|
PRENSIP MOUN (MOUVMAN POU UNITE
NASYONAL)
YON ÒGANIZASYON
SOCIO-POLITIK
MOUN se yon òganizasyon socio-politik pou bare wout
diktati ki ta vlé tabli nan péyi Dayiti e ki
chita sou deviz ki maké sou drapo a : Libèté
- Egalité - Fratènité, ak lidé
pou rebati tout peyi a nèt. Men ki sa MOUN gen lide
fè:
- Kreyé yon mouvman sant pwo biznis ki resevwa tout Ayisyen
nèt pou bay pèp la yon lòt jan pou
li sòti nan sa li yé a.
- Ankourajé yon éleksyon tounèf ak
sipo Kominote Entènasyonal la sitou peyi ki zanmi
Ayiti yo pou tabli yon gouvènman lejitim ki reprezante
tout sektè nan sosyeté a ak respè pou
dwa tout moun, lòd ak disiplin.
- Meté ansanm ak fòs polis ki la deja yo pou
tabli lapè ak kè pozé nan peyi a presé
presé pou pèp la ka pran yon souf pou l konn
sa l vle fè ak lavni li.
- Travay pou tabli yon Komité ak moun pwòp
e onèt ki sòti nan tout sektè sosyeté
a pou chéché konnen kilès tout nouvo
kandida k ap parèt yo yé dekwa pou asiré
se moun ki gen valè e ki patryòt k ap vin
edé peyi yo, san bliyé fanm ak lòt
moun ki gen konpetans ak valè solid e ki te pè
parèt kom kandida anvan jounen jodi a.
- Travay pou Ayiti vin modèn pou l vansé nan
devlopman l avèk nouvo lidé ki gen nan lemond
yo gras a alfabetizasyon, edikasyon sivik ak lasanté.
- Fini ak tout chiré pit tout lidè malfektè
ki té mété tout moun dozadoyo té
simen, ak nouvo lide pou tout jèn Ayisyen, fi kou
gason, ka responsab tèt yo, meté travay ki
pou pèmèt yo sèvi peyi a ak konpetans
yo nan respè pou tèt yo ak parèy yo.
- Mete lòd nan tout peyi a pou pèmèt
Aysisyen kou étranjé envesti lajan nan tout
peyi a pou Pòtoprens ka dekonjesyone.
- Modènize agrikilti dekwa pou tout moun ka jwenn
manjé pou mété ekilib nan ekonomi a
pou komès fèt lib epi modènizé
ekonomi an.
- Ankouraje demokrasi toutbon, fè respekte dwa toutmoun,
bati bon jan enstitisyon epi mété estrikti
anplas pou sové sak rété nan anvironman
péyi a.
Georges Saati - President/C.E.O., Simi Global Corporation
Email: moun@moun.com
Harry Joseph - President, Radio Focus International
Email: haitifocus2@yahoo.com
Dr. Ranley Desir - Treasurer
Email: rdesir@pol.net
Ms. Vivianne N. Boulos - Secretary
Email: vivianeboulos@yahoo.com
Carl Fombrun - Advisor
Email: carl@fombrun.com
VIV
AYITI! VIV LAVNI PEYI A!
|