou dan wòch Cyvadier |
on the teeth of the rocks at Cyvadier |
mwen ale mwen wè |
I go around watching |
mwen wè nwa |
I see blacks |
mwen wè blan |
I see whites |
mwen wè nwè |
I see the dark |
nwa ak blan |
blacks and whites |
men m pa kwè zòt pa bwè pwa. |
but I don’t think the others are giving up. |
Malere pèdi bondye bon |
the poor lose good god |
konprann li bon najè |
thinking it’s easy swimming |
nan dyare dyòlalèlè |
in the diarrhea of loose talk |
anfouraye nan nwasè bèbè |
losing its way in mute darkness |
mwen mache |
I’m walking around |
mwen tande |
I’m listening |
mwen tande machpye |
I hear footsteps |
sou planch Kalbwa |
on the boardwalk of Kalbwa |
nan lakou plas fènwa |
in the courtyard’s darkened area |
mwen mache kè poze |
I walk without fear |
tout moun sòt filozòf plim |
all dumbbells, are big philosophers |
nan tonnè monte desann konpè pan |
in the rising and falling thunder of stuffed shirts |
«Sur la queue de Smith, Quatherine» |
“on the tail of Smith, Quatherine” |
istwa yon okipasyon fòse pran |
the story of an occupation forced on us |
pèp veye lakou |
people watch the courtyard |
pou l pare kou |
to avoid getting hit |
sou kou ti kou sou klou |
on the neck, whack after whack, |
tout kou se kou |
all whacks are whacks |
ka maske kou ki kou |
masking shots that’ll be shots |
nan lakou san koukou |
in the courtyard without hoot-owls. |
peyi a ap vire ron |
the country’s going ’round in circles |
sou iant lavi sanfren |
on the wheels of life without brakes |
pou sa k genyen toujou genyen |
so that those who always have will go on |
nan lafimen grenn pwonmennen |
in the smoke-wisps of vagrancy |
dòmi pèdi nan jetrèt |
sleep is lost in a cross-eyed head, |
pèdi sèk tras kout tèt |
a lost circle of traces of head-butts |
nan dodomeya vant pase |
in the ease of the diarrhea |
pou kouvri demen pye kase |
to cover the broken foot of tomorrow |
doulè san koule moun ak soulye |
the colorless pain of people with shoes |
moun ak sapat san bòtsanlye |
people with sandals and not big army boots. |
jan mapou jan |
the way of the Mapou tree* |
siklòn ale |
hurricane goes |
siklòn vini |
hurricane comes |
li kanpe king |
he stands firm |
rasin li ponyen tè a |
his roots clutch at the earth |
tankou men kouzen |
like lwa Kouzen’s hand |
nan sak mayi grennen |
down in a bag of cornseeds |
siklòn! siklòn! |
hurricane! hurricane! |
se pa de, se pa twa |
not just two or three |
siklòn david |
hurricane David |
siklòn azèl |
hurricane Hazel |
siklòn endwou |
hurricane Andrew |
siklòn nan sid, siklòn nan nò |
hurricane in the south, hurricane in the north |
siklòn fè mikalaw |
hurricane in bunches |
se pa youn sèl ki kanpe |
it’s not just one that stood up |
pa youn sèl ki chape |
not just one who survived |
ou ki krè l pa de |
you think it isn’t two |
m pa ta krè l twa |
I wouldn’t think it’s three |
mwen di ou se youn nan youn gwo savan |
I’m telling you there’s just one in the vast savannah |
youn gwo pyebwa |
a tall tree |
de twa pil branch |
with lots of branches |
youn voum rasin |
and many roots |
rasin nan nò |
roots in the north |
rasin nan sid |
roots in the south |
nan lès ak lwès |
in the east and in the west |
youn sèl gwo bwa |
a single tall tree |
ak bon jan van |
with a great breeze |
jan bay lespwa |
the kind that brings hope |
jan jodi jan demen |
for today and for tomorrow |
nenpòt kijan youn sèl jan |
anyway there’s only one way |
jan mapou |
the way of the mapou |
mapou jan |
the mapou way |
pa gen kon jan |
there’s nothing like it |
youn sèl pyebwa |
the only tree |
ak bonjan van kreyòl |
with the loveliest Creole breeze |
kreyòl pale kreyòl konprann |
Creole’s spoken Creole’s understood |
siklòn pase siklòn ale |
hurricanes come hurricanes go |
lonbray gaye kont ap tire |
shadow scatter, stories are told |
timtim bwa sèch |
come gather round |
vin pou n koute |
come listen up |
genyen pou tout moun |
there’s enough for all |
anba mapou |
under this mapou tree |
gen bonjan van |
there’s the swellest sort of breeze |
pou tout tan. |
for every season. |
—Gary Daniel / English translation by Jack Hirschman and Boadiba * The title JAN MAPOU JAN is a play on both the name of the mapou (ceiba/oak) tree and Jan Mapou, the noted Haitian poet and creolist.
Pwezi pa Denizé Lauture (Lotu)
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2008 Dec 11 at 1:40pm
|
|
|
ENPOTANS LANG KREYOL
Pa Direkte J.M. Joseph Tout lang ki fèk chita nan tèt yon gwoup moun kap pale li se toujou yon lang ki pa gen ni rele ni reponn. Sa vle di, se yon lang pòv li ye. Pa gen yon lang anba syèl ble a ki ka di li pa gen anyen pou li wè ak règ sa a. Lè yo di kreyòl pa lang paske li pa gen gramè. Sa se bobin! Kreyòl se lang peyi Dayiti ak anpil lòt peyi sou la tè. E se yon lang tankou tout lang. Menm si moun ki manke bon sans pa dakò. Menm si moun ki gen twòp prejije ak moun ki genyen anpil inyorans pa fin dakò : kreyòl rete you lang! Menm si yo di li pa gen ni gramè ni leksik ni diksyonè ni akademi, la syans rekonèt li pou yon lang.
Eta New York pral mete en 2009 la yon biro pou tradwi tout dokiman angle an kreyol. Kreyol konte parmi 6 lang etranje ki pi popile nan vil sa.
Repwòch sa yo rizib anpil! Nan tèt kole avèk lasyans, nou angaje nou nan travay sa a pou nou analyze tout kritik dwat e gòch ki fèt sou lang lan. Nap genyen pou nou montre, selon jan lasyans wè sa, kreyòl se yon lang menm jan ak tout lang.
Anou pale de kesyon gramè an Kesyon gramè an osinon pwoblèm gramè an se yon fo pwoblèm. Si yon lengwis ta vle repwoche kreyòl la yon feblès, se tout lang lengwis sa a ta dwe repwoche. Avan nou antre nan nannan koze an, nou dwe poze tèt nou plizyè kesyon. Èske se lang ki fèt avan gramè oubyen gramè avan yon lang? Èske règ gramè yon lang se nan yon liv li chita avan li koumanse yaya kò li nan tèt moun kap pale lang lan? Kesyon sa yo gen repons. Lang trennen gramè dèyè li tankou you manman poul k ap mache grate ak pitit li dèyè do li. Ekzanp lang fransèz la ka pwouve sa nou di a. lang sa a, yo rive jwenn tras li oubyen fè konesans avèk li nan lane 842 (IXe syèk). Pou kreyòl la te rive jwenn yon estati lengwistik, yon estati sosyal ak yon estati politik, lang sa a tann plis pase sèt syèk avan sa te fèt. Pawòl gramè an, moun ki gen bil sou kè yo kont kreyòl la pa janm sispann pale l. Men se yon ti jwèt. Tout moun k ap reflechi konn sa: lang fransèz la tann plis pase uit syèk avan li te resi genyen yon gramè ki pat pi bon pase sa. Paske grameryen yo te kwè yo te gen dwa fè règ gramè yo tankou yo fè yon lwa sosyal. Gran savan yo di: mesye sa yo te wè lang lan ak yon konsepsyon jiridik. Sa vle di règ gramè an se te yon presèp. San nou pa antre twò fon nan twou je listwa, kite nou di ou sa byen. Se te nan lane 1635, yon gwo zouzoun nan leta ak nan legliz la, yo te rele Richelieu te fonde akademi fransèz la. Se te nan lide pou te pwoteje lang lan epi bali plis jarèt nan fason yap pale li ak nan fason yo tap ekri li. Akademi sa a te gen twa gwo chaj sou zo do li :
premyeman) Fè yon gramè; deuxieman). Fè yon diksyonè; troiziememan) Fè yon trete retorik. Akademi an ki te rasanble tout tèt ki te pi byen fèt nan peyi Lafrans, te pran plis pase twa san swasant lane pou yo te sèlman fè yon gramè ak yon diksyonè. Men se pat pi bon gramè sa a te pi bon pase sa. Gramè premye ti mèt lekòl "Port-Royal" yo te pi bon pase gramè sa a.
Kanta pou trete retorik la, li toujou rete kwoke nan pasaj. Sòti nan lane 1635 pou nou rive nan lane 2008 la, sa fè plis pase twa san swasantrèz lane depi nap tann trete retorik akademi an. Ki lè l ap fin fèt? Pa gen moun ki ko konnen!
Nou pa bezwen pè di li : Youn nan pi gwo sèvis akademi an rann pèp fransè a ak rès moun kap aprann li ak pale fransè, se fè lang lan vini pi difisil pou yo anseye li; fè moun kap aprann li ak pale lang lan fè plis fot. Akademi pa ede moun sove lavi yon lang; se chèlbè li moutre lokitè yo fè nan lang lan. Pwoblèm leksik nan lang kreyòl la Tout lang ki fèk chita nan tèt yon gwoup moun kap pale li se toujou yon lang ki pa gen ni rele ni reponn. Sa vle di, se yon lang pòv li ye. Pa gen yon lang anba syèl ble a ki ka di li pa gen anyen pou li wè ak règ sa a. Lè yo di kreyòl pa lang paske li pa gen gramè. Sa se bobin!
Lè inkredil yo fè je yo pi chèch pase yon malfini chèch ki pran yon poul chèch epi ale manje li sou pat kasav yon pyebwa chèch, pou yo di kreyòl pa lang paske nan chak rejyon yo pale li yon lòt fason se dyèdyè y ap dyèdyè! Pa gen lang ki te fèt ak tout yon gramè ekri! Pa gen lang ki pa prete mo nan men lòt lang pou li tradwi bezwen li! Pa gen you lang sou tè a ki pa tonbe nan sitiyasyon varyasyon an. Fòk nou pa bliye! Gen twa kalite varyasyon nan tout lang: varyasyon semantitik, varyasyon leksikosemantik ak varyasyon fonolojik. Men you ekzanp varyasyon semantik pami yon bann lòt! Nan lwès, "kwoke", se pann oubyen pandye yon rad. Oubyen nenpòt lòt bagay nan yon grenn klou! Nan Nò kwoke se fè lanmou! Hum hum se fe lanmou! Men yon ekzanp varyasyon leksikal! Nan peyi ya tankou nan tout peyi sou late, nou ka jwenn plizyè mo pou nou lonmen yon sèl bagay. Ezanp : kouto digo nan latibonit nan yon pati nan lwès ak nan plato santral. Men nan Tigwav ak yon bann lòt zòn nan Sid la, yo di sèpèt. Pou varyasyon rejyonal nou pa manke sa! Gen ekzanp varyasyon fonolojik tou. Vòlè fè vòlò, chemen fè chimen, mamit fè manmit pou nou site sa yo sèlman. Pwoblèm leksik yo mete sou do lang kreyò la, pa vle di anyen ditou! Fransè ya pa ka fin di ki vale mo li ranmase nan anpil lòt lang pou li ka ranpli leksik pa li a. Aprè tout sa li ranmase nan lang romen yo ak nan lang grèk la ki se de lang moun pa pale ankò, nan lang moun pale yo li pran yon pil ak yon pakèt mo. Pou tout konklizyon, nap di kreyòl se yon lang tankou tout lang. Li lè li tan pou’n retire toute prejije sou kreyol la. Menm jan an tou se pou inivèsite ak lekòl nan peyi a ankouraje travay rechèch yo fèt nan lang kreyòl la. Pwemye gwo piblikasyon syantifik yo ak filozofik yo te fèt byen ta nan lang fransèz la. Kreyòl nou an jèn se vre! Men epòk yo pa menm. Menm jan ak Descartes ki te piblye nan lane 1635 premye travay refleksyon filozofik nan lang fransèz la, moun kap reflechi nan peyi a ka fè menm jan ak filozòf sa a. Nan ICDH nou pratike franse se vre, men nou pap lage kreyol la ni devalorize li, ni sevi ak li pou fe moun ki pa kon pale lang fransèz la abi.
Merci !
|
| Back to Top |
|
| |
elise Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 10289
|
| Posted: 2008 Dec 13 at 10:15am
|
|
|
Bonjou Met D. ansanm avek tout lektè yo :
Eklere lantèn mwen, s.v.p.:
Mwen fek tande sou Ramassë @ http://www.caraibesfm.com/communication.html ke jenn moun pa sipoze di ke yon granmoun "manti"; mo apropriye a se "manto".
M pa janm tande "manto" a lakay mwen ni nan antouraj sosyal mwen. E se tre rarman ke m tande li nan vi m sou radyo, televizyon, ak sou entenet.
M ta renmen konnen konotasyon mo "manti" a, e diferans ant li avek mo "manto" a. Eske mo "manti" se yon mo sal, enpoli, veksan ?
Mesi e bon wikend.
Elise... nèvè tou old to lèn ! 
__________________ "It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky
Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
|
| Back to Top |
|
| |
dilibon Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 7406
|
| Posted: 2008 Dec 13 at 10:48am
|
|
|
Elise,
Manto a nan kilti lakay vre. Di mo "Manti" a te konn konsidere kom maleve, kom manke dega men le yo di "manto" dapre kilti a toujou sa te konn konsidere kom pi akseptab ak lide kom si ou kite espas pou moun nan vinn demontre ke sa lite di a se verite! Jounen jodya le moun fe diferans ant "manti" ak "manto" se pou fe komedi vi pa genyen zafe respe timoun ou pipiti pou granmoun anko nan sosyete a.
|
| Back to Top |
|
| |
elise Senior Member


Joined: 2005 May 25 Location: USA Posts: 10289
|
| Posted: 2008 Dec 13 at 11:17am
|
|
|
Mesi mon frer !
Mezami, menm avek cheve blan, m panko gen rezon pou utilize mo manti a nan akizasyon direk. Epi, se sutou nan diskisyon jeneral ke m ka di "sa se yon gro mansonj"; "ou byen misye ou byen mamzel renmen manti."
Babay !
Elise... nèvè tou old to lèn ! 
__________________ "It is not possible to eat me without insisting that I sing praises of my devourer?" Fyodor Dostoevsky
Simplement dit: Est-elle ingrate la victime qui se plaint contre abus et assaults soufferts ?
|
| Back to Top |
|
| |
|
|
If you wish to post a reply to this topic you must first login If you are not already registered you must first register
|