Email this article Print this Article
3-9-01  
 

Poukisa


Georges Sami Saati


Mwen di tout moun yon GWO Bonjou.
Mwen wè ke nap pale de Georges kòm prezidan, genyen nan nou ki di ke se sa ke nou ta renmen. Mwen remèsye tout moun ki kwè nan mwen yo. Men mwen ta renmen di nou yon fwa ankò ke se yon sitwayen meriken ke mwen ye e mwen pa kandida a la prezidans.

Si se ta mwen ki ta chèf peyi dayiti mwen tap mete lòd nan dezòd avek pasyon, anpil pasyon, mwen tap komanse pa arete tout volè kravate kap detwi peyi depi dikdantan. Mwen pa konn pale fransè mete la, e anpil ladann nou pa tap dakò lè nou fini pa reyalize ke mwen pa nan paspouki.

Mwen konen ke anpil mafya tap pral esaye detwi'm, tapral eseye fè konplo kont mwen, men mwen garanti nou ke mwen tap koresponn avek yo. Mwen tap bayo pou tout kòb yo a. Depi'm ti moun mwen te remake ke vagabon toujou manje bon moun, alòske mwen te deside ke mwen tapral aprann dil avek stil de malfèktè sa yo. Nou pa ta bezwen pè pou mwen, pito se pou zendendenn sa yo kap fè 8 milyon moun pase traz depi de san lane pou'n ta gen pitye.

Sijè la dwann sa a enterese'm anpil e mwen bouke denonse koripsyon sou radyo.

Mwen bezwen mande Minis Bazin sa li ap fè pou rezoud pwoblèm frontiè a. Poukisa nou gen SGS toujou nan peyi a? Poukisa ke nou bezwen kitis pou nou dedwane machandiz? Poukisa la dwann PòtoPrens pa gen yon machinn fotokopy, poukisa la dwann pa gen yon fax, poukisa la dwann pòtre yon biwo ki la depi 1890?

Poukisa chak jou, a pati de 5 maten lè nou pase devan DGI nou wè 300 malere kap tann pou yo fè kat didantite?

Poukisa ke tout lajan ke nou tande peyi etranje ap bay yo, yon milyon dòla a dwat, e milyon dòla a goch, e nou pa janm wè kote lajan sa a pase?

Poukisa lekol yo nan eta ke yo ye a? Ekzanp Ekol di Guatemala nan mitan Petyon Vil, ale fè yon ti vizit ladann pou nou di'm si nou pa wònt ke ti moun pa menm gen tab, pwofesè, lakou a sal pa menm gen yon kouch siman sou li.

Poukisa ke ti misye lapolis yo avek militè nou yo ap soufri konsa a? Poukisa yon polisye ki dòmi nan yo pòs polis oblije reveye ak yon bann boul sou tout kò li lan demen maten?

Poukisa lis magouye ekonomik yo pa janm sòti?

Poukisa nou enpeche biznis mache nan peyi a, e tout moun ap fè fayit?

Poukisa yo pa janm kenbe pwomès yo?

Poukisa ke Teleko pa ka janm bay telefonn? Ki magouye kap regle avek blan yo ke pèsonn pa ka o kouran an?

Poukisa lis Minis Gousse yo poko janm deyò? Poukisa yo poko pran kriminel yo?

Sak ap pase nou bezwen konnen? Poukisa tout negosyasyon kap fèt se sekrè deta?

Ki bagay dwòl kap fèt konsa ke nou paka pale a, ke nou tout boush be a ?

Poukisa se dèyè ti chimè lavalas ke nou ale, e ke nou blye gwo gwo chimè yo?

Sa nou pè konsa? Poukisa bagay yo paka pale? Poukisa tout eskandal lankêt se pouswi toujou?

Kilès nan nou bann teknokrat ki janm jere yon boutik nan vi nou?

Nou pè? Mwen pa pè nou bann Madigwa e nou gen pou nale jwenn Neptinn nan pwizon lè pep la fann dèyè nou.

Nou chita nap jwe avek vi moun, nap pale fransè, nap manje byen, nap regle zafè fanmi nou e nou blye tout lòt moun yo ki bezwen yon ti lespwa, nap peye sa chè sèlman. Tou lè jou pa dimanch e enpinite pa la pou tout tan.

Mwen mèt eseye mete kò'm dousman, pe boush mwen, evite pale nan radyo, nou pran pòz ke nou pa konprann. Lè map gade sakapfèt yo, mwen santi ke tout san'm ap monte nan sèvo'm e mwen oblije vinn pale avek nou nanplas tout lòt moun ki ta renmen pale avek nou e ki paka pale yo, byen ke mwen konnen ke se yon bann SOUD ke nou ye. Peyi a remake ke nou Myiè e nou AVEG.

Lè peyi sa a eklate nan men nou pap gen kouri lòt bò dlo kòm dabitid ankò. Nap oblije vinn reponn zak nou douvan yon twibinal. Mwen bouke di nou ke pa gen BOUKI ankò nan peyi dayiti.

Mwen konnen ke lè mwen pale konsa mwen mete vi'm an danje, mwen map tann nou voye pranm. Gen anpil moun tou kap pwoteje'm.

Aisyien Louvri Je nou pou nou pa pran nan twa rwa e pou nou pa pran nan mera.

Georges Sami Saati
Mekredi 9 fevrye 2005

 

By Georges Sami Saati

Published in more than 30 newspapers around the world.

Miami, Florida
Thursday, June 05, 2003
moun@moun.com
www.moun.com

SHARE THIS MESSAGE WITH YOUR FRIENDS AND HELP THE HAITIAN PEOPLE.

               Email: moun@moun.com
 


Website: www.moun.com • Email: moun@moun.com
© 2002 Moun, All Rights Reserved.
Designed by Manster Web Services. Contact Webmaster.